1 Samyèl 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a. 2 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip. 3 Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik. 4 Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil (0200.000) sòlda apye ki te moun Izrayèl ak dimil (010.000) sòlda ki te moun Jida. 5 Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L' al kache kò li nan yon ravin chèch. 6 Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo. 7 Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip. 8 Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye. 9 Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye. 10 Seyè a pale ak Samyèl, li di l' konsa: 11 -Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a. 12 Nan denmen maten, bonè bonè, li soti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil t' ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal. 13 Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m' lòd fè. 14 Samyèl mande l': -Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa? 15 Sayil reponn li: -Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. 16 Samyèl di l' konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m' di ou sa Seyè a te vin di m' lannwit lan. Sayil di li: -Pale non! 17 Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t' anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la? 18 Li voye ou ale avèk lòd espre pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout. 19 Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi. 20 Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye. 21 Men sòlda mwen yo pa t' touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Seyè a, Bondye ou la. 22 Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a. 23 Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò! 24 Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a. 25 Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a. 26 Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. 27 Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire. 28 Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou. 29 Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl. 30 Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la. 31 Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a. 32 Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò! 33 Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal. 34 Lèfini, Samyèl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya. 35 Depi lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l' lapenn anpil pou Sayil. Seyè a menm te règrèt deske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 15:1
1Sa 15:1-6. Saul Sent to Destroy Amalek.
1. Samuel also said unto Saul, The Lord sent me to anoint thee ...: now therefore hearken thou unto ... the Lord--Several years had been passed in successful military operations against troublesome neighbors. During these Saul had been left to act in a great measure at his own discretion as an independent prince. Now a second test is proposed of his possessing the character of a theocratic monarch in Israel; and in announcing the duty required of him, Samuel brought before him his official station as the Lord's vicegerent, and the peculiar obligation under which he was laid to act in that capacity. He had formerly done wrong, for which a severe rebuke and threatening were administered to him (1Sa 13:13, 14). Now an opportunity was afforded him of retrieving that error by an exact obedience to the divine command.
1 Samyèl 15:2-3
2-3. Amalek--the powerful tribe which inhabited the country immediately to the eastward of the northern Cushites. Their territory extended over the whole of the eastern portion of the desert of Sinai to Rephidim--the earliest opponent (De 25:18; Ex 17:8-16)--the hereditary and restless enemy of Israel (Nu 14:45; Jud 3:13; 6:3), and who had not repented (1Sa 14:48) of their bitter and sleepless hatred during the five hundred years that had elapsed since their doom was pronounced. Being a people of nomadic habits, they were as plundering and dangerous as the Bedouin Arabs, particularly to the southern tribes. The national interest required, and God, as King of Israel, decreed that this public enemy should be removed. Their destruction was to be without reservation or exception.
I remember--I am reminded of what Amalek did--perhaps by the still remaining trophy or memorial erected by Moses (Ex 17:15, 16).
1 Samyèl 15:4
1 Samyèl 15:5
5. Saul came to a city of Amalek--probably their capital.
laid wait in the valley--following the strategic policy of Joshua at Ai (Jos 8:4).
1 Samyèl 15:6
6. Kenites--(See on Jud 1:16). In consequence, probably, of the unsettled state of Judah, they seem to have returned to their old desert tracts. Though now intermingled with the Amalekites, they were not implicated in the offenses of that wicked race; but for the sake of their ancestors, between whom and those of Israel there had been a league of amity, a timely warning was afforded them to remove from the scene of danger.
1Sa 15:7-9. He Spares Agag and the Best of the Spoil.
1 Samyèl 15:7-9
7-9. Saul smote the Amalekites--His own view of the proper and expedient course to follow was his rule, not the command of God.
1 Samyèl 15:10-11
10-11. Then came the word of the Lord unto Samuel, saying, It repenteth me that I have set up Saul--Repentance is attributed in Scripture to Him when bad men give Him cause to alter His course and method of procedure, and to treat them as if He did "repent" of kindness shown. To the heart of a man like Samuel, who was above all envious considerations, and really attached to the king, so painful an announcement moved all his pity and led him to pass a sleepless night of earnest intercession.
