1 Wa 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l'. 3 Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, y' al jwenn Woboram, yo di l' konsa: 4 -Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale. 5 Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li. 6 Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? 7 Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou. 8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy. 9 Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? 10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. 11 Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a. 13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. 14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 15 Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre. 16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo. 17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a. 20 Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la. 21 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l' al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l' mete yo anba lòd li ankò. 22 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: 23 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo: 24 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a. 25 Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl. 26 Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò. 27 Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò. 28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip. 29 Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann. 30 Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. 31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. 32 Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo. 33 Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 12:1
1Ki 12:1-5. Refusing the Old Men's Counsel.
1. Rehoboam went to Shechem--He was the oldest, and perhaps the only son of Solomon, and had been, doubtless, designated by his father heir to the throne, as Solomon had been by David. The incident here related took place after the funeral obsequies of the late king and the period for public mourning had past. When all Israel came to make him king, it was not to exercise their old right of election (1Sa 10:19-21), for, after God's promise of the perpetual sovereignty to David's posterity, their duty was submission to the authority of the rightful heir; but their object was, when making him king, to renew the conditions and stipulations to which their constitutional kings were subject (1Sa 10:25). To the omission of such rehearsing which, under the peculiar circumstances in which Solomon was made king, they were disposed to ascribe the absolutism of his government.
Shechem--This ancient, venerable, and central town was the place of convocation; and it is evident, if not from the appointment of that place, at least from the tenor of their language, and the concerted presence of Jeroboam [1Ki 12:3], that the people were determined on revolt.
1 Wa 12:4
4. Thy father made our yoke grievous--The splendor of Solomon's court and the magnitude of his undertakings being such, that neither the tribute of dependent states, nor the presents of foreign princes, nor the profits of his commercial enterprises, were adequate to carry them on, he had been obliged, for obtaining the necessary revenue, to begin a system of heavy taxation. The people looked only to the burdens, not to the benefits they derived from Solomon's peaceful and prosperous reign--and the evils from which they demanded deliverance were civil oppressions, not idolatry, to which they appear to have been indifferent or approving.
1 Wa 12:5-8
5-8. he said ... Depart yet for three days--It was prudent to take the people's demand into calm and deliberate consideration. Whether, had the advice of the sage and experienced counsellors been followed, any good result would have followed, it is impossible to say. It would at least have removed all pretext for the separation. [See on 2Ch 10:7.] But he preferred the counsel of his young companions (not in age, for they were all about forty-one, but inexperienced), who recommended prompt and decisive measures to quell the malcontents.
1 Wa 12:11
11. whips ... scorpions--The latter [instruments], as contrasted with the former, are supposed to mean thongs thickly set with sharp iron points, used in the castigation of slaves.
1 Wa 12:15-18
15-18. the king hearkened not unto the people, for the cause was from the Lord--That was the overruling cause. Rehoboam's weakness (Ec 2:18, 19) and inexperience in public affairs has given rise to the probable conjecture, that, like many other princes in the East, he had been kept secluded in the harem till the period of his accession (Ec 4:14), his father being either afraid of his aspiring to the sovereignty, like the two sons of David, or, which is more probable, afraid of prematurely exposing his imbecility. The king's haughty and violent answer to a people already filled with a spirit of discontent and exasperation, indicated so great an incapacity to appreciate the gravity of the crisis, so utter a want of common sense, as to create a belief that he was struck with judicial blindness. It was received with mingled scorn and derision. The revolt was accomplished, and yet so quietly, that Rehoboam remained in Shechem, fancying himself the sovereign of a united kingdom, until his chief tax gatherer, who had been most imprudently sent to treat with the people, had been stoned to death. This opened his eyes, and he fled for security to Jerusalem.
1Ki 12:20-33. Jeroboam Made King over Them.
1 Wa 12:20-24
20-24. when all Israel heard that Jeroboam was come again--This verse closes the parenthetical narrative begun at 1Ki 12:2, and 1Ki 12:21-24 resume the history from 1Ki 12:1. Rehoboam determined to assert his authority by leading a large force into the disaffected provinces. But the revolt of the ten tribes was completed when the prophet Shemaiah ordered, in the Lord's name, an abandonment of any hostile measures against the revolutionists. The army, overawed by the divine prohibition, dispersed, and the king was obliged to submit.
1 Wa 12:25
25. Jeroboam built Shechem--destroyed by Abimelech (Jud 9:1-49). It was rebuilt, and perhaps fortified, by Jeroboam, as a royal residence.
built Penuel--a ruined city with a tower (Jud 8:9), east of Jordan, on the north bank of the Jabbok. It was an object of importance to restore this fortress (as it lay on the caravan road from Gilead to Damascus and Palmyra) and to secure his frontier on that quarter.
1 Wa 12:26-32
26-32. Jeroboam said in his heart, Now shall the kingdom return to the house of David--Having received the kingdom from God, he should have relied on the divine protection. But he did not. With a view to withdraw the people from the temple and destroy the sacred associations connected with Jerusalem, he made serious and unwarranted innovations on the religious observances of the country, on pretext of saving the people the trouble and expense of a distant journey. First, he erected two golden calves--the young bulls, Apis and Mnevis, as symbols (in the Egyptian fashion) of the true God, and the nearest, according to his fancy, to the figures of the cherubim. The one was placed at Dan, in the northern part of his kingdom; the other at Beth-el, the southern extremity, in sight of Jerusalem, and in which place he probably thought God was as likely to manifest Himself as at Jerusalem (Ge 32:1-32; 2Ki 2:2). The latter place was the most frequented--for the words (1Ki 12:30) should be rendered, "the people even to Dan went to worship before the one" (Jr 48:13; Am 4:4, 5; 5:5; Ho 5:8; 10:8). The innovation was a sin because it was setting up the worship of God by symbols and images and departing from the place where He had chosen to put His name. Secondly, he changed the feast of tabernacles from the fifteenth of the seventh to the fifteenth of the eighth month. The ostensible reason might be, that the ingathering or harvest was later in the northern parts of the kingdom; but the real reason was to eradicate the old association with this, the most welcome and joyous festival of the year.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
