2 Wa 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Moab pran lèzam kont moun Izrayèl yo. 2 Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè. 3 Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: —Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an. 4 W'a di yo tou men mesaj Seyè a voye bay wa a: Li p'ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri. Eli leve, li fè sa Seyè a te mande l' fè a. 5 Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: —Poukisa nou tounen? 6 Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri. 7 Wa a mande yo: —Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye? 8 Msye yo reponn li: —Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: —Se Eli, moun lavil Tichbe a. 9 Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: —Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann. 10 Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo. 11 Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: —Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan. 12 Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo. 13 Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: —Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou! 14 Dife soti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen. 15 Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: —Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a. 16 Li di wa a konsa: —Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri. 17 Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida. 18 Tout rès istwa Okozyas la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 1:1

THE SECOND BOOK OF THE KINGS, COMMONLY CALLED THE FOURTH BOOK OF THE KINGS.

Commentary by Robert Jamieson

2Ki 1:1. Moab Rebels.

1. Then Moab rebelled--Subdued by David (2Sa 8:2), they had, in the partition of Israel and Judah, fallen to the share of the former kingdom. But they took advantage of the death of Ahab to shake off the yoke (see on 2Ki 3:6). The casualty that befell Ahaziah [2Ki 1:2] prevented his taking active measures for suppressing this revolt, which was accomplished as a providential judgment on the house of Ahab for all these crimes.

2Ki 1:2-8. Ahaziah's Judgment by Elijah.

2 Wa 1:2-8

2-8. Ahaziah fell down through a lattice in his upper chamber--This lattice was either a part of the wooden parapet, or fence, which surrounds the flat roofs of houses, and over which the king was carelessly leaning when it gave way; or it might be an opening like a skylight in the roof itself, done over with lattice-work, which, being slender or rotten, the king stepped on and slipped through. This latter supposition is most probably the true one, as Ahaziah did not fall either into the street or the court, but "in his upper chamber."

inquire of Baalzebub--Anxious to learn whether he should recover from the effects of this severe fall, he sent to consult Baalzebub, that is, the god of flies, who was considered the patron deity of medicine. A temple to that idol was erected at Ekron, which was resorted to far and wide, though it afterwards led to the destruction of the place (Zec 9:5; Am 1:8; Zep 2:4). "After visiting Ekron, 'the god of flies' is a name that gives me no surprise. The flies there swarmed, in fact so innumerably, that I could hardly get any food without these troublesome insects getting into it" [Van De Velde].

2 Wa 1:9

9. Then the king sent unto him a captain of fifty--Any appearance of cruelty that there is in the fate of the two captains and their men will be removed, on a full consideration of the circumstances. God being the King of Israel, Ahaziah was bound to govern the kingdom according to the divine law; to apprehend the Lord's prophet, for discharging a commanded duty, was that of an impious and notorious rebel. The captains abetted the king in his rebellion; and they exceeded their military duty by contemptuous insults.

man of God--In using this term, they either spoke derisively, believing him to be no true prophet; or, if they regarded him as a true prophet, the summons to him to surrender himself bound to the king was a still more flagrant insult; the language of the second captain being worse than that of the first.

2 Wa 1:10

10. let fire come down--rather, "fire shall come down." Not to avenge a personal insult of Elijah, but an insult upon God in the person of His prophet; and the punishment was inflicted, not by the prophet, but by the direct hand of God.

2 Wa 1:15-16

15-16. he arose, and went down with him--a marvellous instance of faith and obedience. Though he well knew how obnoxious his presence was to the king, yet, on receiving God's command, he goes unhesitatingly, and repeats, with his own lips, the unwelcome tidings conveyed by the messengers.

2Ki 1:17, 18. Ahaziah Dies, and Is Succeeded by Jehoram.

2 Wa 1:17

17. Jehoram--The brother of Ahaziah (see on 2Ki 3:1).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.