1 Samyèl 15:12
12. Saul came to Carmel--in the south of Judah (Jos 15:55; 1Sa 25:2).
he set him up a place--that is, a pillar (2Sa 18:18); literally, a hand, indicating that whatever was the form of the monument, it was surmounted, according to the ancient fashion, by the figure of a hand, the symbol of power and energy. The erection of this vainglorious trophy was an additional act of disobedience. His pride had overborne his sense of duty in first raising this monument to his own honor, and then going to Gilgal to offer sacrifice to God.
1 Samyèl 15:13-23
13-23. Saul said unto him, Blessed be thou of the Lord: I have performed the commandment of the Lord--Saul was either blinded by a partial and delusive self-love, or he was, in his declaration to Samuel, acting the part of a bold and artful hypocrite. He professed to have fulfilled the divine command, and that the blame of any defects in the execution lay with the people. Samuel saw the real state of the case, and in discharge of the commission he had received before setting out, proceeded to denounce his conduct as characterized by pride, rebellion, and obstinate disobedience. When Saul persisted in declaring that he had obeyed, alleging that the animals, whose bleating was heard, had been reserved for a liberal sacrifice of thanksgiving to God, his shuffling, prevaricating answer called forth a stern rebuke from the prophet. It well deserved it--for the destination of the spoil to the altar was a flimsy pretext--a gross deception, an attempt to conceal the selfishness of the original motive under the cloak of religious zeal and gratitude.
1 Samyèl 15:24-26
24-26. I have sinned ... turn again with me, that I may worship the Lord--The erring, but proud and obstinate monarch was now humbled. He was conscience-smitten for the moment, but his confession proceeded not from sincere repentance, but from a sense of danger and desire of averting the sentence denounced against him. For the sake of public appearance, he besought Samuel not to allow their serious differences to transpire, but to join with him in a public act of worship. Under the influence of his painfully agitated feelings, he designed to offer sacrifice, partly to express his gratitude for the recent victory, and partly to implore mercy and a reversal of his doom. It was, from another angle, a politic scheme, that Samuel might be betrayed into a countenancing of his design in reserving the cattle for sacrificing. Samuel declined to accompany him.
I feared the people, and obeyed their voice--This was a different reason from the former he had assigned. It was the language of a man driven to extremities, and even had it been true, the principles expounded by Samuel showed that it could have been no extenuation of the offense. The prophet then pronounced the irreversible sentence of the rejection of Saul and his family. He was judicially cut off for his disobedience.
1 Samyèl 15:27-28
27-28. he laid hold upon the skirt of his mantle--the moil, upper tunic, official robe. In an agony of mental excitement, he took hold of the prophet's dress to detain him; the rending of the mantle [1Sa 15:27] was adroitly pointed to as a significant and mystical representation of his severance from the throne.
1 Samyèl 15:29
29. the Strength of Israel will not lie--Hebrew, "He that gives a victory to Israel," a further rebuke of his pride in rearing the Carmel trophy, and an intimation that no loss would be sustained in Israel by his rejection.
1 Samyèl 15:31
31. Samuel turned again after Saul--not to worship along with him; but first, that the people might have no ground, on pretense of Saul's rejection, to withdraw their allegiance from him; and secondly, to compensate for Saul's error, by executing God's judgment upon Agag.
1 Samyèl 15:32
32. Agag came unto him delicately--or cheerfully, since he had gained the favor and protection of the king.
1 Samyèl 15:33
33. Samuel hewed Agag--This cruel tyrant met the retribution of a righteous Providence. Never has it been unusual for great or official personages in the East to perform executions with their own hands. Samuel did it "before the Lord" in Gilgal, appointing that same mode of punishment (hitherto unknown in Israel) to be used towards him, which he had formerly used towards others.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
