1 Istwa 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. 2 Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo. 3 Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl. 4 David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou. 5 Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. 6 David pou tèt pa l' te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l' chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l' lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf. 7 Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l' lavil David la. 8 Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Joab menm rebati rès lavil la. 9 Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l'. 10 Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa. 11 Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan (0300) moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou. 12 Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit gason Dodo, pitit yon moun lavil Akwo. Se te yonn nan twa pi vanyan yo. 13 Li te avèk David lè David t'ap goumen ak moun Filisti yo nan batay bò Pasdamen an. Li te nan yon jaden lòj lè sòlda pèp Izrayèl yo konmanse kouri devan moun Filisti yo. 14 Se konsa, li menm ak sòlda li yo, yo tout rete kanpe nan mitan jaden lòj la, yo kenbe tèt ak moun Filisti yo, yo bat yo byen bat, yo kraze yo. Se konsa Seyè a te fè yo genyen batay la sou lènmi yo. 15 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup Trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn moun Refayim yo. 16 Lè sa a, David te nan fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm. 17 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: -Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan? 18 Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a. 19 Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè. 20 Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (0300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo. 21 Se li menm ki te resevwa plis lwanj nan Trant vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. 22 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo al touye yon lyon. 23 Li touye tou yon moun peyi Lejip, yon gwo potorik gason sèt pye sis pous wotè, ki te gen yon gwo frenn nan men li. Frenn lan te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo mach pilon. Benaja menm al atake li ak yon baton ase. Li wete lans lan nan men moun peyi Lejip la, epi li touye l' avè l'. 24 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant Vanyan yo. 25 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant Vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' nan gad kò li. 26 Men non lòt vanyan sòlda yo: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm. 27 Chamòt, moun lavil Awòd, Elèz, moun lavil Palon, 28 Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, Abyezè, moun lavil Anatòt, 29 Sibekayi, moun lavil Oucha, Ilayi, moun lavil Awoya, 30 Marayi, moun lavil Netofa, Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Netofa, 31 Itayi, pitit gason Ribayi, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo, Benaja, moun lavil Piraton, 32 Ourayi, moun ravin Gach yo, Abiyèl, moun lavil Araba, 33 Azmavèt, moun lavil Baawoum, Elyaba, moun lavil Chalbon, 34 Pitit gason Achèm yo, moun lavil Gizon, Jonatan, pitit gason Chage, moun lavil Ara, 35 Akiyam, pitit gason Saka, moun lavil Ara, Elifal, pitit gason Our, 36 Efè, moun lavil Mekera, Akija, moun lavil Palon, 37 Ezwo, moun lavil Kamèl, Narayi, pitit gason Esbayi, 38 Joèl, frè Natan an, Mibka, pitit gason Agri, 39 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt. Se li menm ki te pote zam Joab, pitit gason Sewouya a. 40 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a, 41 Ouri, moun lavil Et la, Zabad, pitit Aklayi, 42 Adina, pitit Siza, yon chèf nan branch fanmi Woubenn lan, ak yon gwoup trant moun avè l'. 43 Anan, pitit gason Maka, Jozafa, moun lavil Mitni, 44 Ouzya, moun lavil Astawòt, Sama ak Jeyèl, pitit gason Otam, moun lavil Awoyè. 45 Jedyayèl ak Joa, frè li, tou de pitit gason Chimri, moun lavil Tiz. 46 Eliyèl, moun lavil Manayim, Jeribayi ak Josavya, pitit gason Elnam, Jitma, moun lavil Moab, 47 Eliyèl, Obèd ak Jasiyèl, moun lavil Soba.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 11:1

1Ch 11:1-3. David Made King.

1. Then all Israel gathered themselves to David unto Hebron--This event happened on the death of Ish-bosheth (see on 2Sa 5:1). The convention of the estates of the kingdom, the public and solemn homage of the representatives of the people, and the repeated anointing of the new king in their presence and by their direction, seem to have been necessary to the general acknowledgment of the sovereign on the part of the nation (compare 1Sa 11:15).

1Ch 11:4-9. He Wins the Castle of Zion from the Jebusites by Joab's Valor.

1 Istwa 11:4

4. David and all Israel went to ... Jebus--(See on 2Sa 5:6).

1 Istwa 11:8

8. Joab repaired the rest of the city--David built a new town to the north of the old one on Mount Zion; but Joab was charged with a commission to restore the part that had been occupied by the ancient Jebus, to repair the breaches made during the siege, to rebuild the houses which had been demolished or burned in the sacking of the town, and to preserve all that had escaped the violence of the soldiery. This work of reconstruction is not noticed elsewhere [Calmet].

1Ch 11:10-47. A Catalogue of His Worthies.

