1 Samyèl 24
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Sayil tounen soti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezè Angedi a. 2 Sayil pran twamil (03000) sòlda nan pèp Izrayèl la, sa ki te fò anpil nan fè lagè. Epi li pati al chache David ak mesye l' yo sou solèy leve Wòch Kabrit mawon yo. 3 Li rive devan yon gwòt ki te toupre yon pak mouton bò wout la. Li antre nan gwòt la al fè bezwen li. David menm te kache nan fon gwòt la ansanm ak mesye l' yo. 4 Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa. 5 Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a. 6 Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa. 7 David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li. 8 Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 9 Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou? 10 Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa. 11 Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'. 12 Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou. 13 Jan pwovèb granmoun lontan yo di: Se moun mechan ki fè mechanste! Men mwen p'ap leve men m' sou ou. 14 Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis? 15 Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou. 16 Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye. 17 Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou. 18 Jòdi a ankò, ou fè m' wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Seyè a lage m' nan men ou, ou pa touye m'. 19 Lè yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lènmi l', èske l'ap kite l' al fè wout li san li pa fè l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a. 20 Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm. 21 Men tanpri, pwomèt mwen, nan non Seyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m' pa disparèt nan fanmi papa m'. 22 David pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l' yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 24:2
1Sa 24:1-7. David in a Cave at Engedi Cuts Off Saul's Skirt, but Spares His Life.
2. Saul ... went ... to seek David ... upon the rocks of the wild goats--Nothing but the blind infatuation of fiendish rage could have led the king to pursue his outlawed son-in-law among those craggy and perpendicular precipices, where were inaccessible hiding places. The large force he took with him seemed to give him every prospect of success. But the overruling providence of God frustrated all his vigilance.
1 Samyèl 24:3
3. he came to the sheepcotes--most probably in the upper ridge of Wady Chareitun. There a large cave--I am quite disposed to say the cave--lies hardly five minutes to the east of the village ruin, on the south side of the wady. It is high upon the side of the calcareous rock, and it has undergone no change since David's time. The same narrow natural vaulting at the entrance; the same huge natural chamber in the rock, probably the place where Saul lay down to rest in the heat of the day; the same side vaults, too, where David and his men were concealed. There, accustomed to the obscurity of the cavern, they saw Saul enter, while, blinded by the glare of the light outside, he saw nothing of him whom he so bitterly persecuted.
1 Samyèl 24:4-7
4-7. the men of David said ... Behold the day of which the Lord said unto thee, Behold, I will deliver thine enemy into thine hand--God had never made any promise of delivering Saul into David's hand; but, from the general and repeated promises of the kingdom to him, they concluded that the king's death was to be effected by taking advantage of some such opportunity as the present. David steadily opposed the urgent instigations of his followers to put an end to his and their troubles by the death of their persecutor (a revengeful heart would have followed their advice, but David rather wished to overcome evil with good, and heap coals of fire upon his head); he, however, cut off a fragment from the skirt of the royal robe. It is easy to imagine how this dialogue could be carried on and David's approach to the king's person could have been effected without arousing suspicion. The bustle and noise of Saul's military men and their beasts, the number of cells or divisions in these immense caverns (and some of them far interior) being enveloped in darkness, while every movement could be seen at the cave's mouth--the probability that the garment David cut from might have been a loose or upper cloak lying on the ground, and that Saul might have been asleep--these facts and presumptions will be sufficient to account for the incidents detailed.
1Sa 24:8-15. He Urges Thereby His Innocency.
1 Samyèl 24:8-15
8-15. David also arose ... and went out of the cave, and cried after Saul--The closeness of the precipitous cliffs, though divided by deep wadies, and the transparent purity of the air enable a person standing on one rock to hear distinctly the words uttered by a speaker standing on another (Jud 9:7). The expostulation of David, followed by the visible tokens he furnished of his cherishing no evil design against either the person or the government of the king, even when he had the monarch in his power, smote the heart of Saul in a moment and disarmed him of his fell purpose of revenge. He owned the justice of what David said, acknowledged his own guilt, and begged kindness to his house. He seems to have been naturally susceptible of strong, and, as in this instance, of good and grateful impressions. The improvement of his temper, indeed, was but transient--his language that of a man overwhelmed by the force of impetuous emotions and constrained to admire the conduct, and esteem the character, of one whom he hated and dreaded. But God overruled it for ensuring the present escape of David. Consider his language and behavior. This language--"a dead dog," "a flea," terms by which, like Eastern people, he strongly expressed a sense of his lowliness and the entire committal of his cause to Him who alone is the judge of human actions, and to whom vengeance belongs, his steady repulse of the vindictive counsels of his followers; the relentings of heart which he felt even for the apparent indignity he had done to the person of the Lord's anointed; and the respectful homage he paid the jealous tyrant who had set a price on his head--evince the magnanimity of a great and good man, and strikingly illustrate the spirit and energy of his prayer "when he was in the cave" (Psa 142:1).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
