1 Istwa 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal. 2 Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora. 3 Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni. 4 Penwèl, yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madan Kalèb. Se branch fanmi l' lan ki te bati lavil Betleyèm. 5 Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara. 6 Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari. 7 Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan. 8 Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum. 9 Te gen yon moun yo te rele Jabez. Nan tout fanmi l', se li menm yo te pi respekte. Manman l' te rele l' konsa, paske li te soufri anpil lè li t'ap fè l'. 10 Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a. 11 Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton. 12 Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka. 13 Kenaz te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi. 14 Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bòs Atizan yo. Tout moun sa yo te bòs nan metye yo. 15 Kalèb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l': Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz. 16 Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl. 17 - 18 Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou. Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa. 19 Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa. 20 Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt. 21 Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fin nan lavil Bètachbea yo. 22 Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Moab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete. 23 Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a. 24 Simeyon te gen senk pitit gason: Nemwèl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil. 25 Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma, 26 Michma te papa Amwèl, Amwèl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi. 27 Chimeyi te gen sèz pitit gason ak sis pitit fi. Men lòt frè l' yo pa t' fè anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pa t' rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a. 28 Rive sou rèy wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal, 29 Bila, Ezèm, Tolad, 30 Betwèl, Oma, Zikla, 31 Bètmakabòt, Azasousim, Bètbireyi ak Charayim. 32 Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan, 33 ak tout ti bouk ki nan vwazinaj yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo. 34 - 35 Men moun ki te chèf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Joèl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyèl, 36 Elioenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaja, 37 Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja. 38 Tout moun nou sot nonmen la yo te chèf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou. 39 Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a. 40 La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan. 41 Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedò, yo touye moun fanmi Kam yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo. 42 Senksan (0500) lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl. 43 Lè yo rive, yo touye rès moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 4:1
1Ch 4:1-8. Posterity of Judah by Caleb the Son of Hur.
1. the sons of Judah--that is, "the descendants," for with the exception of Pharez, none of those here mentioned were his immediate sons. Indeed, the others are mentioned solely to introduce the name of Shobal, whose genealogy the historian intended to trace (1Ch 2:52).
1Ch 4:9-20. Of Jabez, and His Prayer.
1 Istwa 4:9-10
9-10. Jabez--was, as many think, the son of Coz, or Kenaz, and is here eulogized for his sincere and fervent piety, as well, perhaps, as for some public and patriotic works which he performed. The Jewish writers affirm that he was an eminent doctor in the law, whose reputation drew so many scribes around him that a town was called by his name (1Ch 2:55); and to the piety of his character this passage bears ample testimony. The memory of the critical circumstances which marked his birth was perpetuated in his name (compare Ge 35:15); and yet, in the development of his high talents or distinguished worth in later life, his mother must have found a satisfaction and delight that amply compensated for all her early trials. His prayer which is here recorded, and which, like Jacob's, is in the form of a vow (Ge 28:20), seems to have been uttered when he was entering on an important or critical service, for the successful execution of which he placed confidence neither on his own nor his people's prowess, but looked anxiously for the aid and blessing of God. The enterprise was in all probability the expulsion of the Canaanites from the territory he occupied; and as this was a war of extermination, which God Himself had commanded, His blessing could be the more reasonably asked and expected in preserving them from all the evils to which the undertaking might expose him. In these words, "that it may not grieve me," and which might be more literally rendered, "that I may have no more sorrow," there is an allusion to the meaning of his name, Jabez, signifying "grief"; and the import of this petition is, Let me not experience the grief which my name implies, and which my sins may well produce.
1 Istwa 4:13
13. the sons of Kenaz--the grandfather of Caleb, who from that relationship is called a Kenezite (Nu 32:12).
1 Istwa 4:14
14. Joab, the father of the valley of Carashim--literally, "the father of the inhabitants of the valley"--"the valley of craftsmen," as the word denotes. They dwelt together, according to a custom which, independently of any law, extensively prevails in Eastern countries for persons of the same trade to inhabit the same street or the same quarter, and to follow the same occupation from father to son, through many generations. Their occupation was probably that of carpenters, and the valley where they lived seems to have been in the neighborhood of Jerusalem (Ne 11:35).
1 Istwa 4:17-18
17-18. she bare Miriam--It is difficult, as the verses stand at present, to see who is meant. The following readjustment of the text clears away the obscurity: "These are the sons of Bithiah the daughter of Pharaoh, which Mered took, and she bare Miriam, and his wife Jehudijah bare Jezreel," &c.
1 Istwa 4:21
21. Laadah ... the father ... of the house of them that wrought fine linen--Here, again, is another incidental evidence that in very early times certain trades were followed by particular families among the Hebrews, apparently in hereditary succession. Their knowledge of the art of linen manufacture had been, most probably, acquired in Egypt, where the duty of bringing up families to the occupations of their forefathers was a compulsory obligation, whereas in Israel, as in many parts of Asia to this day, it was optional, though common.
1 Istwa 4:22-23
22-23. had the dominion in Moab, and Jashubi-lehem--"And these are ancient things" seems a strange rendering of a proper name; and, besides, it conveys a meaning that has no bearing on the record. The following improved translation has been suggested: "Sojourned in Moab, but returned to Beth-lehem and Adaberim-athekim. These and the inhabitants of Netaim and Gedera were potters employed by the king in his own work." Gedera or Gederoth, and Netaim, belonged to the tribe of Judah, and lay on the southeast border of the Philistines' territory (Jos 15:36; 2Ch 28:18).
1Ch 4:24-43. Of Simeon.
1 Istwa 4:24
24. The sons of Simeon--They are classed along with those of Judah, as their possession was partly taken out of the extensive territory of the latter (Jos 19:1). The difference in several particulars of the genealogy given here from that given in other passages is occasioned by some of the persons mentioned having more than one name [compare Ge 46:10; Ex 6:15; Nu 26:12].
1 Istwa 4:27
27. his brethren had not many children--(see Nu 1:22; 26:14).
1 Istwa 4:31-43
31-43. These were their cities unto the reign of David--In consequence of the sloth or cowardice of the Simeonites, some of the cities within their allotted territory were only nominally theirs. They were never taken from the Philistines until David's time, when, the Simeonites having forfeited all claim to them, he assigned them to his own tribe of Judah (1Sa 27:6).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
