1 Wa 9

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo, 2 Seyè a te fè Salomon wè l' ankò, menm jan li te fè l' wè l' lavil Gabawon an. 3 Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'. 4 Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan, 5 m'a kenbe pwomès mwen te fè David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la. 6 Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye, 7 lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li. 8 Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa. 9 y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye malè sa a sou yo. 10 Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a. 11 Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a. 12 Iram kite peyi l', Tir, li desann al wè lavil Salomon te ba li yo. Men, li pa t' renmen yo. 13 Li di Salomon konsa: -Se lavil sa yo ou wè pou ou ban mwen, frè mwen! Yo pa vo anyen. Se poutèt sa, depi lè sa a rive jòdi a, yo rele zòn sa a Nan Kaboul. 14 Iram te voye senk tòn lò an total bay Salomon. 15 Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè. 16 Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon. 17 Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an, 18 lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a. 19 Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo. 20 Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 21 Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a. 22 Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo. 23 Te gen senksansenkant (0550) fòmann gouvènè yo te nonmen reskonsab travay li yo. Se yo ki t'ap dirije moun ki t'ap travay yo. 24 Pitit fi farawon an kite Lavil David la, l' al rete nan palè Salomon te bati pou li a. Se apre sa Salomon fè ranbleye pòsyon ki bay sou solèy leve a. 25 Twa fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Seyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Seyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l' la. 26 Wa Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou Edon an. 27 wa Iram te voye kèk moun peyi l' ki te bon maren pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. 28 Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 9:1

1Ki 9:1-9. God's Covenant in a Second Vision with Solomon.

1. And it came to pass, when Solomon had finished the building of the house--This first verse is connected with 1Ki 9:11, all that is contained between 1Ki 9:2-10 being parenthetical.

1 Wa 9:2

2. That--rather, "For."

the Lord appeared--This appearance was, like the former one at Gibeon, most probably made in a supernatural vision, and on the night immediately following the dedication of the temple (2Ch 7:12). The strain of it corresponds to this view, for it consists of direct answers to his solemn inaugural prayer (1Ki 9:3 is in answer to 1Ki 8:29; 1Ki 9:4, 5 is in answer to 1Ki 8:25, 26; 1Ki 9:6-9 to 1Ki 8:33-46; see also De 29:22-24).

1 Wa 9:8

8. this house, which is high--"high," either in point of situation, for it was built on a hill, and therefore conspicuous to every beholder; or "high" in respect to privilege, honor, and renown; or this "house of the Most High," notwithstanding all its beauty and magnificence, shall be destroyed, and remain in such a state of ruin and degradation as to be a striking monument of the just judgment of God. The record of this second vision, in which were rehearsed the conditions of God's covenant with Solomon and the consequences of breaking them, is inserted here as a proper introduction to the narrative about to be given of this king's commercial enterprises and ambitious desire for worldly glory; for this king, by encouraging an influx of foreign people and a taste for foreign luxuries, rapidly corrupted his own mind and that of this subjects, so that they turned from following God, they and their children (1Ki 9:6).

1Ki 9:10-23. The Mutual Presents of Solomon and Hiram.

1 Wa 9:10

10. at the end of twenty years--Seven and a half years were spent in building the temple, and twelve and a half or thirteen in the erection of his palace (1Ki 7:1; 2Ch 8:1). This verse is only a recapitulation of 1Ki 9:1, necessary to recover the thread of connection in the narrative.

1 Wa 9:11

11. Solomon gave Hiram twenty cities in the land of Galilee--According to Josephus, they were situated on the northwest of it, adjacent to Tyre. Though lying within the boundaries of the promised land (Ge 15:18; Jos 1:4), they had never been conquered till then, and were inhabited by Canaanite heathens (Jud 4:2-13; 2Ki 15:29). They were probably given to Hiram, whose dominions were small, as a remuneration for his important services in furnishing workmen, materials, and an immense quantity of wrought gold (1Ki 9:14) for the temple and other buildings [Michaelis]. The gold, however, as others think, may have been the amount of forfeits paid to Solomon by Hiram for not being able to answer the riddles and apothegms, with which, according to Josephus, in their private correspondence, the two sovereigns amused themselves. Hiram having refused these cities, probably on account of their inland situation making them unsuitable to his maritime and commercial people, Solomon satisfied his ally in some other way; and, taking these cities into his own hands, he first repaired their shattered walls, then filled them with a colony of Hebrews (2Ch 8:2).

1 Wa 9:15-25

15-24. this is the reason of the levy--A levy refers both to men and money, and the necessity for Solomon making it arose from the many gigantic works he undertook to erect.

Millo--part of the fort of Jerusalem on Mount Zion (2Sa 5:9; 1Ch 11:8), or a row of stone bastions around Mount Zion, Millo being the great corner tower of that fortified wall (1Ki 11:27; 2Ch 32:5).

the wall of Jerusalem--either repairing some breaches in it (1Ki 11:27), or extending it so as to enclose Mount Zion.

Hazor--fortified on account of its importance as a town in the northern boundary of the country.

Megiddo--(now Leijun)--Lying in the great caravan road between Egypt and Damascus, it was the key to the north of Palestine by the western lowlands, and therefore fortified.

Gezer--on the western confines of Ephraim, and, though a Levitical city, occupied by the Canaanites. Having fallen by right of conquest to the king of Egypt, who for some cause attacked it, it was given by him as a dowry to his daughter, and fortified by Solomon.

1 Wa 9:26

26. Ezion-geber, which is beside Eloth--These were neighboring ports at the head of the eastern or Elanitic branch of the Red Sea. Tyrian ship carpenters and sailors were sent there for Solomon's vessels (see on 2Ch 8:17, 18).

Ezion-geber--that is, "the giant's backbone"; so called from a reef of rocks at the entrance of the harbor.

Eloth--Elim or Elath; that is, "the trees"; a grove of terebinths still exists at the head of the gulf.

1 Wa 9:28

28. Ophir--a general name, like the East or West Indies with us, for all the southern regions lying on the African, Arabian, or Indian seas, in so far as at that time known [Heeren].

gold, four hundred and twenty talents--(See on 2Ch 8:18). At 125 pounds Troy, or 1500 ounces to the talent, and about £4 to the ounce, this would make £2,604,000.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.