1 Samyèl 30
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalèk yo te gen tan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt. 2 Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo. 3 Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout. 4 David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò. 5 Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl. 6 David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj. 7 David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David. 8 David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo. 9 Se konsa David pati avèk sisan (0600) mesye ki te avè l' yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la. 10 David menm kontinye sou wout li avèk katsan (0400) moun. Lòt desan (0200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a. 11 Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè. 12 Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo. 13 David mande l': -Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m' dèyè, paske mwen te malad. 14 Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag. 15 David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a. 16 Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo. 17 Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (0400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale. 18 David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. 19 David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen. 20 Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la. 21 David t'ap tounen, li rive bò desan (0200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou. 22 Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo. 23 Men David di yo konsa: -Frè m' yo, nou pa ka fè sa ak sa Seyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou. 24 Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen. 25 Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl. 26 Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo. 27 Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati, 28 bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa, 29 bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo, 30 bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak, 31 bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 30:1-3
Introduction
While David is absent with the army of Achish, the Amalekites invade Ziklag, and burn it with fire, and carry away captive David's wives, and those of his men, 1Sam 30:1, 1Sam 30:2. David and his men return; and, finding the desolate state of their city, are greatly affected, 1Sam 30:3-5. The men mutiny, and threaten to stone David, who encourages himself in the Lord, 1Sam 30:6. David inquires of the Lord, and is directed to pursue the Amalekites, with the promise that he shall recover all, 1Sam 30:7, 1Sam 30:8. He and his men begin the pursuit, but two hundred, through fatigue are obliged to stay behind at the brook Besor, 1Sam 30:9, 1Sam 30:10. They find a sick Egyptian, who directs them in their pursuit, 1Sam 30:11-15. David finds the Amalekites secure, feasting on the spoils they had taken; he attacks and destroys the whole host, except four hundred, who escape on camels, 1Sam 30:16, 1Sam 30:17. The Israelites recover their wives, their families, and all their goods, 1Sam 30:18-20. They come to the two hundred who were so faint as not to be able to pursue the enemy, with whom they divide the spoil; and this becomes a statute in Israel, 1Sam 30:21-25. David sends part of the spoil which he had taken to different Jewish cities, which had suffered by the incursion of the Amalekites; and where David and his men had been accustomed to resort, 1Sam 30:26-31.
Verse 1
On the third day - This was the third day after he had left the Philistine army at Aphek. Calmet supposes that Aphek was distant from Ziklag more than thirty leagues.
The Amalekites had invaded - These were, doubtless, a travelling predatory horde, who, availing themselves of the war between the Philistines and the Israelites, plundered several unprotected towns, and among them Ziklag. It is likely they had not heard of what David did to some of their tribes, else they would have avenged themselves by slaying all they found in Ziklag.
1 Samyèl 30:4-5
Verse 4
Wept, until they had no more power to weep - This marks great distress; they wept, as says the Vulgate, till their tears failed them.
1 Samyèl 30:6
Verse 6
The people spake of stoning him - David had done much to civilize those men; but we find by this of what an unruly and ferocious spirit they were; and yet they strongly felt the ties of natural affection, they "grieved every man for his sons and for his daughters."
David encouraged himself in the Lord - He found he could place very little confidence in his men; and, as he was conscious that this evil had not happened either through his neglect or folly, he saw he might the more confidently expect succor from his Maker.
1 Samyèl 30:7-8
Verse 7
Bring me hither the ephod - It seems as if David had put on the ephod, and inquired of the Lord for himself; but it is more likely that he caused Abiathar to do it.
1 Samyèl 30:9-11
Verse 9
The brook Besor - This had its source in the mountain of Idumea, and fell into the Mediterranean Sea beyond Gaza. Some suppose it to have been the same with the river of the wilderness, or the river of Egypt. The sense of this and the following verse is, that when they came to the brook Besor, there were found two hundred out of his six hundred men so spent with fatigue that they could proceed no farther. The baggage or stuff was left there, 1Sam 30:24, and they were appointed to guard it.
1 Samyèl 30:12
Verse 12
A cake of figs - See on 1Sam 25:18 (note).
1 Samyèl 30:13
Verse 13
My master left me, because three days agone I fell sick - This was very inhuman: though they had booty enough, and no doubt asses sufficient to carry the invalids, yet they left this poor man to perish; and God visited it upon them, as he made this very person the means of their destruction, by the information which he was enabled to give to David and his men.
1 Samyèl 30:14
Verse 14
Upon the south of the Cherethites - Calmet and others maintain, that the כרתי kerethi, which, without the points, might be read Creti, were not only at this time Philistines, but that they were aborigines of Crete, from which they had their name Cherethites or Cretans, and are those of whom Zephaniah speaks, Zep 2:5 : Wo to the inhabitants of the sea-coasts, the nation of the Cherethites. And by Ezekiel, Eze 25:16 : Behold, I will stretch out mine hand upon the Philistines, and will cut off the Cherethim. In 2Sam 15:18 we find that the Cherethites formed a part of David's guards.
