1 Samyèl 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Chak fwa Samyèl te pale tout pèp la te koute l'. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pou y' al goumen ak moun Filisti yo. Konsa, yo moute kan yo bò lavil Ebenezè. Moun Filisti yo menm moute kan pa yo lavil Afèk. 2 Moun Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil (04000) moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an. 3 Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo. 4 Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l' vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a. 5 Lè Bwat Kontra Seyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble. 6 Moun Filisti yo tande rèl la, yo di: -Pouki tout gwo rèl sa a nan kan moun Izrayèl yo? Lè yo vin konnen se Bwat Kontra Seyè a ki te rive nan kan an, 7 yo vin pè, yo t'ap di: -Bondye moun sa yo rive nan kan yo a. Nou nan ka, devenn pa nou! Bagay konsa pa janm rive nou anvan sa! 8 Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a. 9 Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n' goumen tankou vanyan gason! 10 Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (030000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la. 11 Moun Filisti yo te sezi Bwat Kontra Bondye a epi tou de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te mouri. 12 Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn. 13 Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè. 14 Eli tande bri a, li mande: -Pouki tout bri sa a? Nonm lan kouri pote nouvèl la bay Eli. 15 Eli te gen katrevendizwitan sou tèt li, li pa t' wè menm nan je l' ankò. 16 Nonm lan di Eli konsa: -Mwen fèk soti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m' nan batay la vin isit la. Eli di l': -Ki jan sa pase, pitit mwen! 17 Mesaje a reponn, li di l' konsa: -Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a. 18 Nonmen nonm lan nonmen Bwat Kontra a, Eli sot tonbe sou chèz la, li blayi atè devan pòtay la. Li te fin granmoun epi li te gwo anpil. Nwa kou l' kase sèk, li mouri. Li te pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. 19 Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l' akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l' ansanm ak mari l' te mouri, lamenm tranche pran l', li akouche. 20 Men, medam ki te la avè l' yo wè l'ap mouri, yo di l' konsa: -Pran kouraj, machè! Ou fè yon pitit gason. Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo. 21 Li rele ti gason an Ikabòd, epi li di: -Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a. 22 Li t'ap di: -Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 4:1
1Sa 4:1-11. Israel Overcome by the Philistines.
1. the word of Samuel came to all Israel--The character of Samuel as a prophet was now fully established. The want of an "open vision" was supplied by him, for "none of his words were let fall to the ground" (1Sa 3:19); and to his residence in Shiloh all the people of Israel repaired to consult him as an oracle, who, as the medium of receiving the divine command, or by his gift of a prophet, could inform them what was the mind of God. It is not improbable that the rising influence of the young prophet had alarmed the jealous fears of the Philistines. They had kept the Israelites in some degree of subjection ever since the death of Samson and were determined, by further crushing, to prevent the possibility of their being trained by the counsels, and under the leadership, of Samuel, to reassert their national independence. At all events, the Philistines were the aggressors (1Sa 4:2). But, on the other hand, the Israelites were rash and inconsiderate in rushing to the field without obtaining the sanction of Samuel as to the war, or having consulted him as to the subsequent measures they took.
Israel went out against the Philistines to battle--that is, to resist this new incursion.
Eben-ezer ... Aphek--Aphek, which means "strength," is a name applied to any fort or fastness. There were several Apheks in Palestine; but the mention of Eben-ezer determines this "Aphek" to be in the south, among the mountains of Judah, near the western entrance of the pass of Beth-horon, and consequently on the borders of the Philistine territory. The first encounter at Aphek being unsuccessful, the Israelites determined to renew the engagement in better circumstances.
1 Samyèl 4:3-9
3-9. Let us fetch the ark of the covenant of the Lord out of Shiloh unto us--Strange that they were so blind to the real cause of the disaster and that they did not discern, in the great and general corruption of religion and morals (1Sa 2:22-25; 7:3; Psa 78:58), the reason why the presence and aid of God were not extended to them. Their first measure for restoring the national spirit and energy ought to have been a complete reformation--a universal return to purity of worship and morals. But, instead of cherishing a spirit of deep humiliation and sincere repentance, instead of resolving on the abolition of existing abuses, and the re-establishing of the pure faith, they adopted what appeared an easier and speedier course--they put their trust in ceremonial observances, and doubted not but that the introduction of the ark into the battlefield would ensure their victory. In recommending this extraordinary step, the elders might recollect the confidence it imparted to their ancestors (Nu 10:35; 14:44), as well as what had been done at Jericho. But it is more probable that they were influenced by the heathenish ideas of their idolatrous neighbors, who carried their idol Dagon, or his sacred symbols, to their wars, believing that the power of their divinities was inseparably associated with, or residing in, their images. In short, the shout raised in the Hebrew camp, on the arrival of the ark, indicated very plainly the prevalence among the Israelites at this time of a belief in national deities--whose influence was local, and whose interest was especially exerted in behalf of the people who adored them. The joy of the Israelites was an emotion springing out of the same superstitious sentiments as the corresponding dismay of their enemies; and to afford them a convincing, though painful proof of their error, was the ulterior object of the discipline to which they were now subjected--a discipline by which God, while punishing them for their apostasy by allowing the capture of the ark, had another end in view--that of signally vindicating His supremacy over all the gods of the nations.
1Sa 4:12-22. Eli Hearing the Tidings.
1 Samyèl 4:13-18
13-18. Eli sat upon a seat by the wayside--The aged priest, as a public magistrate, used, in dispensing justice, to seat himself daily in a spacious recess at the entrance gate of the city. In his intense anxiety to learn the issue of the battle, he took up his usual place as the most convenient for meeting with passers-by. His seat was an official chair, similar to those of the ancient Egyptian judges, richly carved, superbly ornamented, high, and without a back. The calamities announced to Samuel as about to fall upon the family of Eli [1Sa 2:34] were now inflicted in the death of his two sons, and after his death, by that of his daughter-in-law, whose infant son received a name that perpetuated the fallen glory of the church and nation [1Sa 4:19-22]. The public disaster was completed by the capture of the ark. Poor Eli! He was a good man, in spite of his unhappy weaknesses. So strongly were his sensibilities enlisted on the side of religion, that the news of the capture of the ark proved to him a knell of death; and yet his overindulgence, or sad neglect of his family--the main cause of all the evils that led to its fall--has been recorded, as a beacon to warn all heads of Christian families against making shipwreck on the same rock.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
