1 Samyèl 25

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an. 2 Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil (03.000) tèt mouton ak mil (01000) tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo. 3 Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo. 4 Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo. 5 Li voye dis jenn gason bò kote l'. Li di yo konsa: -Moute lavil Kamèl, ale lakay Nabal, n'a di l' mwen voye bonjou pou li. 6 Men sa n'a di l': David, frè ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou. 7 Li tande ou ap taye lenn mouton ou yo. Li voye di ou lè gadò mouton ou yo te avèk nou, nou pa t' janm fè yo anyen. Yo pa janm pèdi anyen pandan tout tan yo te nan zòn Kamèl la. 8 Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan. 9 Mesye David yo rive vre, yo bay Nabal komisyon an nan non David. Epi yo rete tann. 10 Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo. 11 Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti? 12 Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di. 13 David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan (0400) nan mesye yo ale avèk David. Lòt desan yo (0200) rete dèyè ak pwovizyon yo. 14 Yonn nan domestik Nabal yo al avèti Abigayèl, madanm Nabal, li di l': -David te voye kèk mesaje soti nan dezè a avèk bèl bonjou pou mèt nou an. Men li menm, li pale mal ak yo. 15 Men, mesye sa yo te bon pou nou: Yo pa t' janm chache nou kont. Nou pa t' janm pèdi anyen pandan tout tan nou te la ansanm ak yo nan savann lan. 16 Yo te pwoteje nou lajounen kou lannwit pandan tout tan nou te la nan mitan yo ap pran swen bann mouton nou yo. 17 Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li. 18 Abigayèl prese pran desan (0200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (0200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik. 19 Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen. 20 Abigayèl te moute sou yon bourik. Li t'ap desann yon ti mòn lè li rive nan yon koub, li tonbe bab pou bab ak David ki t'ap mache sou li ansanm ak mesye l' yo. Yo kontre. 21 David t'ap di nan kè li: -Sa m' te bezwen pwoteje tou sa nonm sa a te genyen nan dezè a fè? Li pa janm pèdi anyen nan sa ki te pou li. Epi se konsa l'ap peye m' pou tout byen mwen fè pou li yo? 22 Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun. 23 Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l' ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. 24 Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou. 25 Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo. 26 Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal. 27 Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo. 28 Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou. 29 Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Seyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l' tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal. 30 Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la, 31 wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'. 32 David di Abigayèl konsa: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m'! 33 Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm. 34 Seyè a pa kite m' fè ou anyen. Men tou, si ou pa t' prese vin kontre avè m', mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, anvan denmen maten tout gason fanmi Nabal yo, ata ti gason piti yo, t'ap pèdi lavi yo. 35 Abigayèl renmèt David tou sa li te pote, epi David di l': -Tounen lakay ou ak kè poze! Mwen koute tou sa ou di m' la a. Ou pa bezwen bat kò ou. 36 Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten. 37 Nan maten, lè Nabal fin desoule, madanm li rakonte l' tout bagay. Msye fè yon kriz kè, li vin paralize nan tout kò l'. 38 Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri. 39 Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm. 40 Moun David yo al jwenn Abigayèl lavil Kamèl. Yo pale avè l', yo di l' konsa: -David voye nou bò kote ou pou nou mennen ou ba li pou l' sa marye avè ou. 41 Abigayèl leve, li lage kò l' ajenou, li bese tèt li atè epi li di: -Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m' lave pye moun pa l' yo. 42 Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l' lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David. 43 David te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl koulye a, sa te fè l' de madanm. 44 Sayil menm bò pa l' te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l' ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 25:1

1Sa 25:1-9. Samuel Dies.

1. Samuel died--After a long life of piety and public usefulness, he left behind him a reputation which ranks him among the greatest of Scripture worthies.

buried him in his house at Ramah--that is, his own mausoleum. The Hebrews took as great care to provide sepulchers anciently as people do in the East still, where every respectable family has its own house of the dead. Often this is in a little detached garden, containing a small stone building (where there is no rock), resembling a house, which is called the sepulcher of the family--it has neither door nor window.

David arose, and went down to the wilderness of Paran--This removal had probably no connection with the prophet's death; but was probably occasioned by the necessity of seeking provision for his numerous followers.

the wilderness of Paran--stretching from Sinai to the borders of Palestine in the southern territories of Judea. Like other wildernesses, it presented large tracts of natural pasture, to which the people sent their cattle at the grazing season, but where they were liable to constant and heavy depredations by prowling Arabs. David and his men earned their subsistence by making reprisals on the cattle of these freebooting Ishmaelites; and, frequently for their useful services, they obtained voluntary tokens of acknowledgment from the peaceful inhabitants.

1 Samyèl 25:2

2. in Carmel--now Kurmul. The district takes its name from this town, now a mass of ruins; and about a mile from it is Tell Main, the hillock on which stood ancient Maon.

the man was very great--His property consisted in cattle, and he was considered wealthy, according to the ideas of that age.

1 Samyèl 25:3

3. he was of the house of Caleb--of course, of the same tribe with David himself; but many versions consider Caleb ("dog") not as a proper, but a common noun, and render it, "he was snappish as a dog."

