1 Wa 13
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan. 2 Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun. 3 Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen. 4 Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò. 5 Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a. 6 wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an. 7 Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy. 8 Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m' lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la. 9 Paske, Seyè a te ban mwen lòd pou m' pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te vini an pou m' tounen lakay mwen. 10 Se konsa li pran yon lòt wout pou l' tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t'ap vini lavil Betèl la. 11 Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l' yo vin rakonte l' tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram. 12 Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l' pran. Pitit gason l' yo moutre l' chemen pwofèt Bondye ki te soti peyi Jida a te pran. 13 Li di pitit gason l' yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li, 14 li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l': -Se ou menm pwofèt Bondye ki soti peyi Jida a? Nonm lan reponn: -Se mwen wi! 15 Li di l' konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje kichòy! 16 Men pwofèt peyi Jida a di l': -Non, m' pa ka tounen avè ou, ni m' pa ka al lakay ou. Lèfini, m' p'ap manje, m' p'ap bwè anyen avè ou isit la. 17 Paske Seyè a te ban m' lòd pou m' pa t' ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te pase pou m' vini an pou m' tounen. 18 Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li. 19 Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l'. 20 Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la 21 ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a. 22 Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou. 23 Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li. 24 Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l'. Kadav li te blayi atè a nan mitan chimen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l'. 25 Moun ki t'ap pase bò la wè kadav la atè nan chimen an ansanm ak lyon an bò kote l'. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè. 26 Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la. 27 Li di pitit gason l' yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye. 28 Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l' toujou. Lyon an pa t' manje kadav la, ni li pa t' fè bourik la anyen. 29 Pwofèt lavil Betèl l'a ranmase kadav l'a, li mete l' sou bourik la, li pote l' tounen lavil Betèl. Li pran lapenn pou li. Lèfini, li antere l'. 30 Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l'. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m' vre? 31 Apre lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l' yo. Li di yo: -Lè m'a mouri, n'a antere m' nan kavo sa a, n'a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l' la. 32 Pawòl Seyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y'ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre. 33 Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo. 34 Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 13:1
1Ki 13:1-22. Jeroboam's Hand Withers.
1. there came a man of God out of Judah--Who this prophet was cannot be ascertained, He came by divine authority. It could not be either Iddo or Ahijah, for both were alive after the events here related.
Jeroboam stood by the altar to burn incense--It was at one of the annual festivals. The king, to give interest to the new ritual, was himself the officiating priest. The altar and its accompaniments would, of course, exhibit all the splendor of a new and gorgeously decorated temple. But the prophet foretold its utter destruction [1Ki 13:3].
1 Wa 13:2-9
2-9. he cried against the altar--which is put for the whole system of worship organized in Israel.
Behold, a child shall be born ... Josiah by name--This is one of the most remarkable prophecies recorded in the Scriptures; and, in its clearness, circumstantial minuteness, and exact prediction of an event that took place three hundred sixty years later, it stands in striking contrast to the obscure and ambiguous oracles of the heathen. Being publicly uttered, it must have been well known to the people; and every Jew who lived at the accomplishment of the event must have been convinced of the truth of a religion connected with such a prophecy as this. A present sign was given of the remote event predicted, in a visible fissure being miraculously made on the altar. Incensed at the man's license of speech, Jeroboam stretched out his hand and ordered his attendants to seize the bold intruder. That moment the king's arm became stiff and motionless, and the altar split asunder, so that the fire and ashes fell on the floor. Overawed by the effects of his impiety, Jeroboam besought the prophet's prayer. His request was acceded to, and the hand was restored to its healthy state. Jeroboam was artful, and invited the prophet to the royal table, not to do him honor or show his gratitude for the restoration of his hand, but to win, by his courtesy and liberal hospitality, a person whom he could not crush by his power. But the prophet informed him of a divine injunction expressly prohibiting him from all social intercourse with any in the place, as well as from returning the same way. The prohibition not to eat or drink in Beth-el was because all the people had become apostates from the true religion, and the reason he was not allowed to return the same way was lest he should be recognized by any whom he had seen in going.
1 Wa 13:11
11. Now there dwelt an old prophet in Beth-el--If this were a true prophet, he was a bad man.
1 Wa 13:18
18. an angel spake unto me by the word of the Lord--This circuitous mode of speaking, instead of simply saying, "the Lord spake to me," was adopted to hide an equivocation, to conceal a double meaning--an inferior sense given to the word "angel"--to offer a seemingly superior authority to persuade the prophet, while really the authority was secretly known to the speaker to be inferior. The "angel," that is, "messenger," was his own sons, who were worshippers, perhaps priests, at Beth-el. As this man was governed by self-interest, and wished to curry favor with the king (whose purpose to adhere to his religious polity, he feared, might be shaken by the portents that had occurred), his hastening after the prophet of Judah, the deception he practised, and the urgent invitation by which, on the ground of a falsehood, he prevailed on the too facile man of God to accompany him back to his house in Beth-el, were to create an impression in the king's mind that he was an impostor, who acted in opposition to his own statement.
1 Wa 13:21
21. he cried unto the man of God that came from Judah--rather, "it cried," that is, the word of the Lord.
1Ki 13:23-32. The Disobedient Prophet Slain by a Lion.
1 Wa 13:24
24. a lion met him by the way, and slew him--There was a wood near Beth-el infested with lions (2Ki 2:24). This sad catastrophe was a severe but necessary judgment of God, to attest the truth of the message with which the prophet had been charged. All the circumstances of this tragic occurrence (the undevoured carcass, the untouched ass, the passengers unmolested by the lion, though standing there) were calculated to produce an irresistible impression that the hand of God was in it.
1 Wa 13:31
31. bury me in the sepulchre wherein the man of God is buried--His motive in making this request was either that his remains might not be disturbed when the predicted events took place (see 2Ki 23:18), or he had some superstitious hope of being benefited at the resurrection by being in the same cave with a man of God.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
