1 Wa 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad. 2 Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la. 3 W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an. 4 Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija lavil Silo. Akija te granmoun anpil, li pa t' wè nan je l' ankò. 5 Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre. 6 Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou. 7 Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 8 Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase. 9 Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache. 10 Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou. 11 Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa. 12 Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri. 13 Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14 Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm. 15 Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a. 16 Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou. 17 Madan Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri. 18 Moun pèp Izrayèl yo pran lapenn pou pitit la, yo antere l', jan Seyè a te di sa nan bouch pwofèt Akija a. 19 Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 20 Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 21 Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 22 Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo. 23 Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. 24 Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la. 25 Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm. 26 Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. 27 Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a. 28 Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l' ale, yo pote yo tounen nan sal gad la. 29 Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 30 Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran. 31 Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 14:1-2
Introduction
Abijah, son of Jeroboam, falls sick, 1Kgs 14:1. Jeroboam sends his wife disguised to Ahijah the prophet, and with her a present, to inquire concerning his son, 1Kgs 14:2-4. Ahijah discovers her by a Divine intimation and delivers to her a heavy message concerning the destruction of Jeroboam's house, and the death of her son, 1Kgs 14:5-16. The child dies, according to the prediction of Ahijah, 1Kgs 14:17. Jeroboam's reign and death, 1Kgs 14:18-20. Rehoboam's bad reign, and the apostasy of Judah, 1Kgs 14:21-24. Shishak, king of Egypt, invades Judea, spoils the temple, and takes away the golden shields made by Solomon; instead of which Rehoboam makes others of brass, 1Kgs 14:25-28. Rehoboam's reign and death, 1Kgs 14:29-31.
Verse 1
Abijah - fell sick - This was but a prelude to the miseries which fell on the house of Jeroboam; but it was another merciful warning, intended to turn him from his idolatry and wickedness.
1 Wa 14:3-4
Verse 3
Ten loaves - Probably common or household bread.
Cracknels - נקדים nikkuddim, spotted, or perforated bread; thin cakes, pierced through with many holes, the same as is called Jews' bread to the present day, and used by them at the passover. It was customary to give presents to all great personages; and no person consulted a prophet without bringing something in his hand.
1 Wa 14:5-7
Verse 5
Feign herself to be another woman - It would have been discreditable to Jeroboam's calves, if it had been known that he had consulted a prophet of Jehovah.
1 Wa 14:8-9
Verse 8
And rent the kingdom away from the house of David - That is, permitted it to be rent, because of the folly and insolence of Rehoboam.
1 Wa 14:10
Verse 10
Him that pisseth against the wall - Every male. The phrase should be thus rendered wherever it occurs.
1 Wa 14:11-12
Verse 11
Shall the dogs eat - They shall not have an honorable burial: and shall not come into the sepulchres of their fathers.
1 Wa 14:13-14
Verse 13
In him there is found some good thing - Far be it from God to destroy the righteous with the wicked; God respects even a little good, because it is a seed from himself. The kingdom of heaven is like a grain of mustard seed.
1 Wa 14:15-18
Verse 15
For the Lord shall smite Israel - See this prophecy fulfilled, 1Kgs 15:28-30, when Baasha destroyed all the house and posterity of Jeroboam.
1 Wa 14:19-23
Verse 19
The rest of the acts of Jeroboam - are written in the - chronicles - For some important particulars relative to this reign, see 2 Chronicles 13:1-20.
1 Wa 14:24-25
Verse 24
There were also sodomites in the land - קדשים kedeshim, consecrated persons; persons who had devoted themselves, in practices of the greatest impurity, to the service of the most impure idols.
1 Wa 14:26-27
Verse 26
He took away the treasures - All the treasures which Solomon had amassed, both in the temple and in his own houses; a booty the most immense ever acquired in one place.
All the shields of gold which Solomon had made - These were three hundred in number, and were all made of beaten gold. See a computation of their value in the note on 1Kgs 10:17 (note).
1 Wa 14:28-30
Verse 28
The guard bare them - The guard probably were just three hundred, answering to the number of the shields.
1 Wa 14:31
Verse 31
Naamah an Ammonitess - He was born of a heathen mother, and begotten of an apostate father. From such an impure fountain could sweet water possibly spring?
Abijam his son reigned in his stead - Though righteousness cannot be propagated, because it is supernatural, yet unrighteousness may, for that is a genuine offspring of nature. Abijam was the wicked son of an apostate father and heathenish mother. Grace may be grafted on a crab stock; but let none do evil that good may come of it. A bad stock will produce bad fruit.
Dr. Kennicott observes that the name of this king of Judah is now expressed three ways: here and in four other places it is Abijam or Abim; in two others it is Abihu, but in eleven other places it is Abiah, as it is expressed by St. Matthew, Mat 1:7, Ῥοβοαμ εγεννησε τον ΑΒΙΑ; and this is the reading of thirteen of Kennicott's and De Rossi's MSS., and of thirteen respectable editions of the Hebrew Bible. The Syriac is the same. The Septuagint in the London Polyglot has αβιου, Abihu; but in the Complutensian and Antwerp Polyglots, it is αβια, Abiah. Though the common printed Vulgate has Abiam, yet the Editio Princeps of the Vulgate, some MSS., and the text in the Complutensian and Antwerp Polyglots, have Abia; which without doubt is the reading that should in all cases be followed.
The rabbins say, and particularly Rab. Sol. Jarchi, that the Shishak mentioned in this chapter is Pharaoh Necho, and that he invaded Israel in order to get the ivory throne of his son-in-law Solomon, which he had always coveted; and this throne he carried away. It appears however that he spoiled the temple, the king's palace, etc., and in short took every thing away without resistance which he chose to carry off. It is very likely that this had a good effect on Rehoboam; it probably caused him to frequent the temple, 1Kgs 14:28, which it is likely he had before neglected. This history is more particularly told in 2 Chron. 12, to which the reader will do well to refer; and as to Rehoboam, though so much positive iniquity is not laid to his charge as to his father, yet little can be said for his piety; the idolatry introduced by Solomon does not appear to have been lessened in the days of Rehoboam.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
