1 Istwa 28
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm. 2 David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la. 3 Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule. 4 Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la. 5 Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li. 6 Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li. 7 M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a. 8 Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba. 9 Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan. 10 Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay! 11 Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo. 12 Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a. 13 David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan. 14 Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo, 15 pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo, 16 pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a. 17 Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak. 18 Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a. 19 David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè. 20 Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini. 21 Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 28:1
Introduction
David assembles the princes of Israel, and informs them that the temple was to be built by Solomon; to whom God had given the most gracious promises, 1Chr 28:1-7. He exhorts them and him to be obedient to God, that they might continue to prosper, 1Chr 28:8-10. He gives Solomon a pattern of the work, 1Chr 28:11, 1Chr 28:12; directs him concerning the courses of the priests and Levites, 1Chr 28:13; gives also gold, by weight, for the different utensils of the temple, as God had directed him, 1Chr 28:14-19; encourages Solomon to undertake the work, 1Chr 28:20, 1Chr 28:21.
Verse 1
David assembled - This refers to the persons whose names and offices we have seen in the preceding chapter.
1 Istwa 28:2
Verse 2
David - stood up upon his feet - He was now very old, and chiefly confined to his bed, (see 1Kgs 1:47); and while he was addressing his son Solomon, he continued on the bed; but when all the principal nobles of his kingdom came before him he received strength to arise and address them, standing on his feet.
1 Istwa 28:3
1 Istwa 28:4-7
Verse 4
Over Israel for ever - The government should have no end, provided they continued to walk according to the commandments of God; see 1Chr 28:7. The government, as referring to Christ, is, and will be, without end.
1 Istwa 28:8-9
Verse 8
In the audience of our God - "Before the Word of the Lord." - T.
1 Istwa 28:10
Verse 10
The Lord hath chosen thee - "The Word of the Lord hath chosen thee." - T.
1 Istwa 28:11
Verse 11
David gave to Solomon - the pattern - He gave him an ichnograph of the building, with elevations, sections, and specifications of every part; and all this he received by inspiration from God himself, (see 1Chr 28:12, 1Chr 28:19), just as Moses had received the plan of the tabernacle.
The treasuries thereof - גנזכיו ganzaccaiv. The word גנזך ganzach is not Hebrew, but is supposed to be Persian, the same word being found in Ezr 3:1-13 :19. In this tongue we have the word ganj, a granary, a hidden treasure, and gunjoor, and gunjineh, a treasure, treasury, or barn. Parkhurst supposes that it is compounded of גנז ganaz, to treasure up, and זך zach, pure; a treasury for the most precious things.
1 Istwa 28:12-13
Verse 12
All that he had by the Spirit - "By the Spirit of prophecy that was with him." - T.
1 Istwa 28:14
Verse 14
Of gold by weight - The quantity of gold which was to be put in each article.
1 Istwa 28:15-17
Verse 15
For the candlesticks - There was but one chandelier in the tabernacle; there were ten in the temple. See 1Kgs 7:49.
1 Istwa 28:18
Verse 18
The chariot of the cherubims - "And the figure of the chariot, like to the figure of the propitiatory, where are the figures of the golden cherubim, extending their wings and covering the ark of the covenant of the Lord." - T.
1 Istwa 28:19
Verse 19
Understand in writing - In some vision of ecstasy he had seen a regularly sketched out plan, which had made so deep an impression on his mind that he could readily describe it to his son. "That the architecture of the temple," says Dr. Delaney, "was of Divine origin, I, for my part, am fully satisfied from this passage, and am confirmed in this opinion by finding from Vilalpandas that the Roman, at least the Greek, architecture is derived from this, as from its fountain; and in my humble opinion even an infidel may easily believe these to be of Divine original, inasmuch as they are, at least the latter is, found perfect in the earliest models; nor hath the utmost reach of human wisdom, invention, and industry, been ever able to improve it, or alter it but to disadvantage, through the course of so many ages."
1 Istwa 28:20
Verse 20
The Lord God - my God, will be with thee - "The Word of the Lord my God will be thy assistant." - T.
1 Istwa 28:21
Verse 21
Behold, the courses of the priests - The priests and the Levites, the cunning artificers, and the princes of the people, will be at thy command. Thus David, having assigned him his work, and described the manner in which it was to be done, shows him who were to be his assistants in it, and encourages him in the great undertaking.
Here we find piety, good sense, prudence, zeal for the public welfare and God's glory, the strongest attachments to the worship of Jehovah, and concern for the ordinances of religion, all united; and Solomon has his danger, his duty, and his interest placed before him in the truest and most impressive light by his pious and sensible father.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
