1 Istwa 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (01000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo. 2 Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou, 3 pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la. 4 Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide. 5 Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim. 6 Se konsa li pati avèk tout pèp Izrayèl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo. 7 Lè yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a. 8 David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt. 9 Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a. 10 Men, Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye. 11 David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a. 12 Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a! 13 Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan lavil David. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edon, yon moun lavil Gat. 14 Bwat la pase twa mwa lakay Obèd-Edon, Seyè a te beni fanmi Obèd-Edon ak tout bagay ki te pou yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 13:1-3

1Ch 13:1-8. David Fetches the Ark from Kirjath-jearim.

1-3. David consulted ... And let us bring again the ark of our God--Gratitude for the high and splendid dignity to which he had been elevated would naturally, at this period, impart a fresh animation and impulse to the habitually fervent piety of David; but, at the same time, he was animated by other motives. He fully understood his position as ruler under the theocracy, and, entering on his duties, he was resolved to fulfil his mission as a constitutional king of Israel. Accordingly, his first act as a sovereign related to the interests of religion. The ark being then the grand instrument and ornament of it, he takes the opportunity of the official representatives of the nation being with him, to consult them about the propriety of establishing it in a more public and accessible locality. The assembly at which he spoke of this consisted of the Sheloshim, princes of thousands (2Sa 6:1). During the reign of the late king, the ark had been left in culpable neglect. Consequently the people had, to a great extent, been careless about the ordinances of divine worship, or had contented themselves with offering sacrifices at Gibeon, without any thought of the ark, though it was the chief and most vital part of the tabernacle. The duty and advantages of this religious movement suggested by the king were apparent, and the proposal met with universal approval.

1 Istwa 13:5

5. from Shihor of Egypt--(Jos 15:4, 47; Nu 34:5; 1Ki 8:65; 2Ki 24:7; 2Ch 7:8); a small brook flowing into the Mediterranean, near the modern El-arish, which forms the southern boundary of Palestine.

unto the entering of Hemath--the defile between the mountain ranges of Syria and the extreme limit of Palestine on the north.

1 Istwa 13:6-14

6-14. David went up, and all Israel, to Baalah--(See on 2Sa 6:1-11).

whose name is called on it--rather, "who is worshipped there" (2Sa 6:2).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.