1 Samyèl 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l' ale lavil Asdòd. 2 Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an. 3 Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò. 4 Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete. 5 Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li. 6 Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la. 7 Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou. 8 Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat. 9 Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun. 10 Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la! 11 Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo. 12 Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 5:1
1 Samyèl 5:2
2. the house of Dagon--Stately temples were erected in honor of this idol, which was the principal deity of the Philistines, but whose worship extended over all Syria, as well as Mesopotamia and Chaldea; its name being found among the Assyrian gods on the cuneiform inscriptions [Rawlinson]. It was represented under a monstrous combination of a human head, breast, and arms, joined to the belly and tail of a fish. The captured ark was placed in the temple of Dagon, right before this image of the idol.
1Sa 5:3-5. Dagon Falls Down.
1 Samyèl 5:3-4
3-4. they of Ashdod arose early--They were filled with consternation when they found the object of their stupid veneration prostrate before the symbol of the divine presence. Though set up, it fell again, and lay in a state of complete mutilation; its head and arms, severed from the trunk, were lying in distant and separate places, as if violently cast off, and only the fishy part remained. The degradation of their idol, though concealed by the priests on the former occasion, was now more manifest and infamous. It lay in the attitude of a vanquished enemy and a suppliant, and this picture of humiliation significantly declared the superiority of the God of Israel.
1 Samyèl 5:5
5. Therefore neither the priests ... nor any ... tread on the threshold of Dagon--A superstitious ceremony crept in, and in the providence of God was continued, by which the Philistines contributed to publish this proof of the helplessness of their god.
unto this day--The usage continued in practice at the time when this history was written--probably in the later years of Samuel's life.
1Sa 5:6-12. The Philistines Are Smitten with Emerods.
1 Samyèl 5:6
6. the hand of the Lord was heavy upon them of Ashdod--The presumption of the Ashdodites was punished by a severe judgment that overtook them in the form of a pestilence.
smote them with emerods--bleeding piles, hemorrhoids (Psa 78:66), in a very aggravated form. As the heathens generally regarded diseases affecting the secret parts of the body as punishments from the gods for trespasses committed against themselves, the Ashdodites would be the more ready to look upon the prevailing epidemic as demonstrating the anger of God, already shown against their idol.
1 Samyèl 5:7
7. the ark of God shall not abide with us--It was removed successively to several of the large towns of the country, but the same pestilence broke out in every place and raged so fiercely and fatally that the authorities were forced to send the ark back into the land of Israel [1Sa 5:8-10].
1 Samyèl 5:11
11. they sent--that is, the magistrates of Ekron.
1 Samyèl 5:12
12. the cry of the city went up to heaven--The disease is attended with acute pain, and it is far from being a rare phenomenon in the Philistian plain [Van De Velde].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