1 Istwa 11:10

10. These ... are the chief of the mighty men--(See on 2Sa 23:8). They are here described as those who held strongly with him (Margin) to make him king, &c. In these words the sacred historian assigns a reason for introducing the list of their names, immediately after his account of the election of David as king, and the conquest of Jerusalem; namely, that they assisted in making David king. In the original form of the list, and the connection in which it occurs in Samuel, there is no reference to the choice of a king; and even in this passage it is only in the clause introduced into the superscription that such a reference occurs [Keil].

1 Istwa 11:11-13

11-13. Jashobeam, an Hachmonite--or, "son of Hachmoni." He is called also son of Zabdiel (1Ch 27:2), so that, strictly speaking, he was the grandson of Hachmoni (compare 1Ch 27:32).

lifted up his spear against three hundred slain by him at one time--The feat is said (2Sa 23:8) to have been a slaughter of eight hundred in one day. Some endeavor to reconcile the statements in that passage and in this by supposing that he slew eight hundred on one occasion and three hundred on another; while others conjecture that he attacked a body of eight hundred, and, having slain three hundred of them, the rest fled [Lightfoot].

1 Istwa 11:15-19

15-19. David longed, and said, Oh that one would give me drink ... of the well of Beth-lehem--(See on 2Sa 23:15). This chivalrous act evinces the enthusiastic devotion of David's men, that they were ready to gratify his smallest wish at the risk of their lives. It is probable that, when uttering the wish, David had no recollection of the military posted at Beth-lehem. It is generally taken for granted that those who fought a way to the well of Beth-lehem were the three champions just mentioned [see on 1Ch 11:13]. But this is far from being clear. On the contrary, it would seem that three different heroes are referred to, for Abishai (1Ch 11:20) was one of them. The camp of the Philistines was in the valley of Rephaim (1Ch 11:15), which lay on the west of Jerusalem, but an outpost was stationed at Beth-lehem (1Ch 11:16), and through this garrison they had to force a passage.

1 Istwa 11:21

21. howbeit he attained not to the first three--(See on 2Sa 23:19).

1 Istwa 11:22

22. Benaiah ... of Kabzeel--a town in the south of Judah (Jos 15:21; Ne 11:25). It is said that "he had done many acts," though three only are mentioned as specimens of his daring energy and fearless courage.

slew two lionlike men of Moab--literally, "lions of God," that is, great lions or champions. This gallant feat was probably achieved in David's hostile invasion of Moab (2Sa 8:2).

also he went down and slew a lion in a pit in a snowy day--probably a cave into which Benaiah had taken refuge from the snowstorm, and in which he encountered a savage lion which had its lair there. In a spacious cave the achievement would be far greater than if the monster had been previously snared or cabined in a pit.

1 Istwa 11:23

23. he went down--the ordinary phraseology for expressing an engagement in battle. The encounter of Benaiah with this gigantic Egyptian reminds us, in some respects, of David's combat with Goliath. At least, the height of this giant, which was about eight feet, and his armor, resembled his of Gath.

with a staff--that is, having no other weapon in his hand than his walking stick.

1 Istwa 11:25

25. David set him over his guard--the Cherethites and Pelethites that composed the small bodyguard in immediate attendance on the king.

1 Istwa 11:26

26. Also the valiant men of the armies--This was the third degree of military rank, and Asahel was their chief; the names of few of those mentioned are historically known.

1 Istwa 11:27

27. Shammoth--Between this name and Hebez, that of Elikah has evidently fallen out, as we may see (2Sa 23:25, 26) [Bertheau].

1 Istwa 11:30

30. Maharai--chief of the detachment of the guards who attended on the king in the tenth month, January (1Ch 27:13; 2Sa 23:28).

1 Istwa 11:39

39. Naharai--armorbearer to Joab (2Sa 23:37). The non-occurrence of Joab's name in any of the three catalogues is most probably to be accounted for by the circumstance that his office as commander-in-chief raised him to a position superior to all these orders of military knighthood.

1 Istwa 11:41

41. Uriah the Hittite--The enrolment of this name in such a list, attesting, as it does, his distinguished merits as a brave and devoted officer, aggravates the criminality of David's outrage on his life and honor. The number of the names at 1Ch 11:26-41 (exclusive of Asahel and Uriah, who were dead) is thirty, and at 1Ch 11:41-47 is sixteen--making together forty-eight (see on 1Ch 27:1-34). Of those mentioned (1Ch 11:26-41), the greater part belonged to the tribes of Judah and Benjamin; the sixteen names (1Ch 11:41-47) are all associated with places unknown, or with cities and districts on the east of the Jordan. The northern tribes do not appear to have furnished any leaders [Bertheau].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.