1 Samyèl 26
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moun ki rete nan dezè Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mòn Akila a, sou limit dezè peyi Jida a. 2 Sayil pati lamenm avèk twamil (03000) sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David. 3 Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a, 4 li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a. 5 David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'. 6 David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou. 7 Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou. 8 Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa. 9 Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a. 10 Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè. 11 Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale. 12 David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo. 13 Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a. 14 Li pran rele sòlda yo ak Abnè, pitit gason Nè a, li di yo konsa: -Abnè o! Eske ou tande mwen? Abnè reponn: -Kilès k'ap rele nan zòrèy wa a konsa? 15 David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avè ou nan peyi Izrayèl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mèt ou, pi byen? Talè a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a. 16 Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a? 17 Sayil rekonèt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa! 18 Apre sa, li di ankò: -Chèmèt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sèvi ou la? Kisa m' fè? Ki krim mwen fè? 19 Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye. 20 Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye! 21 Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm. 22 David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fè yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'. 23 Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. 24 Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo. 25 Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fè mache byen! Apre sa, David al fè wout li, Sayil menm tounen lakay li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 26:1
Introduction
The Ziphites inform Saul of David's hiding place, 1Sam 26:1. Saul, with three thousand men, goes in pursuit of him, 1Sam 26:2, 1Sam 26:3. David sends out spies; and finds where Saul had pitched his camp; and he and Abishai come to the camp by night, find all asleep, and bring away Saul's spear, and the cruse of water that was at his head, 1Sam 26:4-12. David goes to the opposite hill; awakes Abner, captain of Saul's host; chides him for being so careless of his master's life; and calls on Saul to send one of his servants for the spear; and severely chides him for his continued hostility to him, 1Sam 26:13-24. Saul humbles himself to David; promises to persecute him no more; and returns to his own place, 1Sam 26:25.
Verse 1
The Ziphites came - This is the second time that these enemies of David endeavored to throw him into the hands of Saul. See 1Sam 23:19.
1 Samyèl 26:2-4
Verse 2
Three thousand chosen men - Though they knew that David was but six hundred strong, yet Saul thought it was not safe to pursue such an able general with a less force than that mentioned in the text; and, that he might the better depend on them, they were all elect or picked men out of the whole of his army.
1 Samyèl 26:5
Verse 5
David arose - As David and his men knew the country, they had many advantages over Saul and his men; and no doubt could often watch them without being discovered.
Saul lay in the trench - The word במעגל bammaegal, which we translate in the trench, and in the margin in the midst of his carriages, is rendered by some in a ring of carriages, and by others in the circle, i.e., which was formed by his troops. Luther himself translates it wagenburg, a fortress formed of wagons or carriages.
As עגל agal signifies any thing round, it may here refer to a round pavilion or tent made for Saul, or else to the form of his camp. The Arabs, to the present day, always form a circle in their encampments, and put their principal officers in the center.
1 Samyèl 26:6-7
Verse 6
Abishai the son of Zeruiah - She was David's sister; and therefore Abishai and Joab were nephews to David.
1 Samyèl 26:8-9
Verse 8
God hath delivered thine enemy into thine hand - Here Abishai uses the same language as did David's men, when Saul came into the cave at En-gedi, (see 1Sam 24:4, etc.), and David uses the same language in reply.
1 Samyèl 26:10-11
Verse 10
The Lord shall smite him - He shall die by a stroke of the Divine judgment; or his day shall come to die - he shall die a natural death; which in the course of things must be before mine, and thus I shall get rid of mine enemy; or he shall descend into the battle, and perish - he shall fall by the enemies of his country. These are the three ordinary ways by which man accomplishes, as a hireling, his day. Murder David could not consider to be lawful; this would have been taking the matter out of God's hand, and this David would not do.
1 Samyèl 26:12-14
Verse 12
David took the spear and the cruse - The spear, we have already seen, was the emblem of power and regal dignity. But it is usual, in Arab camps, for every man to have his lance stuck in the ground beside him, that he may be ready for action in a moment. The cruse of water resembled, in some measure, the canteens of our soldiers. In such a climate, where water was always scarce, it was necessary for each man to carry a little with him, to refresh him on his march.
A deep sleep from the Lord - It is the same word which is used, Gen 2:21, to describe the sleep which God caused to fall upon Adam, when he formed Eve out of his side.
1 Samyèl 26:15-18
Verse 15
Art not thou a valiant man? - This is a strong irony. Ye are worthy to die; ye are sons of death - ye deserve death for this neglect of your king. And had not Saul been so deeply affected with David's generosity in preserving his life, he had doubtless put Abner and his chief officers to death; though they were not to blame, as their apparent neglect was the effect of a supernatural sleep.
1 Samyèl 26:19
Verse 19
Let him accept an offering - If God have stirred thee up against me, why, then, let him deliver my life into thy hand, and accept it as a sacrifice. But as the word is מנחה minchah, a gratitude-offering, perhaps the sense may be this: Let God accept a gratitude-offering from thee, for having purged the land of a worker of iniquity; for, were I not such, God would never stir thee up against me.
But if they be the children of men - If men have, by false representations, lies, and slanders, stirred thee up against an innocent man, then let them be cursed before the Lord. If I am guilty, I deserve to die; if not, those who seek my life should be destroyed.
Saying, Go, serve other gods - His being obliged to leave the tabernacle, and the place where the true worship of God was performed, and take refuge among idolaters, said in effect, Go, serve other gods.
1 Samyèl 26:20
Verse 20
As when one doth hunt a partridge - It is worthy of remark that the Arabs, observing that partridges, being put up several times, soon become so weary as not to be able to fly; they in this manner hunt them upon the mountains, till at last they can knock them down with their clubs.
It was in this manner that Saul hunted David, coming hastily upon him, and putting him up from time to time, in hopes that he should at length, by frequent repetitions of it, be able to destroy him. See Harmer.
1 Samyèl 26:21-24
Verse 21
I have sinned - Perhaps the word חטאתי chatathi, "I have sinned," should be read, I have erred, or, have been mistaken. I have taken thee to be a very different man from what I find thee to be. Taken literally it was strictly true. He often purposed the spilling of David's blood; and thus, again and again, sinned against his life.
1 Samyèl 26:25
Verse 25
Thou shalt both do great things, and also shalt still prevail. - The Hebrew is גם עשה תעשה וגם יכל תוכל gam asoh thaaseh, vegam yachol tuchal; "Also in doing thou shalt do, and being able thou shalt be able; which the Targum translates, also in reigning thou shalt reign, and in prospering thou shalt prosper; which in all probability is the meaning.
There is a vast deal of dignity in this speech of David, arising from a consciousness of his own innocence. He neither begs his life from Saul, nor offers one argument to prevail upon him to desist from his felonious attempts, but refers the whole matter to God, as the judge and vindicator of oppressed innocence. Saul himself is speechless, except in the simple acknowledgment of his sin; and in the behalf of their king not one of his officers has one word to say! It is strange that none of them offered now to injure the person of David; but they saw that he was most evidently under the guardian care of God, and that their master was apparently abandoned by him. Saul invites David to return, but David knew the uncertainty of Saul's character too well to trust himself in the power of this infatuated king. How foolish are the counsels of men against God! When he undertakes to save, who can destroy? And who can deliver out of his hands?
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
