1 Samyèl 29

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la. 2 Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l' yo ansanm ak Akich. 3 Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a. 4 Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li. 5 Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil. 6 Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wè ou la avè m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans. 7 Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande! 8 David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m' fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo? 9 Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la. 10 Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou. 11 Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 29:1

1Sa 29:1-5. David Marching with the Philistines to Fight with Israel.

1. Aphek--(Jos 12:8), in the tribe of Issachar, and in the plain of Esdraelon. A person who compares the Bible account of Saul's last battle with the Philistines, with the region around Gilboa, has the same sort of evidence that the account relates what is true, that a person would have that such a battle as Waterloo really took place. Gilboa, Jezreel, Shunem, En-dor, are all found, still bearing the same names. They lie within sight of each other. Aphek is the only one of the cluster not yet identified. Jezreel on the northern slope of Gilboa, and at the distance of twenty minutes to the east, is a large fountain, and a smaller one still nearer; just the position which a chieftain would select, both on account of its elevation and the supply of water needed for his troops [Hackett, Scripture Illustrated].

1 Samyèl 29:2

2. David and his men passed on in the rereward with Achish--as the commander of the lifeguards of Achish, who was general of this invading army of the Philistines.

1 Samyèl 29:3

3. these days, or these years--He had now been with the Philistines a full year and four months (1Sa 27:7), and also some years before. It has been thought that David kept up a private correspondence with this Philistine prince, either on account of his native generosity, or in the anticipation that an asylum in his territories would sooner or later be needed.

1 Samyèl 29:4

4. the princes of the Philistines were wroth with him--It must be considered a happy circumstance in the overruling providence of God to rescue David out of the dangerous dilemma in which he was now placed. But David is not free from censure in his professions to Achish (1Sa 29:8), to do what he probably had not the smallest purpose of doing--of fighting with Achish against his enemies. It is just an instance of the unhappy consequences into which a false step--a departure from the straight course of duty--will betray everyone who commits it.

1 Samyèl 29:9

9. notwithstanding the princes of the Philistines have said--The Philistine government had constitutional checks--or at least the king was not an absolute sovereign; but his authority was limited--his proceedings liable to be controlled by "the powerful barons of that rude and early period--much as the kings of Europe in the Middle Ages were by the proud and lawless aristocracy which surrounded them" [Chalmers].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.