1 Wa 20
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'. 2 Li voye mesaje anndan lavil la bò kote Akab, wa peyi Izrayèl la, 3 pou di li: -Wa Bennadad voye di ou tout bagay ou gen an lò ak an ajan se pou li yo ye. Tout madanm ou yo ak tout pi bon pitit gason ou yo se pou li yo ye tou. 4 Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen. 5 Mesaje yo tounen ankò vin di Akab: -Men sa Bennadab voye di ou: M' te voye mande ou pou ou ban mwen tou sa ou gen an lò ak an ajan, tout madanm ak tout pitit gason ou yo. 6 Koulye a, denmen vè lè konsa, m'ap voye moun pa m' yo pou yo fouye palè ou la ak kay tout moun pa ou yo, pou yo pran tou sa y'a jwenn ki gen valè nan je yo. 7 Wa Akab fè rele tout chèf fanmi ki nan peyi a, li di yo konsa: -Jan nou wè l' la, nonm sa a soti pou l' pran tou sa nou genyen. Li te voye mande m' madanm mwen yo, pitit gason m' yo ak tout bagay an lò ak an ajan mwen genyen. Mwen pa refize l' anyen. 8 Chèf fanmi yo ansanm ak pèp la di l' konsa: -Pa koute l', pa dakò avè l'! 9 Lè sa a, Akab di mesaje Bennadab yo: -Ale di mèt mwen, wa Bennadab, m' te dakò ak sa li te mande m' premye fwa a. Men, sa l' mande fwa sa a, m' pa ka fè l'. Mesaje yo pati, y' al pote repons lan bay Bennadad. 10 Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen 11 Wa Akab voye reponn li: -Yon sòlda pa fèt pou l' ap vante tèt li anvan l' al goumen. 12 Bennadad t'ap bwè ak lòt wa yo anba tant yo lè yo pote repons Akab la ba li. Lamenm, li bay moun pa l' yo lòd pou yo mache sou lavil Samari. Se konsa, y' al pare pou atake. 13 Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 14 Akab mande l': -Ki moun ou pral fè lage yo nan men m' jòdi a? Pwofèt la reponn li: -Seyè a voye di ou se jenn sòlda ki sou lòd gouvènè pwovens yo ki pral fè l'. Wa mande ankò: -Ki moun ki pral atake anvan? Pwofèt la reponn: -Ou menm. 15 Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde (0232) sòlda antou. Apre sa, li fè rele tout lame pèp Izrayèl la, li jwenn sètmil (07.000) gason. 16 Vè midi, yo soti al atake pandan Bennadad ansanm ak trannde lòt wa ki t'ap mache avè l' yo t'ap bwè anba tant yo. 17 Se jenn sòlda yo ki t'ap mache devan. Bennadad te voye al wè jan sa ye bò kay moun pèp Izrayèl yo. Yo vin di li yo wè yon gwoup sòlda ki t'ap soti lavil Samari. 18 Lè sa a, li di: -M' pa bezwen konnen si y'ap vin pou goumen osinon pou mande lapè, kenbe yo vivan mennen ban mwen. 19 Jenn sòlda gouvènè yo soti nan lavil la pou al atake. Yo t'ap mache devan, rès lame a t'ap swiv yo. 20 Yo chak yo touye moun ki te vin pou goumen ak yo a. Moun peyi Siri yo pran kouri, moun Izrayèl yo menm t'ap kouri dèyè yo. Bennadad menm resi chape kò l' sou chwal ansanm ak kèk lòt kavalye. 21 Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat. 22 Apre sa, pwofèt la al jwenn wa Akab, li di l' konsa: -Ou mèt tounen koulye a, mete lame ou la anfòm. Kalkile byen sou sa ou pral fè, paske nan ennan, dat pou dat, wa peyi Siri a ap tounen vin atake ou ankò. 23 Chèf ki te avèk wa Bennadad yo vin di l': -Bondye pèp Izrayèl yo se bondye mòn yo ye. Se poutèt sa yo bat nou jan yo bat nou an. Men, si nou goumen ak yo nan tè plat, wè pa wè, n'ap bat yo. 24 Koulye a, men sa ou pral fè. Wete kòmandman an nan men lòt wa yo, mete chèf pa ou nan plas yo. 25 Ou menm ou pral moute yon gwo lame tankou lame ou pèdi a, ak menm kantite chwal ak cha lagè ou te gen anvan an. Nou pral goumen ak moun pèp Izrayèl yo nan plenn. W'ap wè fwa sa a n'ap bat yo. Wa Bennadad dakò, li fè sa chèf yo te di l' fè a. 26 Ennan apre, dat pou dat, li reyini tout sòlda moun peyi Siri yo, li mennen yo jouk lavil Afèk pou y' al atake moun peyi Izrayèl yo. 27 Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a. 28 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 29 Pandan sèt jou, moun Siri yo ak