South of Caleb - Somewhere about Kirjath-arba, or Hebron, and Kirjath-sepher; these being in the possession of Caleb and his descendants.
1 Samyèl 30:15
Verse 15
Swear unto me - At the conclusion of this verse, the Vulgate, Syriac, and Arabic add, that David swore to him. This is not expressed in the Hebrew, but is necessarily implied.
1 Samyèl 30:16
Verse 16
Out of the land of the Philistines - That these Amalekites were enemies to the Philistines is evident, but it certainly does not follow from this that those whom David destroyed were enemies also. This, I think, has been too hastily assumed by Dr. Chandler and others, in order the better to vindicate the character of David.
1 Samyèl 30:17-19
Verse 17
There escaped not a man of them - It is well known to every careful reader of the Bible, that the Amalekites were a proscribed people, even by God himself, and that in extirpating them it has been supposed David fulfilled the express will of God. But all this depends on whether he had an express commission to do so, received from God himself, as Saul had.
1 Samyèl 30:20-21
Verse 20
And David took all the flocks - He and his men not only recovered all their own property, but they recovered all the spoil which these Amalekites had taken from the south of Judah, the Cherethites, and the south of Caleb. When this was separated from the rest, it was given to David, and called David's spoil.
1 Samyèl 30:22
Verse 22
Men of Belial - This is a common expression to denote the sour, the rugged, the severe, the idle, and the profane.
1 Samyèl 30:23-24
Verse 23
That which the Lord hath given us - He very properly attributes this victory to God; the numbers of the Amalekites being so much greater than his own. Indeed, as many fled away on camels as were in the whole host of David.
1 Samyèl 30:25
Verse 25
He made it a statute and an ordinance for Israel - Nothing could be more just and proper than this law: he who stays at home to defend house and property, has an equal right to the booty taken by those who go out to the war. There was a practice of this kind among the Israelites long before this time; see Num 31:27; Jos 22:8; and the note on this latter verse.
Unto this day - This is another indication that this book was composed long after the facts it commemorates. See the hypothesis in the preface.
1 Samyèl 30:26
Verse 26
Unto the elders of Judah - These were the persons among whom he sojourned during his exile, and who had given him shelter and protection. Gratitude required these presents.
1 Samyèl 30:27
Verse 27
To them which were in Beth-el - This was in the tribe of Ephraim.
South Ramoth - So called to distinguish it from Ramoth Gilead, beyond Jordan. This Ramoth belonged to the tribe of Simeon, Jos 19:8.
In Jattir - Supposed by Calmet to be the same as Ether, Jos 15:42, but more probably Jattir, Jos 15:48. It was situated in the mountains, and belonged to Judah.
1 Samyèl 30:28
Verse 28
In Aroer - Situated beyond Jordan, on the banks of the river Arnon, in the tribe of God.
Siphmoth - Supposed to be the same with Shepham, Num 34:10, on the eastern border of the promised land.
Eshtemoa - Another city in the tribe of Judah. See Jos 15:50.
1 Samyèl 30:29
Verse 29
Them which were in Rachal - We know not where this place was; it is mentioned nowhere else in the Bible. Calmet conjectures that Hachilah, 1Sam 23:19, may be the same place; here we know David did conceal himself for some time, till the Ziphites endeavored to betray him to Saul.
The cities of the Jerahmeelites - See before, 1Sam 27:10 (note).
And - the cities of the Kenites - A very small tract on the southern coast of the Dead Sea.
1 Samyèl 30:30
Verse 30
Hormah - The general name of those cities which belonged to Arad, king of Canaan; and were devoted to destruction by the Hebrews, and thence called Hormah. See Num 21:1-3.
In Chor-ashan - Probably the same as Ashan in the tribe of Judah: see Jos 15:42 (note). It was afterwards ceded to Simeon, Jos 19:7.
To them which were in Athach - Probably the same as Ether, Jos 19:7.
1 Samyèl 30:31
Verse 31
To them which were in Hebron - This was a place strongly attached to David, and David to it, and the place where he was proclaimed king, and where he reigned more than seven years previously to the death of Ishbosheth, Saul's son, who was, for that time, his competitor in the kingdom.
David's having sent presents to all these places, not only shows his sense of gratitude, but that the booty which he took from the Amalekites must have been exceedingly great. And we learn from this also that David sojourned in many places which are not mentioned in the preceding history; for these are all said to be places where David and his men were wont to haunt.
We are not to suppose that the transactions mentioned here and in the preceding chapter took place after Saul's interview with the woman of En-dor, they were considerably antecedent to this, but how long we do not know. What is recorded in the following chapter must have taken place the next day after Saul left En-dor.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
