1 Wa 22

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pandan twazan, pa t' gen lagè ant peyi Izrayèl ak peyi Siri. 2 Men nan twazyèm lanne a, Jozafa, wa peyi Jida a, al vizite Akab, wa peyi Izrayèl la. 3 Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a? 4 Lèfini li mande Jozafa: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye. 5 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Annou mande Seyè a sa li di nan sa. 6 Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou. 7 Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa vre? 8 Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè! 9 Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di li: -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen. 10 Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita, yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo. 11 Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo. 12 Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou. 13 Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a. 14 Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di. 15 Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske sè pou m' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou. 16 Men Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a se pou di m' laverite? 17 Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze. 18 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. 19 Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li. 20 Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. 21 Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tèt li. 22 Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. 23 Koulye a, ou konnen si Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l' fini avè ou. 24 Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a? 25 Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon! 26 Se konsa, wa Akab pase yon lòd, li di: -Pran Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a. 27 Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ni malè. 28 Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi! 29 Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 30 Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen. 31 Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la. 32 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou atake l'. Men, Jozafa rele anmwe. 33 Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a. 34 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav. 35 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule soti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri. 36 Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo, 37 paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'. 38 Y' al lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Seyè a te di sa t'ap rive a. 39 Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 40 Lè Akab mouri, se pitit li, Okozyas ki moute wa nan plas li. 41 Akab te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Jozafa, pitit Asa a, moute sou fotèy wa peyi Jida a. 42 Lè sa a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman li te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. 43 Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo. 44 Jozafa te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la. 45 n'a jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo, 46 jan li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou rèy Asa, papa l'. 47 (Lè sa a, pa t' gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.) 48 Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè. 49 Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize. 50 Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li. 51 Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari. 52 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li swiv egzanp papa l' ak manman l'. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal. 53 Li sèvi Baal, li adore l' tankou papa l' te fè a. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 22:1

1Ki 22:1-36. Ahab Slain at Ramoth-gilead.

1. continued three years without war between Syria and Israel--The disastrous defeat of Ben-hadad had so destroyed his army and exhausted the resources of his country, that, however eager, he was unable to recommence active hostilities against Israel. But that his hereditary enmity remained unsubdued, was manifest by his breach of faith concerning the treaty by which he had engaged to restore all the cities which his father had seized (1Ki 20:34).

1 Wa 22:2

2. Jehoshaphat the king of Judah came down to the king of Israel--It was singular that a friendly league between the sovereigns of Israel and Judah should, for the first time, have been formed by princes of such opposite characters--the one pious, the other wicked. Neither this league nor the matrimonial alliance by which the union of the royal families was more closely cemented, met the Lord's approval (2Ch 19:2). It led, however, to a visit by Jehoshaphat, whose reception in Samaria was distinguished by the most lavish hospitality (2Ch 18:2). The opportunity of this visit was taken advantage of, to push an object on which Ahab's heart was much set.

1 Wa 22:3-8

3-8. Know ye that Ramoth in Gilead is ours--a Levitical and free town on the north border of Gad (De 4:43; Jos 21:38), on the site of the present Salt Lake, in the province of Belka. It lay within the territories of the Israelitish monarch, and was unjustly alienated; but whether it was one of the cities usurped by the first Ben-hadad, which his son had promised to restore, or was retained for some other reasons, the sacred historian has not mentioned. In the expedition which Ahab meditated for the recovery of this town, the aid of Jehoshaphat was asked and promised (see 2Ch 18:3). Previous to declaring hostilities, it was customary to consult the prophets (see on 1Sa 28:8); and Jehoshaphat having expressed a strong desire to know the Lord's will concerning this war, Ahab assembled four hundred of his prophets. These could not be either the prophets of Baal or of Ashteroth (1Ki 18:19), but seem (1Ki 22:12) to have been false prophets, who conformed to the symbolic calf-worship of Jehovah. Being the creatures of Ahab, they unanimously predicted a prosperous issue to the war. But dissatisfied with them, Jehoshaphat inquired if there was any true prophet of the Lord. Ahab agreed, with great reluctance, to allow Micaiah to be summoned. He was the only true prophet then to be found residing in Samaria, and he had to be brought out of prison (1Ki 22:26), into which, according to Josephus, he had been cast on account of his rebuke to Ahab for sparing the king of Syria.

