1 Samyèl 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò. 2 David leve ansanm ak sisan (0600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat. 3 David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl. 4 Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li. 5 David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la. 6 Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo. 7 David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo. 8 Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip. 9 Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich. 10 Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo. 11 Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a. 12 Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 27:1
1Sa 27:1-4. Saul Hearing That David Was Fled to Gath, Seeks No More for Him.
1. David said in his heart, ... there is nothing better for me than that I should speedily escape into the land of the Philistines--This resolution of David's was, in every respect, wrong: (1) It was removing him from the place where the divine oracle intimated him to remain (1Sa 22:5); (2) It was rushing into the idolatrous land, for driving him into which he had denounced an imprecation on his enemies (1Sa 26:19); (3) It was a withdrawal of his counsel and aid from God's people. It was a movement, however, overruled by Providence to detach him from his country and to let the disasters impending over Saul and his followers be brought on by the Philistines.
1 Samyèl 27:2-3
2-3. Achish, the son of Maoch, king of Gath--The popular description of this king's family creates a presumption that he was a different king from the reigning sovereign on David's first visit to Gath. Whether David had received a special invitation from him or a mere permission to enter his territories, cannot be determined. It is probable that the former was the case. From the universal notoriety given to the feud between Saul and David, which had now become irreconcilable, it might appear to Achish good policy to harbor him as a guest, and so the better pave the way for the hostile measures against Israel which the Philistines were at this time meditating.
1Sa 27:5-12. David Begs Ziklag of Achish.
1 Samyèl 27:5
5. let them give me a place in some town in the country--It was a prudent arrangement on the part of David; for it would prevent him being an object of jealous suspicion, or of mischievous plots among the Philistines. It would place his followers more beyond the risk of contamination by the idolatries of the court and capital; and it would give him an opportunity of making reprisals on the freebooting tribes that infested the common border of Israel and the Philistines.
1 Samyèl 27:6
1 Samyèl 27:8
1 Samyèl 27:10
10. Achish said, Whither have ye made a road to-day?--that is, raid, a hostile excursion for seizing cattle and other booty.
David said, Against the south of Judah, and against the south of the Jerahmeelites--Jerahmeel was the great-grandson of Judah, and his posterity occupied the southern portion of that tribal domain.
the south of the Kenites--the posterity of Jethro, who occupied the south of Judah (Jud 1:16; Nu 24:21). The deceit practised upon his royal host and the indiscriminate slaughter committed, lest any one should escape to tell the tale, exhibit an unfavorable view of this part of David's history.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
