1 Wa 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. 2 Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. 3 Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. 4 Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. 5 Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 6 Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. 7 Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 8 Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo. 9 Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon, 10 atout li te ba li lòd pou li pa sèvi bondye lòt nasyon yo, Salomon pa t' koute Seyè a, li pa swiv lòd li yo. 11 Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou. 12 Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an. 13 Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li. 14 Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon. 15 Men istwa Adad: Lontan sa, nan tan David t'ap fè lagè ak peyi Edon, Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a. 16 Joab rete sis mwa nan peyi a ansanm ak tout lame a jouk yo fin touye dènye gason ladan l'. 17 Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l' ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l'. Y' ale nan peyi Lejip. 18 Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l' rete ak yon pòsyon tè pou l' travay. Lèfini li ba li manje. 19 Adad sitèlman vin bon zanmi farawon an, farawon an pran bèlsè li, sè larenn Takpènès, li bay Adad li pou madanm. 20 Madan Adad fè yon pitit gason yo te rele Genoubat. Larenn Takpenès fè elve Genoubat nan palè a kote li grandi ansanm ak tout pitit wa yo. 21 Lè nouvèl lanmò David ak lanmò Joab rive nan peyi Lejip, tonbe nan zòrèy Adad, Adad di farawon an konsa: -Kite m' tounen nan peyi m'. 22 Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'. 23 Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a. 24 Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas. 25 Pandan tout rèy wa Salomon, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri. 26 Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa. 27 Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'. 28 Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo. 29 Yon jou, Jewoboram te fèk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo. 30 Akija wete rad nèf ki te sou li a, li chire l' fè douz moso. 31 Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou. 32 Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan. 33 Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la. 34 Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo. 35 Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen. 36 M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a. 37 Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a. 38 Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou. 39 Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan. 40 Se poutèt sa Salomon te soti pou l' touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri. 41 Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann. 42 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan. 43 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 11:1-2
1Ki 11:1-8. Solomon's Wives and Concubines in His Old Age.
1-2. But King Solomon loved many strange women--Solomon's extraordinary gift of wisdom was not sufficient to preserve him from falling into grievous and fatal errors. A fairer promise of true greatness, a more beautiful picture of juvenile piety, never was seen than that which he exhibited at the commencement of his reign. No sadder, more humiliating, or awful spectacle can be imagined than the besotted apostasy of his old age; and to him may be applied the words of Paul (Ga 3:3), of John (Re 3:17), and of Isaiah (Is 14:21). A love of the world, a ceaseless round of pleasure, had insensibly corrupted his heart, and produced, for a while at least, a state of mental darkness. The grace of God deserted him; and the son of the pious David--the religiously trained child of Bath-sheba (Pr 31:1-3), and pupil of Nathan, instead of showing the stability of sound principle and mature experience became at last an old and foolish king (Ec 4:13). His fall is traced to his "love of many strange women." Polygamy was tolerated among the ancient Hebrews; and, although in most countries of the East, the generality of men, from convenience and economy, confine themselves to one woman, yet a number of wives is reckoned as an indication of wealth and importance, just as a numerous stud of horses and a grand equipage are among us. The sovereign, of course, wishes to have a more numerous harem than any of his subjects; and the female establishments of many Oriental princes have, both in ancient and modern times, equalled or exceeded that of Solomon's. It is probable, therefore, that, in conformity with Oriental notions, he resorted to it as a piece of state magnificence. But in him it was unpardonable, as it was a direct and outrageous violation of the divine law (De 17:17), and the very result which that statute was ordained to prevent was realized in him. His marriage with the daughter of Pharaoh is not censured either here or elsewhere (see on 1Ki 3:1). It was only his love for many strange women; for women, though in the East considered inferiors, exert often a silent but powerful seductive influence over their husbands in the harem, as elsewhere, and so it was exemplified in Solomon.
1 Wa 11:3
3. he had seven hundred wives, princesses--They were, probably, according to an existing custom, the daughters of tributary chiefs, given as hostages for good conduct of their fathers.
concubines--were legitimate, but lower or secondary wives. These the chief or first wife regards without the smallest jealousy or regret, as they look up to her with feelings of respectful submission. Solomon's wives became numerous, not all at once, but gradually. Even at an early period his taste for Oriental show seems to have led to the establishment of a considerable harem (So 6:8).
