1 Wa 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'. 2 Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (0150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo. 3 Plafon an te fèt an planch sèd. Li te kloure sou karannsenk travès ki te chita sou tèt poto yo. 4 Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt. 5 Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt. 6 Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant. 7 Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an. 8 Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la. 9 Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si. 10 Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè. 11 Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd. 12 Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan. 13 Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir. 14 Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo. 15 Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. 16 Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè. 17 Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto. 18 Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo. 19 Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè. 20 Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo. 21 Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz. 22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo. 23 Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye. 24 Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan. 25 Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan. 26 Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa. 27 Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè. 28 Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman. 29 Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti. 30 Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò. 31 Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won. 32 Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a. 33 Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv. 34 Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a. 35 Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a. 36 Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan. 37 Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè. 38 Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa. 39 Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la. 40 Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a. 41 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, 42 katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo, 43 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo, 44 yon gwo basen tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basen lan, 45 plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo. Tou sa Iram te fè pou Tanp Seyè a te fèt an kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon. 46 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan. 47 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konnen pèz yo. 48 Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a, 49 dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo, 50 gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò. 51 Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 7:1
Introduction
Solomon builds his own house, and completes it in thirteen years, 1Kgs 7:1. He builds another called the house of the forest of Lebanon; and a house for Pharaoh's daughter, 1Kgs 7:2-12. He brings Hiram, a coppersmith, out of Tyre, who makes much curious work for the temple, 1Kgs 7:13-20. He makes the two pillars Jachin and Boaz, 1Kgs 7:21, 1Kgs 7:22. The molten sea, and the twelve oxen that bare it, 1Kgs 7:23-26. And ten brazen bases, and the ten lavers with pots, shovels, and basons, all of which he cast in the plain of Jordan, vv. 27-46. The quantity of brass too great to be weighed; and the vessels of the temple were all of pure gold, 1Kgs 7:47-50. Solomon brings into the house the silver and gold which his father had dedicated, 1Kgs 7:51.
Verse 1
Building his own house - This house is said to have been situated in Jerusalem, and probably was, what some call it, his winter's residence. It is called the king's house, 1Kgs 9:10.
1 Wa 7:2-6
Verse 2
The house of the forest of Lebanon - It was not built in Lebanon, but is thought to have been on Mount Sion. And why it was called the house of the forest of Lebanon does not appear; probably it was because it was built almost entirely of materials brought from that place. See the following verses.
1 Wa 7:7
Verse 7
A porch for the throne - One porch appears to have been devoted to the purposes of administering judgment, which Solomon did in person.
1 Wa 7:8-12
Verse 8
A house for Pharaoh's daughter - This appears to have been a third house; probably the whole three made but one building, and were in the same place, but distinguished from each other; the first as Solomon's palace, the second as a house of judgment, a court-house; the third, the harem, or apartments for the women.
1 Wa 7:13-14
Verse 13
Solomon sent and fetched Hiram out of Tyre - This was not the Tyrian king, mentioned before, but a very intelligent coppersmith, of Jewish extraction by his mother's side, who was probably married to a Tyrian. In 2Chr 2:14, this woman is said to be of the daughters of Dan, but here of the tribe of Naphtali. The king of Tyre, who gives the account as we have it in Chronicles, might have made the mistake, and confounded the two tribes; or she might have been of Naphtali by her father, and of Dan by her mother, and so be indifferently called of the tribe of Naphtali or of the daughters of Dan. This appears to be the best solution of the difficulty. The versions and MSS. give no help here.
1 Wa 7:15-20
Verse 15
He cast two pillars - eighteen cubits high - That is, about thirty feet in English measure.
A line of twelve cubits - In circumference. It would be difficult even now to procure a founder who could cast such massive pillars, whether solid or hollow.
1 Wa 7:21-26
Verse 21
The right pillar - Jachin - That is, He shall establish. The left pillar - Boaz, that is, in strength. These were no doubt emblematical; for notwithstanding their names, they seem to have supported no part of the building.
1 Wa 7:27-37
Verse 27
He made ten bases - That is, pedestals, for the ten lavers to rest on.
1 Wa 7:38-39
Verse 38
Then made he ten lavers - These were set on the ten bases or pedestals, and were to hold water for the use of the priests in their sacred office, particularly to wash the victims that were to be offered as a burnt-offering, as we learn from 2Chr 4:6; but the brazen sea was for the priests to wash in. The whole was a building of vast art, labor, and expense.
1 Wa 7:40-45
Verse 40
So Hiram made an end - It is truly surprising, that in so short a time one artist could design and execute works of such magnitude, taste, and variety, however numerous his assistants might be. The mere building of the house was a matter of little difficulty in comparison of these internal works.
1 Wa 7:46-50
Verse 46
Cast them, in the clay ground - In this place he found that particular kind of clay that was proper for his purpose. Some suppose that the place where Hiram had his foundry was on the other side, some on this side, of Jordan. Calmet supposes that it was near Bethshan.
1 Wa 7:51
Verse 51
Solomon brought in the things - It has been a question whether Solomon, in the structure of the temple, used any of the gold and silver which David had provided? And here it seems answered in the negative; for after the house was finished, with all its utensils and ornaments, with its immense profusion of gold, it is here said that Solomon brought in the silver, and the gold, and the vessels, which David his father had dedicated. It appears therefore that Solomon had employed four years to make preparation for the work before it was begun. During the whole time of the building, he was no doubt still appropriating a part of the public revenue for this purpose; and the provision made by his father he placed among the treasures of the house; but the temple was truly Solomon's, as he had provided all its materials, and borne every expense.
As the temple was built in some measure on the model of the tabernacle, and dedicated to the same use, I wish to refer the reader to the description of the former, in Exodus 25-27 (note) and Exodus 35-39 (note).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
