1 Istwa 12

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a. 2 Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil. 3 Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt, 4 Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera. 5 Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf, 6 Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a. 7 Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò. 8 Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn. 9 Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab, 10 katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi, 11 sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl, 12 wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad, 13 dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi. 14 Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (0100) sòlda, pi gran an te vo mil (01000) sòlda. 15 Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche. 16 Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a. 17 David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou. 18 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a. 19 Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li. 20 Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase. 21 Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a. 22 Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'. 23 Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la. 24 Nan branch fanmi Jida a, similwisan (06.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè. 25 Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (07.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè. 26 Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (04.600), 27 plis twamilsètsan (03.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo. 28 Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li. 29 Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (03.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil. 30 Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (020.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo. 31 Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (018.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la. 32 Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (0200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo. 33 Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (050.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo. 34 Nan branch fanmi Neftali a, mil (01000) chèf ansanm ak trannsètmil (037.000) gason ak plak pwotèj ak frenn. 35 Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (028.600) sòlda. 36 Nan branch fanmi Asè a, karantmil (040.000) sòlda ki konn mache fè lagè. 37 Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (0120.000) gason ak tout kalite zam. 38 Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa. 39 Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo. 40 Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 12:1-7

1Ch 12:1-22. The Companies That Came to David at Ziklag.

1-7. Now these are they that came to David to Ziklag--There are three lists given in this chapter, arranged, apparently, according to the order of time when the parties joined the standard of David.

while he yet kept himself close because of Saul--that is, when the king's jealousy had driven him into exile from the court and the country.

Ziklag--(See on 1Sa 27:6). It was during his retirement in that Philistine town that he was joined in rapid succession by the heroes who afterwards contributed so much to the glory of his reign.

1 Istwa 12:8-13

8-13. of the Gadites there separated themselves unto David--that is, from the service of Saul and from the rest of the Gadites who remained steadfast adherents of his cause.

into the hold--or fortress, that is, of Ziklag, which was in the wilderness of Judah.

whose faces were like the faces of lions, &c.--A fierce, lion-like countenance (2Sa 1:23), and great agility in pursuit (2Sa 2:18), were qualities of the highest estimation in ancient warfare.

1 Istwa 12:14

14. one of the least was over an hundred, and the greatest over a thousand--David, while at Ziklag, had not so large an amount of forces as to give to each of these the command of so many men. Another meaning, therefore, must obviously be sought, and excluding was, which is a supplement by our translators, the import of the passage is, that one of the least could discomfit a hundred, and the greatest was worth a thousand ordinary men; a strong hyperbole to express their uncommon valor.

1 Istwa 12:15

15. These are they that went over Jordan in the first month--that is, in spring, when the swollen river generally fills up the banks of its channel (see on Jos 3:14; Jos 4:19; Jos 5:10).

they put to flight all them of the valleys--This was probably done at the time of their separating themselves and their purpose being discovered, they had to cut their passage through the opposing adherents of Saul, both on the eastern and western banks. The impossibility of taking the fords at such a time, and the violent rapidity of the current, make this crossing of the Jordan--in whatever way these Gadites accomplished it--a remarkable feat.

1 Istwa 12:16

16. the children of Benjamin and Judah--It is probable that the Benjamites invited the Judahites to accompany them, in order to prevent David being suspicious of them. Their anticipations, as the result showed, were well founded. He did suspect them, but the doubts of David as to their object in repairing to him, were promptly dispelled by Amasai or Amasa, who, by the secret impulse of the Spirit, assured him of their strong attachment and their zealous service from a unanimous conviction that his cause was owned and blessed of God (1Sa 18:12-14).

1 Istwa 12:19-22

19-22. there fell some of Manasseh--The period of their accession is fixed as the time when David came with the Philistines against Saul to battle.

but they helped them not--(See on 1Sa 29:4).

1 Istwa 12:23

23. these are the numbers of the bands ... that came to David to Hebron--after the death of Ish-bosheth (see on 2Sa 5:1).

to turn the kingdom of Saul to him, according to the word of the Lord--(1Ch 10:14; 11:3, 10). The account commences with the southern tribes, Levi being associated with Judah and Simeon, as the great majority of the leading men in this tribe resided in Judah; and, after recounting the representatives of the northern tribes, it concludes with those on the east of Jordan.

1 Istwa 12:27

27. Jehoiada, the leader of the Aaronites--not the high priest, for that was Abiathar (1Sa 23:9), but the leader of the Aaronite warriors, supposed to be the father of Benaiah (1Ch 11:22).

1 Istwa 12:29

29. Benjamin ... three thousand--This small number shows the unpopularity of the movement in this tribe; and, indeed, it is expressly stated that the mass of the population had, even after Ish-bosheth's death, anxiously endeavored to secure the crown in the family of Saul.

1 Istwa 12:32

32. children of Issachar, ... that had understanding of the times, &c.--Jewish writers say that the people of this tribe were eminent for their acquirements in astronomical and physical science; and the object of the remark was probably to show that the intelligent and learned classes were united with the military, and had declared for David.

1 Istwa 12:33

33. Zebulun ... could keep rank--that is, were more disciplined soldiers than the rest.

not of double heart--Though their numbers were large, all were in a high degree well affected to David.

1 Istwa 12:38

38. all the rest also of Israel were of one heart to make David king--that is, entertained a unanimous desire for his elevation.

1 Istwa 12:39-40

39-40. there they were with David three days, eating and drinking--According to the statements made in the preceding verses, the number of armed warriors assembled in Hebron on this occasion amounted to three hundred thousand. Supplies of provisions were abundantly furnished, not only by the people of the neighborhood, but from distant parts of the country, for all wished the festivities to be on a scale of liberality and magnificence suitable to the auspicious occasion.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.