1 Samyèl 28
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen. 2 David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wè sa m' ka fè. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fè ou gad kò mwen pou tout tan. 3 Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo. 4 Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa. 5 Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li soti pè, kè l' pran bat byen fò. 6 Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo. 7 Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò. 8 Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'. 9 Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'? 10 Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a. 11 Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen. 12 Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil! 13 Wa a di l': -Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: -Mwen wè yon lespri k'ap moute soti anba tè a. 14 Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 15 Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè. 16 Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa? 17 Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito. 18 Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a. 19 Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. 20 Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten. 21 Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a. 22 Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou. 23 Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan. 24 Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven. 25 Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 28:1
1Sa 28:1-6. Achish's Confidence in David.
1. The Philistines gathered their armies together for warfare, to fight with Israel--The death of Samuel, the general dissatisfaction with Saul, and the absence of David, instigated the cupidity of those restless enemies of Israel.
Achish said to David, Know thou assuredly, that thou shalt go out with me to battle--This was evidently to try him. Achish, however, seems to have thought he had gained the confidence of David and had a claim on his services.
1 Samyèl 28:2
2. Surely thou shalt know what thy servant can do--This answer, while it seemed to express an apparent cheerfulness in agreeing to the proposal, contained a studied ambiguity--a wary and politic generality.
Therefore will I make thee keeper of mine head for ever--or, "my life"; that is, "captain of my bodyguard," an office of great trust and high honor.
1 Samyèl 28:3
3. Now Samuel is dead, &c.--This event is here alluded to as affording an explanation of the secret and improper methods by which Saul sought information and direction in the present crisis of his affairs. Overwhelmed in perplexity and fear, he yet found the common and legitimate channels of communication with Heaven shut against him. And so, under the impulse of that dark, distempered, superstitious spirit which had overmastered him, he resolved, in desperation, to seek the aid of one of those fortune telling impostors whom, in accordance with the divine command (Le 19:31; 20:6, 27; De 18:11), he had set himself formerly to exterminate from his kingdom.
1 Samyèl 28:4
4. the Philistines ... pitched in Shunem--Having collected their forces for a last grand effort, they marched up from the seacoast and encamped in the "valley of Jezreel." The spot on which their encampment was fixed was Shunem (Jos 19:18), now Sulem, a village which still exists on the slope of a range called "Little Hermon." On the opposite side, on the rise of Mount Gilboa, hard by "the spring of Jezreel," was Saul's army--the Israelites, according to their wont, keeping to the heights, while their enemies clung to the plain.
1Sa 28:7-25. Saul Seeks a Witch, Who, Being Encouraged by Him, Raises Up Samuel.
1 Samyèl 28:7-14
7-8. Then said Saul unto his servants, Seek me a woman that hath a familiar spirit--From the energetic measures which he himself had taken for extirpating the dealers in magical arts (the profession having been declared a capital offense), his most attached courtiers might have had reason to doubt the possibility of gratifying their master's wish. Anxious inquiries, however, led to the discovery of a woman living very secluded in the neighborhood, who had the credit of possessing the forbidden powers. To her house he repaired by night in disguise, accompanied by two faithful servants.
En-dor--"the fountain of the circle" (that figure being constantly affected by magicians) was situated directly on the other side of the Gilboa range, opposite Tabor; so that, in this midnight adventure, Saul had to pass over the shoulder of the ridge on which the Philistines were encamped.
1 Samyèl 28:24
24. the woman had a fat calf ... and she hasted, and killed it, &c.--(See on Ge 18:1-8).
1 Samyèl 28:25
25. Then they rose up, and went away that night--Exhausted by long abstinence, overwhelmed with mental distress, and now driven to despair, the cold sweat broke on his anxious brow, and he sank helpless on the ground. But the kind attentions of the woman and his servants having revived him, he returned to the camp to await his doom.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
