1 Wa 21

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt. 2 Yon jou, wa Akab di Nabòt konsa: -Ban m' jaden rezen ou lan pou m' ka fè yon jaden legim. Li toupre kay mwen. m'a ba ou yon lòt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li. 3 Men, Nabòt reponn Akab: -Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li. 4 Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutèt Nabòt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje. 5 Jezabèl, madanm li, vin bò kote l'. Li mande l': -Sa ou genyen ou move konsa? Poukisa ou pa manje? 6 Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan. 7 Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la. 8 Jezabèl ekri kèk lèt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chèf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyèl menm kote ak Nabòt. 9 Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la. 10 Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri. 11 Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo. 12 Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la. 13 De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri. 14 Apre sa, yo voye di Jezabèl: -Nou kalonnen Nabòt wòch, li mouri. 15 Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri. 16 Lè wa Akab tande Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, te mouri, l' ale, li pran jaden rezen an pou li. 17 Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, pwofèt lavil Tichbe a, li di l' konsa: 18 -Al jwenn wa Akab nan peyi Samari. W'ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabòt la. Li vin pran l' pou li. 19 W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou. 20 Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a. 21 Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou. 22 Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal. 23 Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl. 24 Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la. 25 Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li. 26 Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo. 27 Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou. 28 Apre sa, Seyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: 29 -Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 21:1-3

1Ki 21:1-4. Naboth Refuses Ahab His Vineyard.

1-3. Naboth the Jezreelite had a vineyard, which was in Jezreel--Ahab was desirous, from its contiguity to the palace, to possess it for a vegetable garden. He proposed to Naboth to give him a better in exchange, or to obtain it by purchase; but the owner declined to part with it. In persisting in his refusal, Naboth was not actuated by any feelings of disloyalty or disrespect to the king, but solely from a conscientious regard to the divine law, which, for important reasons, had prohibited the sale of a paternal inheritance [Le 25:23; Nu 36:7]; or if, through extreme poverty or debt, an assignation of it to another was unavoidable, the conveyance was made on the condition of its being redeemable at any time [Le 25:25-27]; at all events, of its reverting at the jubilee to the owner [Le 25:28]. In short, it could not be alienated from the family, and it was on this ground that Naboth (1Ki 21:3) refused to comply with the king's demand. It was not, therefore, any rudeness or disrespect that made Ahab heavy and displeased, but his sulky and pettish demeanor betrays a spirit of selfishness that could not brook to be disappointed of a favorite object, and that would have pushed him into lawless tyranny had he possessed any natural force of character.

1 Wa 21:4

4. turned away his face--either to conceal from his attendants the vexation of spirit he felt, or, by the affectation of great sorrow, rouse them to devise some means of gratifying his wishes.

1Ki 21:5-16. Jezebel Causes Naboth to Be Stoned.

1 Wa 21:7

7. Dost thou now govern the kingdom of Israel?--This is not so much a question as an exclamation--a sarcastic taunt; "A pretty king thou art! Canst not thou use thy power and take what thy heart is set upon?"

arise, and eat bread, and let thine heart be merry: I will give thee the vineyard--After upbraiding Ahab for his pusillanimity and bidding him act as a king, Jezebel tells him to trouble himself no more about such a trifle; she would guarantee the possession of the vineyard.

1 Wa 21:8

8. So she wrote letters in Ahab's name, and sealed them with his seal--The seal-ring contained the name of the king and gave validity to the documents to which it was affixed (Es 8:8; Da 6:17). By allowing her the use of his signet-ring, Ahab passively consented to Jezebel's proceeding. Being written in the king's name, it had the character of a royal mandate.

sent the letters unto the elders and to the nobles that were in his city--They were the civic authorities of Jezreel, and would, in all likelihood, be the creatures and fit tools of Jezebel. It is evident that, though Ahab had recently been in Jezreel, when he made the offer to Naboth, both he and Jezebel were now in Samaria (1Ki 20:43).

1 Wa 21:9

9. Proclaim a fast, &c.--Those obsequious and unprincipled magistrates did according to orders. Pretending that a heavy guilt lay on one, or some unknown party, who was charged with blaspheming God and the king and that Ahab was threatening vengeance on the whole city unless the culprit were discovered and punished, they assembled the people to observe a solemn fast. Fasts were commanded on extraordinary occasions affecting the public interests of the state (2Ch 20:3; Ezr 8:21; Joe 1:14; 2:15; Jon 3:5). The wicked authorities of Jezreel, by proclaiming the fast, wished to give an external appearance of justice to their proceedings and convey an impression among the people that Naboth's crime amounted to treason against the king's life.

set Naboth on high--During a trial the panel, or accused person, was placed on a high seat, in the presence of all the court; but as the guilty person was supposed to be unknown, the setting of Naboth on high among the people must have been owing to his being among the distinguished men of the place.

1 Wa 21:13

13. there came in two men--worthless fellows who had been bribed to swear a falsehood. The law required two witnesses in capital offenses (De 17:6; 19:15; Nu 35:30; Mt 26:60). Cursing God and cursing the king are mentioned in the law (Ex 22:28) as offenses closely connected, the king of Israel being the earthly representative of God in His kingdom.

they carried him forth out of the city, and stoned him--The law, which forbade cursing the rulers of the people, does not specify the penalty for this offense but either usage had sanctioned or the authorities of Jezreel had originated stoning as the proper punishment. It was always inflicted out of the city (Ac 7:58).

1 Wa 21:14-16

14-16. Jezebel said to Ahab, Arise, take possession--Naboth's execution having been announced, and his family being involved in the same fatal sentence (2Ki 9:26), his property became forfeited to the crown, not by law, but traditionary usage (see 2Sa 16:4).

1 Wa 21:17-19

17-19. Hast thou killed, and also taken possession?--While Ahab was in the act of surveying his ill-gotten possession, Elijah, by divine commission, stood before him. The appearance of the prophet, at such a time, was ominous of evil, but his language was much more so (compare Eze 45:8; 46:16-18). Instead of shrinking with horror from the atrocious crime, Ahab eagerly hastened to his newly acquired property.

1 Wa 21:20

20. thou hast sold thyself to work evil--that is, allowed sin to acquire the unchecked and habitual mastery over thee (2Ki 17:17; Ro 7:11).

1 Wa 21:21-22

21-22. will make thine house, &c.--(see on 1Ki 15:29 and 1Ki 16:3-12). Jezebel, though included among the members of Ahab's house, has her ignominious fate expressly foretold (see 2Ki 9:30).

1 Wa 21:27-29

27-29. Ahab ... rent his clothes, and put sackcloth upon his flesh, and fasted, and lay in sackcloth, and went softly--He was not obdurate, like Jezebel. This terrible announcement made a deep impression on the king's heart, and led, for a while, to sincere repentance. Going softly, that is, barefoot, and with a pensive manner, within doors. He manifested all the external signs, conventional and natural, of the deepest sorrow. He was wretched, and so great is the mercy of God, that, in consequence of his humiliation, the threatened punishment was deferred.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.