1 Wa 11:4
4. when Solomon was old--He could not have been more than fifty.
his wives turned away his heart after other gods--Some, considering the lapse of Solomon into idolatry as a thing incredible, regard him as merely humoring his wives in the practice of their superstition; and, in countenancing their respective rites by his presence, as giving only an outward homage--a sensible worship, in which neither his understanding nor his heart was engaged. The apology only makes matters worse, as it implies an adding of hypocrisy and contempt of God to an open breach of His law. There seems no possibility of explaining the language of the sacred historian, but as intimating that Solomon became an actual and open idolater, worshipping images of wood or stone in sight of the very temple which, in early life, he had erected to the true God. Hence that part of Olivet was called the high place of Tophet (Jr 7:30-34), and the hill is still known as the Mount of Offense, of the Mount of Corruption (2Ki 23:13).
1 Wa 11:5-7
5-7. Ashtoreth--Astarte,
Milcom--Molech,
and Chemosh--He built altars for these three; but, although he is described (1Ki 11:8) as doing the same for "all his strange wives," there is no evidence that they had idols distinct from these; and there is no trace whatever of Egyptian idolatry.
1 Wa 11:8
8. burnt incense and sacrificed unto their gods--The first was considered a higher act of homage, and is often used as synonymous with worship (2Ki 22:17; 23:5).
1Ki 11:9-13. God Threatens Him.
1 Wa 11:9-12
9-12. the Lord was angry with Solomon--The divine appearance, first at Gibeon [1Ki 3:5], and then at Jerusalem [1Ki 9:2], after the dedication of the temple, with the warnings given him on both occasions [1Ki 3:11-14; 9:3-9], had left Solomon inexcusable; and it was proper and necessary that on one who had been so signally favored with the gifts of Heaven, but who had grossly abused them, a terrible judgment should fall. The divine sentence was announced to him probably by Ahijah; but there was mercy mingled with judgment, in the circumstance, that it should not be inflicted on Solomon personally--and that a remnant of the kingdom should be spared--"for David's sake, and for Jerusalem's sake, which had been chosen" to put God's name there; not from a partial bias in favor of either, but that the divine promise might stand (2Sa 7:12-16).
1 Wa 11:13
13. I will give one tribe to thy son--There were left to Rehoboam the tribes of Judah, Benjamin, and Levi (2Ch 11:12, 13); and multitudes of Israelites, who, after the schism of the kingdom, established their residence within the territory of Judah to enjoy the privileges of the true religion (1Ki 12:17). These are all reckoned as one tribe.
1Ki 11:14-40. Solomon's Adversaries.
1 Wa 11:14-25
14-25. the Lord stirred up an adversary--that is, permitted him, through the impulse of his own ambition, or revenge, to attack Israel. During the war of extermination, which Joab carried on in Edom (2Sa 8:13), this Hadad, of the royal family, a mere boy when rescued from the sword of the ruthless conqueror, was carried into Egypt, hospitably entertained, and became allied with the house of the Egyptian king. In after years, the thought of his native land and his lost kingdom taking possession of his mind, he, on learning the death of David and Joab, renounced the ease, possessions, and glory of his Egyptian residence, to return to Edom and attempt the recovery of his ancestral throne. The movements of this prince seem to have given much annoyance to the Hebrew government; but as he was defeated by the numerous and strong garrisons planted throughout the Edomite territory, Hadad seems to have offered his services to Rezon, another of Solomon's adversaries (1Ki 11:23-25). This man, who had been general of Hadadezer and, on the defeat of that great king, had successfully withdrawn a large force, went into the wilderness, led a predatory life, like Jephthah, David, and others, on the borders of the Syrian and Arabian deserts. Then, having acquired great power, he at length became king in Damascus, threw off the yoke, and was "the adversary of Israel all the days of Solomon." He was succeeded by Hadad, whose successors took the official title of Ben-hadad from him, the illustrious founder of the powerful kingdom of Damascene-Syria. These hostile neighbors, who had been long kept in check by the traditional fame of David's victories, took courage; and breaking out towards the latter end of Solomon's reign, they must have not only disturbed his kingdom by their inroads, but greatly crippled his revenue by stopping his lucrative traffic with Tadmor and the Euphrates.
1 Wa 11:26-40
26-40. Jeroboam--This was an internal enemy of a still more formidable character. He was a young man of talent and energy, who, having been appointed by Solomon superintendent of the engineering works projected around Jerusalem, had risen into public notice, and on being informed by a very significant act of the prophet Ahijah of the royal destiny which, by divine appointment, awaited him, his mind took a new turn.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
