1 Wa 8

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan. 2 Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon. 3 Lè tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo reyini, prèt yo pran Bwat Kontra a, 4 yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute. 5 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil. 6 Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo. 7 Zèl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo. 8 Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou. 9 Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Seyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. 10 Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. 11 Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt. 12 Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa. 13 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan. 14 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, li di konsa: 15 -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m', lè li te di l' konsa: 16 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 17 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 18 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen. 19 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen. 20 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 21 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip. 22 Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye, 23 li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo. 24 Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m' lan. Tou sa ou te di, ou fè l' rive vre jòdi a. 25 Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la. 26 Se konsa, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, papa m', sèvitè ou la. 27 Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a! 28 Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a. 29 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a. 30 Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou. 31 Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a, 32 ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la, w'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis. 33 Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, Bondye, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit nan Tanp sa a, 34 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te bay zansèt yo a. 35 Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo rele non ou, 36 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche wa a ansanm ak peche pèp Izrayèl la. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou rele l' pa l' la. 37 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la, 38 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou, 39 tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun. 40 Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo. 41 Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini isit la poutèt ou, 42 paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a, 43 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou. 44 Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou, 45 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo. 46 Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen, 47 antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò, 48 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou, 49 tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. 50 Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fè lènmi ki te depòte yo gen pitye pou yo. 51 Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè. 52 Seyè, Bondye, louvri je ou! Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la, chak fwa n'ap rele pou mande ou sekou. 53 Se ou menm ki te chwazi nou nan mitan tout lòt pèp sou latè pou nou te ka rele ou pa ou, jan ou te di l' nan bouch Moyiz, sèvitè ou la, lè ou te fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip. 54 Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve. 55 Li kanpe, li mande Bondye pou l' voye benediksyon l' sou tout pèp Izrayèl la ki te sanble la a. Li pale byen fò, li di: 56 -Lwanj pou Seyè a ki bay pèp Izrayèl la kè poze, jan li te pwomèt la. Li kenbe tout bèl pwomès li te fè nan bouch Moyiz, sèvitè l' la. 57 Koulye a, mwen mande pou Seyè a, Bondye nou an, toujou kanpe la avèk nou jan li te toujou kanpe la ak zansèt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou. 58 Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo. 59 Se pou Seyè a, Bondye nou an, pa janm bliye lapriyè sa yo mwen sot fè nan pye l' la. Se pou l' toujou gen pitye pou pèp Izrayèl la ansanm ak wa a, sèvitè li a, dapre sa y'a bezwen chak jou. 60 Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt! 61 Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a. 62 Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a. 63 Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a. 64 Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo. 65 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou. 66 Sou wityèm jou a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè lwanj li, y' al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tout benediksyon Seyè a te bay David, sèvitè l' la, ansanm ak pèp Izrayèl li a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 8:2-6

1Ki 8:1-12. The Dedication of the Temple.

2-6. at the feast in the month Ethanim--The public and formal inauguration of this national place of worship did not take place till eleven months after the completion of the edifice. The delay, most probably, originated in Solomon's wish to choose the most fitting opportunity when there should be a general rendezvous of the people in Jerusalem (1Ki 8:2); and that was not till the next year. That was a jubilee year, and he resolved on commencing the solemn ceremonial a few days before the feast of tabernacles, which was the most appropriate of all seasons. That annual festival had been instituted in commemoration of the Israelites dwelling in booths during their stay in the wilderness, as well as of the tabernacle, which was then erected, in which God promised to meet and dwell with His people, sanctifying it with His glory. As the tabernacle was to be superseded by the temple, there was admirable propriety in choosing the feast of tabernacles as the period for dedicating the new place of worship, and praying that the same distinguished privileges might be continued to it in the manifestation of the divine presence and glory. At the time appointed for the inauguration, the king issued orders for all the heads and representatives of the nation to repair to Jerusalem and take part in the august procession [1Ki 8:1]. The lead was taken by the king and elders of the people, whose march must have been slow, as priests were stationed to offer an immense number of sacrifices at various points in the line of road through which the procession was to go. Then came the priests bearing the ark and the tabernacle--the old Mosaic tabernacle which was brought from Gibeon. Lastly, the Levites followed, carrying the vessels and ornaments belonging to the old, for lodgment in the new, house of the Lord. There was a slight deviation in this procedure from the order of march established in the wilderness (Nu 3:31; 4:15); but the spirit of the arrangement was duly observed. The ark was deposited in the oracle; that is, the most holy place, under the wings of the cherubim--not the Mosaic cherubim, which were firmly attached to the ark (Ex 37:7, 8), but those made by Solomon, which were far larger and more expanded.

1 Wa 8:8

8. they drew out the staves--a little way, so as to project (see on Ex 25:15; Nu 4:6); and they were left in that position. The object was, that these projecting staves might serve as a guide to the high priest, in conducting him to that place where, once a year, he went to officiate before the ark; otherwise he might miss his way in the dark, the ark being wholly overshadowed by the wings of the cherubim.