moun Izrayèl yo rete nan kan yo, yonn anfas lòt. Sou setyèm jou a yo konmanse goumen. Moun Izrayèl yo touye sanmil (0100.000) moun Siri. 30 Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon. 31 Moun pa l' yo vin jwenn li, yo di l' konsa: -Nou tande jan wa peyi Izrayèl yo se moun ki gen bon kè. Ban nou otorizasyon pou n' al jwenn wa peyi Izrayèl la. N'ap mete rad sak sou nou tankou moun yo fè prizonye. Ou pa janm konnen li ka sove lavi ou. 32 Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plòtonnen moso kòd nan kou yo, y' al jwenn Akab, yo di l' konsa: -Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l'. Akab reponn: -An! Msye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi! 33 Moun Bennadad yo pran sa pou yon bon siy, yo repete pawòl ki te fèk sot nan bouch wa a, yo di l' konsa: -Bennadad, se frè monwa! Akab reponn: -Al chache l' mennen ban mwen! Bennadad soti kote l' te ye a, li parèt devan Akab, Akab fè l' moute sou cha pa l' ansanm avè l'. 34 Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li. 35 Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize. 36 Lè sa a, premye pwofèt la di l' konsa: -Poutèt ou derefize obeyi lòd Seyè a, separe n'a separe, yon lyon ap touye ou. Konsa vre, ale premye pwofèt la ale, yon lyon vin rive, li touye lòt pwofèt la. 37 Apre sa, premye pwofèt la kontre yon lòt moun, li mande l' pou li ba l' kou. Nonm lan frape l' byen fò, jouk li mete san l' deyò. 38 Lèfini, pwofèt la kouvri figi l' ak yon moso twal pou moun pa rekonèt li, l' al kanpe bò wout la ap tann wa a pase. 39 Lè wa a vin ap pase, pwofèt la pran pale byen fò, li di konsa: -Monwa, mwen te nan mitan batay la, mwen t'ap goumen lè yon sòlda mennen yon lènmi li te fè prizonye. Li di m' konsa: Veye msye pou mwen. Si ou kite l' chape anba men ou, m'ap touye ou osinon w'ap peye twamil (03.000) pyès an ajan pou li. 40 Men, monwa, pandan m' okipe ap fè lòt bagay, prizonye a sove. Wa Izrayèl la di l' konsa: -Se ou menm ki kondannen tèt ou, lèfini ou tou di sa ou gen pou peye pou sa ou fè a! 41 Pwofèt la prese wete moso twal ki te bouche figi l' la. Lamenm wa a rekonèt se yonn nan pwofèt yo. 42 Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri. 43 Se konsa, wa peyi Izrayèl la tounen lakay li lavil Samari, li te boulvèse, men li byen mare.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 20:1
1Ki 20:1-12. Ben-hadad Besieges Samaria.
1. Ben-hadad the king of Syria--This monarch was the son of that Ben-hadad who, in the reign of Baasha, made a raid on the northern towns of Galilee (1Ki 15:20). The thirty-two kings that were confederate with him were probably tributary princes. The ancient kings of Syria and Phoenicia ruled only over a single city, and were independent of each other, except when one great city, as Damascus, acquired the ascendency, and even then they were allied only in time of war. The Syrian army encamped at the gates and besieged the town of Samaria.
1 Wa 20:2-12
2-12. Thus said Ben-hadad, Thy silver and thy gold is mine--To this message sent him during the siege, Ahab returned a tame and submissive answer, probably thinking it meant no more than an exaction of tribute. But the demand was repeated with greater insolence; and yet, from the abject character of Ahab, there is reason to believe he would have yielded to this arrogant claim also, had not the voice of his subjects been raised against it. Ben-hadad's object in these and other boastful menaces was to intimidate Ahab. But the weak sovereign began to show a little more spirit, as appears in his abandoning "my lord the king" for the single "tell him," and giving him a dry but sarcastic hint to glory no more till the victory is won. Kindling into a rage at the cool defiance, Ben-hadad gave orders for the immediate sack of the city.