1 Samyèl 25:4-9

4-9. Nabal did shear his sheep, and David sent out ten young men, &c.--David and his men lurked in these deserts, associating with the herdsmen and shepherds of Nabal and others and doing them good offices, probably in return for information and supplies obtained through them. Hence when Nabal held his annual sheep-shearing in Carmel, David felt himself entitled to share in the festival and sent a message, recounting his own services and asking for a present. "In all these particulars we were deeply struck with the truth and strength of the biblical description of manners and customs almost identically the same as they exist at the present day. On such a festive occasion, near a town or village, even in our own time, an Arab sheik of the neighboring desert would hardly fail to put in a word either in person or by message; and his message, both in form and substance, would be only a transcript of that of David" [Robinson].

1Sa 25:10-13. The Churlish Answer Provokes Him.

1 Samyèl 25:10-12

10-12. Nabal answered David's servants, ... Who is David? &c.--Nabal's answer seems to indicate that the country was at the time in a loose and disorderly state. David's own good conduct, however, as well as the important services rendered by him and his men, were readily attested by Nabal's servants. The preparations of David to chastise his insolent language and ungrateful requital are exactly what would be done in the present day by Arab chiefs, who protect the cattle of the large and wealthy sheep masters from the attacks of the marauding border tribes or wild beasts. Their protection creates a claim for some kind of tribute, in the shape of supplies of food and necessaries, which is usually given with great good will and gratitude; but when withheld, is enforced as a right. Nabal's refusal, therefore, was a violation of the established usages of the place.

1 Samyèl 25:13

13. two hundred abode by the stuff--This addition to his followers was made after his return into Judah (see 1Sa 22:2).

1Sa 25:14-35. Abigail Pacifies Him.

1 Samyèl 25:14-18

14-18. Then Abigail made haste--The prudence and address of Nabal's wife were the means of saving him and family from utter destruction. She acknowledged the demand of her formidable neighbors; but justly considering, that to atone for the insolence of her husband, a greater degree of liberality had become necessary, she collected a large amount of food, accompanying it with the most valued products of the country.

bottles--goatskins, capable of holding a great quantity.

parched corn--It was customary to eat parched corn when it was fully grown, but not ripe.

1 Samyèl 25:19

19. she said unto her servants, Go on before me; behold, I come after you--People in the East always try to produce an effect by their presents, loading on several beasts what might be easily carried by one, and bringing them forward, article by article, in succession. Abigail not only sent her servants in this way, but resolved to go in person, following her present, as is commonly done, to watch the impression which her munificence would produce.

1 Samyèl 25:23

23. she hasted, and lighted off the ass, and fell before David on her face--Dismounting in presence of a superior is the highest token of respect that can be given; and it is still an essential act of homage to the great. Accompanying this act of courtesy with the lowest form of prostration, she not only by her attitude, but her language, made the fullest amends for the disrespect shown by her husband, as well as paid the fullest tribute of respect to the character and claims of David.

1 Samyèl 25:25

25. Nabal--signifying fool, gave pertinence to his wife's remark.

1 Samyèl 25:26

26. let thine enemies ... be as Nabal--be as foolish and contemptible as he.

1 Samyèl 25:29

29. the soul of my lord shall be bound in the bundle of life with the Lord thy God--An Orientalism, expressing the perfect security of David's life from all the assaults of his enemies, under the protecting shield of Providence, who had destined him for high things.

1 Samyèl 25:32-35

32-35. David said to Abigail, Blessed be the Lord--Transported by passion and blinded by revenge, he was on the eve of perpetrating a great injury. Doubtless, the timely appearance and prudent address of Abigail were greatly instrumental in changing his purpose. At all events, it was the means of opening his eyes to the moral character of the course on which he had been impetuously rushing; and in accepting her present, he speaks with lively satisfaction as well as gratitude to Abigail, for having relieved him from bloodshed.

1Sa 25:36-44. Nabal's Death.

1 Samyèl 25:36

36. he held a feast in his house, like the feast of a king--The sheep-shearing season was always a very joyous occasion. Masters usually entertained their shepherds; and even Nabal, though of a most niggardly disposition, prepared festivities on a scale of sumptuous liberality. The modern Arabs celebrate the season with similar hilarity.

1 Samyèl 25:37-38

37-38. in the morning ... his wife had told him these things, that his heart died within him--He probably fainted from horror at the perilous situation in which he had unconsciously placed himself; and such a shock had been given him by the fright to his whole system, that he rapidly pined and died.

1 Samyèl 25:39-42

39-42. the Lord hath returned the wickedness of Nabal upon his own head--If this was an expression of pleasure, and David's vindictive feelings were gratified by the intelligence of Nabal's death, it was an instance of human infirmity which we may lament; but perhaps he referred to the unmerited reproach (1Sa 25:10, 11), and the contempt of God implied in it.

David sent and communed with Abigail, to take her to wife--This unceremonious proceeding was quite in the style of Eastern monarchs, who no sooner take a fancy for a lady than they despatch a messenger to intimate their royal wishes that she should henceforth reside in the palace; and her duty is implicitly to obey. David's conduct shows that the manners of the Eastern nations were already imitated by the great men in Israel; and that the morality of the times which God permitted, gave its sanction to the practice of polygamy. His marriage with Abigail brought him a rich estate.

1 Samyèl 25:44

44. Michal--By the unchallengeable will of her father, she who was David's wife was given to another. But she returned and sustained the character of his wife when he ascended the throne.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.