1 Wa 22:10

10. a void place--literally, "a threshing-floor," formed at the gate of Samaria.

1 Wa 22:11

11. Zedekiah the son of Chenaanah made him horns of iron--Small projections, of the size and form of our candle extinguishers (worn in many parts of the East as military ornaments), were worn by the Syrians of that time, and probably by the Israelite warriors also. Zedekiah, by assuming two horns, personated two heroes, and, pretending to be a prophet, wished in this manner to represent the kings of Israel and Judah in a military triumph. It was a symbolic action, to impart greater force to his language (see De 33:17); but it was little more than a flourish with a spontoon [Calmet, Fragments].

1 Wa 22:14-17

14-17. what the Lord saith unto me, that will I speak--On the way the messenger who conducted [Micaiah] to the royal presence informed him of the tenor of the prophecies already given and recommended him to agree with the rest, no doubt from the kindly motive of seeing him released from imprisonment. But Micaiah, inflexibly faithful to his divine mission as a prophet, announced his purpose to proclaim honestly whatever God should bid him. On being asked by the king, "Shall I go against Ramoth-gilead, or shall I forbear?" the prophet gave precisely the same answer as the previous oracles that had been consulted; but it must have been given in a sarcastic tone and in ironical mockery of their way of speaking. Being solemnly urged to give a serious and truthful answer, Micaiah then declared the visionary scene the Spirit had revealed to him;--

1 Wa 22:18-23

18-23. Did I not tell thee that he would prophesy no good concerning me, but evil?--Since Ahab was disposed to trace this unwelcome truth to personal enmity, Micaiah proceeded fearlessly to tell the incensed monarch in full detail what had been revealed to him. The Hebrew prophets, borrowing their symbolic pictures from earthly scenes, described God in heaven as a king in His kingdom. And as earthly princes do nothing of importance without asking the advice of their counsellors, God is represented as consulting about the fate of Ahab. This prophetic language must not be interpreted literally, and the command must be viewed as only a permission to the lying spirit (Ro 11:34) [Calmet].

1 Wa 22:24-25

24-25. Zedekiah the son of Chenaanah went near, and smote Micaiah on the cheek--The insolence of this man, the leader of the false prophets, seems to have been provoked by jealousy at Micaiah's assumed monopoly of the spirit of inspiration. This mode of smiting, usually with a shoe, is both severe and ignominious. The calm reply of the Lord's prophet consisted in announcing the fate of the false prophets who suffered as the advisers of the disastrous expedition.

1 Wa 22:26-28

26-28. Take Micaiah, ... Put this fellow in prison--Ahab, under the impulse of vehement resentment, remands the prophet until his return.

1 Wa 22:29-38

29-38. went up to Ramoth-gilead--The king of Israel, bent on this expedition, marched, accompanied by his ally, with all his forces to the siege; but on approaching the scene of action, his courage failed, and, hoping to evade the force of Micaiah's prophecy by a secret stratagem, he assumed the uniform of a subaltern, while he advised Jehoshaphat to fight in his royal attire. The Syrian king, with a view either to put the speediest end to the war, or perhaps to wipe out the stain of his own humiliation (1Ki 20:31), had given special instructions to his generals to single out Ahab, and to take or kill him, as the author of the war. The officers at first directed their assault on Jehoshaphat, but, becoming aware of their mistake, desisted. Ahab was wounded by a random arrow, which, being probably poisoned, and the state of the weather increasing the virulence of the poison, he died at sunset. The corpse was conveyed to Samaria; and, as the chariot which brought it was being washed, in a pool near the city, from the blood that had profusely oozed from the wound, the dogs, in conformity with Elijah's prophecy, came and licked it [1Ki 21:19]. Ahab was succeeded by his son Ahaziah [1Ki 22:40].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.