1 Wa 20:13-21
13-21. behold, there came a prophet unto Ahab--Though the king and people of Israel had highly offended Him, God had not utterly cast them off. He still cherished designs of mercy towards them, and here, though unasked, gave them a signal proof of His interest in them, by a prophet's animating announcement that the Lord would that day deliver the mighty hosts of the enemy into his hand by means of a small, feeble, inadequate band. Conformably to the prophet's instructions, two hundred thirty-two young men went boldly out towards the camp of the enemy, while seven thousand more, apparently volunteers, followed at some little distance, or posted themselves at the gate, to be ready to reinforce those in front if occasion required it. Ben-hadad and his vassals and princes were already, at that early hour--scarcely midday--deep in their cups; and though informed of this advancing company, yet confiding in his numbers, or it may be, excited with wine, he ordered with indifference the proud intruders to be taken alive, whether they came with peaceful or hostile intentions. It was more easily said than done; the young men smote right and left, making terrible havoc among their intended captors; and their attack, together with the sight of the seven thousand, who soon rushed forward to mingle in the fray, created a panic in the Syrian army, who immediately took up flight. Ben-hadad himself escaped the pursuit of the victors on a fleet horse, surrounded by a squadron of horse guards. This glorious victory, won so easily, and with such a paltry force opposed to overwhelming numbers, was granted that Ahab and his people might know (1Ki 20:13) that God is the Lord. But we do not read of this acknowledgment being made, or of any sacrifices being offered in token of their national gratitude.
1 Wa 20:22-26
22-26. the prophet came to the king of Israel, and said--The same prophet who had predicted the victory shortly reappeared, admonishing the king to take every precaution against a renewal of hostilities in the following campaign.
at the return of the year--that is, in spring, when, on the cessation of the rainy season, military campaigns (2Sa 11:1), were anciently begun. It happened as the prophet had forewarned. Brooding over their late disastrous defeat, the attendants of Ben-hadad ascribed the misfortune to two causes--the one arose from the principles of heathenism which led them to consider the gods of Israel as "gods of the hills"; whereas their power to aid the Israelites would be gone if the battle was maintained on the plains. The other cause to which the Syrian courtiers traced their defeat at Samaria, was the presence of the tributary kings, who had probably been the first to take flight; and they recommended "captains to be put in their rooms." Approving of these recommendations, Ben-hadad renewed his invasion of Israel the next spring by the siege of Aphek in the valley of Jezreel (compare 1Sa 29:1, with 1Sa 28:4), not far from En-dor.
1 Wa 20:27-31
27-31. like two little flocks of kids--Goats are never seen in large flocks, or scattered, like sheep; and hence the two small but compact divisions of the Israelite force are compared to goats, not sheep. Humanly speaking, that little handful of men would have been overpowered by numbers. But a prophet was sent to the small Israelite army to announce the victory, in order to convince the Syrians that the God of Israel was omnipotent everywhere, in the valley as well as on the hills. And, accordingly, after the two armies had pitched opposite each other for seven days, they came to an open battle. One hundred thousand Syrians lay dead on the field, while the fugitives took refuge in Aphek, and there, crowding on the city walls, they endeavored to make a stand against their pursuers; but the old walls giving way under the incumbent weight, fell and buried twenty-seven thousand in the ruins. Ben-hadad succeeded in extricating himself, and, with his attendants, sought concealment in the city, fleeing from chamber to chamber; or, as some think it, an inner chamber, that is, a harem; but seeing no ultimate means of escape, he was advised to throw himself on the tender mercies of the Israelitish monarch.
1 Wa 20:32-34
32-34. put ropes on their heads--Captives were dragged by ropes round their necks in companies, as is depicted on the monuments of Egypt. Their voluntary attitude and language of submission flattered the pride of Ahab, who, little concerned about the dishonor done to the God of Israel by the Syrian king, and thinking of nothing but victory, paraded his clemency, called the vanquished king "his brother," invited him to sit in the royal chariot, and dismissed him with a covenant of peace.
1 Wa 20:35-38
35-38. Smite me--This prophet is supposed (1Ki 20:8) to have been Micaiah. The refusal of his neighbor to smite the prophet was manifestly wrong, as it was a withholding of necessary aid to a prophet in the discharge of a duty to which he had been called by God, and it was severely punished [1Ki 20:36], as a beacon to warn others (see on 1Ki 13:2-24). The prophet found a willing assistant, and then, waiting for Ahab, leads the king unconsciously, in the parabolic manner of Nathan (2Sa 12:1-4), to pronounce his own doom; and this consequent punishment was forthwith announced by a prophet (see on 1Ki 21:17).
1 Wa 20:39
39. a talent of silver--£342.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
