1 Istwa 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit. 2 Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la. 3 Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 4 Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi, 5 Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal. 6 Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte. 7 Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari, 8 Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò. 9 Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve. 10 Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad. 11 Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve. 12 Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan. 13 Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè. 14 Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz. 15 Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo. 16 Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an. 17 Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo. 18 Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (044.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè. 19 Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab. 20 Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo. 21 Yo pran senkantmil (050.000) chamo, desansenkantmil (0250.000) mouton ak kabrit, demil (02.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (0100.000) prizonye. 22 Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo. 23 Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil. 24 Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo. 25 Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y' al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo. 26 Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 5:1
1Ch 5:1-10. The Line of Reuben.
1. Now the sons of Reuben--In proceeding to give this genealogy, the sacred historian states, in a parenthesis (1Ch 5:1, 2), the reason why it was not placed first, as Reuben was the oldest son of Jacob. The birthright, which by a foul crime he had forfeited, implied not only dominion, but a double portion (De 21:17); and both of these were transferred to Joseph, whose two sons having been adopted as the children of Jacob (Ge 48:5), received each an allotted portion, as forming two distinct tribes in Israel. Joseph then was entitled to the precedency; and yet, as his posterity was not mentioned first, the sacred historian judged it necessary to explain that "the genealogy was not to be reckoned after the birthright," but with a reference to a superior honor and privilege that had been conferred on Judah--not the man, but the tribe, whereby it was invested with the pre-eminence over all the other tribes, and out of it was to spring David with his royal lineage, and especially the great Messiah (He 7:14). These were the two reasons why, in the order of enumeration, the genealogy of Judah is introduced before that of Reuben.
1 Istwa 5:9
9. Eastward he inhabited unto the entering in of the wilderness from the river Euphrates--The settlement was on the east of Jordan, and the history of this tribe, which never took any part in the public affairs or movements of the nation, is comprised in "the multiplication of their cattle in the land of Gilead," in their wars with the Bedouin sons of Hagar, and in the simple labors of pastoral life. They had the right of pasture over an extensive mountain range--the great wilderness of Kedemoth (De 2:26) and the Euphrates being a security against their enemies.
1Ch 5:11-26. The Line of Gad.
1 Istwa 5:11-15
11-15. the children of Gad dwelt over against them--The genealogy of the Gadites and the half-tribe of Manasseh (1Ch 5:24) is given along with that of the Reubenites, as these three were associated in a separate colony.
1 Istwa 5:16
16. Sharon--The term "Sharon" was applied as descriptive of any place of extraordinary beauty and productiveness. There were three places in Palestine so called. This Sharon lay east of the Jordan.
upon their borders--that is, of Gilead and Bashan: Gilead proper, or at least the largest part, belonged to the Reubenites; and Bashan, the greatest portion of it, belonged to the Manassites. The Gadites occupied an intermediate settlement on the land which lay upon their borders.
1 Istwa 5:17
17. All these were reckoned ... in the days of Jotham--His long reign and freedom from foreign wars as well as intestine troubles were favorable for taking a census of the people.
and in the days of Jeroboam--the second of that name.
1 Istwa 5:18-22
18-22. Hagarites--or, "Hagarenes," originally synonymous with "Ishmaelites," but afterwards applied to a particular tribe of the Arabs (compare Psa 83:6).
Jetur--His descendants were called Itureans, and the country Auranitis, from Hauran, its chief city. These, who were skilled in archery, were invaded in the time of Joshua by a confederate army of the tribes of Reuben, Gad, and half Manasseh, who, probably incensed by the frequent raids of those marauding neighbors, took reprisals in men and cattle, dispossessed almost all of the original inhabitants, and colonized the district themselves. Divine Providence favoured, in a remarkable manner, the Hebrew army in this just war.
1 Istwa 5:26
26. the God of Israel stirred up the spirit of Pul--the Phalluka of the Ninevite monuments (see on 2Ki 15:19).
and the spirit of Tilgath-pilneser--the son of the former. By them the trans-jordanic tribes, including the other half of Manasseh, settled in Galilee, were removed to Upper Media. This was the first captivity (2Ki 15:29).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
