Jou 94 sou 365
2 Samyèl 12–13
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
2 Samyèl 12
1Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv. 2Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. 3Pòv la menm pa t' gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l' li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li. 4Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pa t' santi kouraj li pou l' te pran yonn nan mouton l' yo osinon nan bèf li yo pou l' fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fe manje ak li bay vizitè ki te lakay li a. 5David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'. 6Pou l' peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l' te pran an, paske li san pitye. 7Le sa a, Natan di David: -Nonm sa a, se ou menm! Men mesaj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil. 8Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l' lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pa t' kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò. 9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li! 10Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen. 11Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun. 12Ou menm, ou te fè zafè ou la an kachèt. Mwen menm, m'ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa. 13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri. 14Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Seyè a. Se poutèt sa pitit ou fèk genyen an ap mouri. 15Apre sa, Natan al lakay li. Seyè a fè pitit madan Ouri te fè pou David la vin malad grav. 16David tonbe lapriyè Seyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè. 17Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l' leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pa t' vle manje avèk yo. 18Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l', ki jan pou n' al di l' koulye a pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li. 19Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo: -Pitit la mouri? Yo reponn li: -Wi, li mouri. 20David leve atè a, li al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. li ale nan kay Seyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l' manje. Li manje. 21Moun pa l' yo t'ap di l': -Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje. 22David reponn yo: -Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Seyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri. 23Men, koulye a, pitit la mouri, sa m' bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l' leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l' ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò. 24Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l', Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l' Salomon. Seyè a te renmen ti gason sa a. 25Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, paske Seyè a te renmen l' vre. 26Pandan tout tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a. 27Li voye mesaje al di David pou li: -Mwen atake lavil Raba. Mwen pran rezèvwa dlo yo. 28Koulye a, sanble tout rès lame a, mache sou lavil la, vin pran li. Mwen pa ta vle se mwen menm ki pran lavil la lèfini pou tout lwanj lan vin pou mwen. 29Se konsa, David sanble tout lame a, li mache sou lavil Raba. Li atake l', li pran l'. 30Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la. 31Li pran moun ki te rete nan lavil la, li fè yo travay ak goyin, wou ak rach. Li mete yo travay ap fè brik. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil nan peyi Amon an. Apre sa, li tounen Jerizalèm ak tout moun li yo.
2 Samyèl 13
1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li. 2Amnon te sitèlman renmen l', li vin malad paske li pa t' ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pa t' kite l' kontre ak ankenn gason. 3Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. 4Li di Amnon konsa: -Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: -Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m' lan. 5Jonadab di li: -Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l': Tanpri, kite Tama, sè m' lan, vin ban m' manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m' pou m' wè l', lèfini pou l' sèvi m' manje a li menm. 6Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l'. Amnon di l' konsa: -Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m' lan, lèfini pou l' sèvi m' yo li menm. 7David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l' ale kay Amnon pare manje pou li. 8Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l', li fè kèk gato pou li devan je l'. Lèfini, li mete yo kwit. 9Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l': -Fè tout moun soti! Lè tout moun fin soti, 10Amnon di Tama konsa: -Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m'. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. 11Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l' konsa: -vin kouche avè m' non, sè m'! 12Tama di l': -Non, frè m'! Pa fòse m'! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. 13Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'. 14Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l' la. Li te gen plis fòs pase l', li kouche ak li. 15Lèfini, li santi li rayi Tama pou l' mouri. Li vin rayi l' plis pase jan li te renmen l' lan. Li di l': -Mete ou deyò lakay mwen! 16Tama reponn li: -A non! Mete m' deyò konsa! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa t' soti pou koute l'. 17Li rele gason ki t'ap sèvi l' la, li di l': -Wete fi sa a devan je m'! Mete l' deyò. Lèfini, fèmen pòt la akle dèyè l'. 18Gason an fè Tama soti deyò, li fèmen pòt la akle dèyè l'. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit wa yo te konn mete sou yo lè yo poko marye. 19Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale. 20Lè sa a, Absalon, frè l' la, mande l': -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m' pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l' la. Li te nan gwo lapenn. 21Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l'. Li te renmen l' kou de grenn je nan tèt li. 22Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou. 23Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l' yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje. 24li al jwenn wa David, li di l' konsa: -Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m' yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen? 25W'a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l' ale ak benediksyon l'. 26Lè sa a Absalon di l': -Men, èske w'ap kite Amnon, frè m' lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l' ale a? 27Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l' yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l' t'ap fè l' pou yon wa. 28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble. 29Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò. 30Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape. 31Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l' atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou. 32Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l': -Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l' te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l' la. 33Koulye a, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye. 34Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l' sa li wè. 35Jonabad di wa a konsa: -Men sa m' t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini. 36Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo. 37Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon. 38Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a. 39Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
