1 Istwa 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li. 2 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la. 3 Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. 4 Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon, 5 Jibka, Elichwa, Elpelèt, 6 Noga, Nefèg, Jafya, 7 Elichama, Baalyada ak Elifelèt. 8 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo. 9 Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan. 10 David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. 11 David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim. 12 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife. 13 Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay. 14 David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo. 15 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo. 16 David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè. 17 Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 14:1-3
Introduction
Hiram sends artificers and materials to David, to build him a house, 1Chr 14:1, 1Chr 14:2. David's wives and children, 1Chr 14:3-7. He defeats the Philistines in two battles: one in the valley of Rephaim, 1Chr 14:8-12; and the other at Gibeon and Gazer, 1Chr 14:13-16. His fame goes out into all the surrounding nations, 1Chr 14:17.
Verse 1
Now Hiram king of Tyre - See the transactions of this chapter related 2Sam 5:11-25 (note).
1 Istwa 14:4-7
Verse 4
These are the names of his children - In 2Sam 5:14-16 (note), eleven persons only are mentioned in the Hebrew text, but the Septuagint has twenty-four, here there are thirteen, and all the versions have the same number, with certain varieties in the names. - See the notes there.
1 Istwa 14:8-9
Verse 8
The Philistines went up to seek David - See on 2Sam 5:17 (note).
1 Istwa 14:10
Verse 10
David inquired of God - "David consulted the Word of the Lord." - T.
1 Istwa 14:11-14
Verse 11
Like the breaking forth of waters - "And David said, The Lord hath broken the enemies of David like to the breaking of a potter's vessel full of water." - T.
1 Istwa 14:15-16
Verse 15
A sound of going - "When thou shalt hear the sound of the angels coming to thy assistance, then go out to battle; for an angel is sent from the presence of God, that he may render thy way prosperous." - T.
1 Istwa 14:17
Verse 17
Into all lands - That is, all the surrounding or neighboring lands and nations, for no others can possibly be intended.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