1 Wa 8:9

9. There was nothing in the ark save the two tables of stone--Nothing else was ever in the ark, the articles mentioned (He 9:4) being not in, but by it, being laid in the most holy place before the testimony (Ex 16:33; Nu 17:10).

1 Wa 8:10-11

10-11. the cloud filled the house of the Lord--The cloud was the visible symbol of the divine presence, and its occupation of the sanctuary was a testimony of God's gracious acceptance of the temple as of the tabernacle (Ex 40:34). The dazzling brightness, or rather, perhaps, the dense portentous darkness of the cloud, struck the minds of the priests, as it formerly had done Moses, which such astonishment and terror (Le 16:2-13; De 4:24; Ex 40:35) that they could not remain. Thus the temple became the place where the divine glory was revealed, and the king of Israel established his royal residence.

1Ki 8:12-21. Solomon's Blessing.

1 Wa 8:12

12. Then spake Solomon--For the reassurance of the priests and people, the king reminded them that the cloud, instead of being a sign ominous of evil, was a token of approval.

The Lord said--not in express terms, but by a continuous course of action (Ex 13:21; 24:16; Nu 9:15).

1 Wa 8:13

13. I have surely built thee an house--This is an apostrophe to God, as perceiving His approach by the cloud, and welcoming Him to enter as guest or inhabitant of the fixed and permanent dwelling-place, which, at His command, had been prepared for His reception.

1 Wa 8:14

14. the king turned his face about--From the temple, where he had been watching the movement of the mystic cloud, and while the people were standing, partly as the attitude of devotion, partly out of respect to royalty, the king gave a fervent expression of praise to God for the fulfilment of His promise (2Sa 7:6-16).

1Ki 8:22-61. His Prayer.

1 Wa 8:22

22. Solomon stood before the altar--This position was in the court of the people, on a brazen scaffold erected for the occasion (2Ch 6:13), fronting the altar of burnt offering, and surrounded by a mighty concourse of people. Assuming the attitude of a suppliant, kneeling (1Ki 8:54; compare 2Ch 6:24) and with uplifted hands, he performed the solemn act of consecration--an act remarkable, among other circumstances, for this, that it was done, not by the high priest or any member of the Aaronic family, but by the king in person, who might minister about, though not in, holy things. This sublime prayer [1Ki 8:22-35], which breathes sentiments of the loftiest piety blended with the deepest humility, naturally bore a reference to the national blessing and curse contained in the law--and the burden of it--after an ascription of praise to the Lord for the bestowment of the former, was an earnest supplication for deliverance from the latter. He specifies seven cases in which the merciful interposition of God would be required; and he earnestly bespeaks it on the condition of people praying towards that holy place. The blessing addressed to the people at the close is substantially a brief recapitulation of the preceding prayer [1Ki 8:56-61].

1Ki 8:62-64. His Sacrifice of Peace Offering.

1 Wa 8:62

62. the king, and all Israel ... offered sacrifice before the Lord--This was a burnt offering with its accompaniments, and being the first laid on the altar of the temple, was, as in the analogous case of the tabernacle, consumed by miraculous fire from heaven (see 2Ch 7:1). On remarkable occasions, the heathens sacrificed hecatombs (a hundred animals), and even chiliombs (a thousand animals), but the public sacrifices offered by Solomon on this occasion surpassed all the other oblations on record, without taking into account those presented by private individuals, which, doubtless, amounted to a large additional number. The large proportion of the sacrifices were peace offerings, which afforded the people an opportunity of festive enjoyment.

1 Wa 8:63

63. So the king and all the children of Israel dedicated the house of the Lord--The dedication was not a ceremony ordained by the law, but it was done in accordance with the sentiments of reverence naturally associated with edifices appropriated to divine worship. [See on 2Ch 7:5.]

1 Wa 8:64

64. The same day did the king hallow the middle of the court--that is, the whole extent of the priests' court--the altar of burnt offerings, though large (2Ch 4:1), being totally inadequate for the vast number of sacrifices that distinguished this occasion. It was only a temporary erection to meet the demands of an extraordinary season, in aid of the established altar, and removed at the conclusion of the sacred festival. [See on 2Ch 7:7.]

1Ki 8:65. The People Joyful.

1 Wa 8:65

65. from the entering in of Hamath unto the river of Egypt--that is, from one extremity of the kingdom to the other. The people flocked from all quarters.

seven days and seven days, even fourteen days--The first seven were occupied with the dedication, and the other seven devoted to the feast of tabernacles (2Ch 7:9). The particular form of expression indicates that the fourteen days were not continuous. Some interval occurred in consequence of the great day of atonement falling on the tenth of the seventh month (1Ki 8:2), and the last day of the feast of tabernacles was on the twenty-third (2Ch 7:10), when the people returned to their homes with feelings of the greatest joy and gratitude "for all the goodness that the Lord had done for David his servant, and for Israel his people."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.