1 Istwa 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. 2 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt. 3 Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. 4 Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li. 5 Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil. 6 Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l' yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. 7 Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo. 8 Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a. 9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. 10 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an. 11 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, 12 tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje. 13 Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', 14 pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 10:1
1Ch 10:1-7. Saul's Overthrow and Death.
1. Now the Philistines fought against Israel--The details of this chapter have no relation to the preceding genealogies and seem to be inserted solely to introduce the narrative of David's elevation to the throne of the whole kingdom. The parallel between the books of Samuel and Chronicles commences with this chapter, which relates the issue of the fatal battle of Gilboa almost in the very same words as 1Sa 31:1-13.
1 Istwa 10:3
3. the battle went sore against Saul; and the archers hit him, and he was wounded--The Hebrew words may be thus rendered: "The archers found (attacked) him, and he feared the archers." He was not wounded, at least not dangerously, when he resolved on committing suicide. The deed was the effect of sudden terror and overwhelming depression of spirits [Calmet].
1 Istwa 10:4
4. his armour-bearer would not; for he was sore afraid--He was, of course, placed in the same perilous condition as Saul. But it is probable that the feelings that restrained him from complying with Saul's wish were a profound respect for royalty, mingled with apprehension of the shock which such a catastrophe would give to the national feelings and interests.
1 Istwa 10:6
6. Saul died, and his three sons, and all his house--his sons and courtiers who were there engaged in the battle. But it appears that Ish-bosheth and Mephibosheth were kept at Gibeah on account of their youth.
1Ch 10:8-14. The Philistines Triumph over Him.
1 Istwa 10:10
10. put his armour in the house of their gods--It was common among the heathen to vow to a national or favorite deity, that, in the event of a victory, the armor of the enemy's king, or of some eminent leader, should be dedicated to him as an offering of gratitude. Such trophies were usually suspended on the pillars of the temple.
fastened his head in the temple of Dagon--while the trunk or headless corpse was affixed to the wall of Beth-shan (1Sa 31:10).
1 Istwa 10:13
13. Saul died for his transgression which he committed against the Lord--in having spared the king of the Amalekites and taken the flocks of the people as spoils [1Sa 15:9], as well as in having consulted a pythoness [1Sa 28:7]. Both of these acts were great sins--the first as a violation of God's express and positive command [1Sa 15:3], and the second as contrary to a well-known statute of the kingdom (Le 19:31).
1 Istwa 10:14
14. And inquired not of the Lord--He had done so in form (1Sa 28:6), but not in the spirit of a humble penitent, nor with the believing confidence of a sincere worshipper. His enquiry was, in fact, a mere mockery, and his total want of all right religious impressions was manifested by his rushing from God to a wretched impostor in the service of the devil [1Sa 28:7].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
