1 Samyèl 16
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa. 2 Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. 3 W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'. 4 Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la? 5 Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou. 6 Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l': -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi. 7 Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. 8 Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi. 9 Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi. 10 Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo. 11 Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. 12 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. 13 Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama. 14 Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'. 15 Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou! 16 Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman. 17 Sayil di moun k'ap sèvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen. 18 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li. 19 Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen. 20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a. 21 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sèvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo. 22 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil. 23 Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 16:1
1Sa 16:1-10. Samuel Sent by God to Bethlehem.
1. the Lord said unto Samuel, How long wilt thou mourn for Saul--Samuel's grief on account of Saul's rejection, accompanied, doubtless, by earnest prayers for his restitution, showed the amiable feelings of the man; but they were at variance with his public duty as a prophet. The declared purpose of God to transfer the kingdom of Israel into other hands than Saul's was not an angry menace, but a fixed and immutable decree; so that Samuel ought to have sooner submitted to the peremptory manifestation of the divine will. But to leave him no longer room to doubt of its being unalterable, he was sent on a private mission to anoint a successor to Saul (see on 1Sa 10:1). The immediate designation of a king was of the greatest importance for the interests of the nation in the event of Saul's death, which, to this time, was dreaded; it would establish David's title and comfort the minds of Samuel and other good men with a right settlement, whatever contingency might happen.
I have provided me a king--The language is remarkable, and intimates a difference between this and the former king. Saul was the people's choice, the fruit of their wayward and sinful desires for their own honor and aggrandizement. The next was to be a king who would consult the divine glory, and selected from that tribe to which the pre-eminence had been early promised (Ge 49:10).
1 Samyèl 16:2
2. How can I go?--This is another instance of human infirmity in Samuel. Since God had sent him on this mission, He would protect him in the execution.
I am come to sacrifice--It seems to have been customary with Samuel to do this in the different circuits to which he went, that he might encourage the worship of God.
1 Samyèl 16:3
3. call Jesse to the sacrifice--that is, the social feast that followed the peace offering. Samuel, being the offerer, had a right to invite any guest he pleased.
1 Samyèl 16:4
4. the elders of the town trembled at his coming--Beth-lehem was an obscure town, and not within the usual circuit of the judge. The elders were naturally apprehensive, therefore, that his arrival was occasioned by some extraordinary reason, and that it might entail evil upon their town, in consequence of the estrangement between Samuel and the king.
1 Samyèl 16:5
5. sanctify yourselves--by the preparations described (Ex 19:14, 15). The elders were to sanctify themselves. Samuel himself took the greatest care in the sanctification of Jesse's family. Some, however, think that the former were invited only to join in the sacrifice, while the family of Jesse were invited by themselves to the subsequent feast.
1 Samyèl 16:6-10
6-10. Samuel said, Surely the Lord's anointed is before him--Here Samuel, in consequence of taking his impressions from the external appearance, falls into the same error as formerly (1Sa 10:24).
1Sa 16:11-14. He Anoints David.
1 Samyèl 16:11
11. There remaineth yet the youngest, and, behold, he keepeth the sheep--Jesse having evidently no idea of David's wisdom and bravery, spoke of him as the most unfit. God, in His providence, so ordered it, that the appointment of David might the more clearly appear to be a divine purpose, and not the design either of Samuel or Jesse. David having not been sanctified with the rest of his family, it is probable that he returned to his pastoral duties the moment the special business on which he had been summoned was done.
1 Samyèl 16:12
12. he was ruddy, &c.--Josephus says that David was ten, while most modern commentators are of the opinion that he must have been fifteen years of age.
1 Samyèl 16:13
13. Then Samuel took the horn of oil, and anointed him--This transaction must have been strictly private.
1 Samyèl 16:14-18
14-18. The Spirit of the Lord departed from Saul, and an evil spirit from the Lord troubled him--His own gloomy reflections, the consciousness that he had not acted up to the character of an Israelitish king, the loss of his throne, and the extinction of his royal house, made him jealous, irritable, vindictive, and subject to fits of morbid melancholy.
1 Samyèl 16:19
19. Saul sent messengers unto Jesse, and said, Send me David--In the East the command of a king is imperative; and Jesse, however reluctant and alarmed, had no alternative but to comply.
1 Samyèl 16:20
20. Jesse took an ass laden with bread, and a bottle of wine, and a kid, and sent them ... unto Saul--as a token of homage and respect.
1 Samyèl 16:21
21. David came to Saul--Providence thus prepared David for his destiny, by placing him in a way to become acquainted with the manners of the court, the business of government, and the general state of the kingdom.
became his armour-bearer--This choice, as being an expression of the king's partiality, shows how honorable the office was held to be.
1 Samyèl 16:23
23. David took an harp, and played with his hand: so Saul was refreshed, and was well--The ancients believed that music had a mysterious influence in healing mental disorders.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
