Jou 79 sou 365
Jij 20–21
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jij 20
1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa. 2Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Seyè a. Te gen katsanmil (0400.000) sòlda apye antou. 3Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive. 4Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit. 5Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri. 6Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la. 7Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè? 8Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò. 9Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo. 10Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la. 11Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo. 12Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou? 13Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a. 14Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rès pèp Izrayèl la. 15Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (026.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (0700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi. 16Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (0700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa. 17Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (0400.000) gason ki te konn goumen. 18Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a. 19Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya. 20Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya. 21Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la. 22Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen. 23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale. 24Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa. 25Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (018.000) solda nan lame pèp Izrayèl la. 26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon. 27Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. 28Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou. 29Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a. 30Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l' anvan an. 31Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn. 32Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo. 33Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a. 34Dimil (010.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo. 35Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (025.100) sòlda nan moun Benjamen yo. 36Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a. 37Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'. 38Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la, 39moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an. 40Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la. 41Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo. 42Yo pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pa t' ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap soti lavil la lòt bò. Yo tout mouri. 43Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve. 44Yo touye dizwitmil (018.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo. 45Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (05.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (02.000) ladan yo. 46Jou sa a, yo te touye vennsenkmil (025.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen. 47Men, gen sisan (0600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa. 48Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.
Jij 21
1Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo. 2Pèp la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Seyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo. 3Yo t'ap di: -Seyè o, Bondye pèp Izrayèl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki manke jòdi a? 4Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon. 5Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a. 6Men, pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frè yo. Yo t'ap di: -Wi jòdi a, pèp Izrayèl la pèdi yon branch fanmi vre! 7Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Seyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm. 8Lè sa a, yo mande: -Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' moute lavil Mispa devan Seyè a? Yo jwenn pesonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pa t' vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an. 9Lè yo t'ap konte moun ki te la yo, pa t' gen yon moun nan lavil Jabès nan peyi Galarad la. 10Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (012.000) sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun. 11Men sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Seyè a. 12Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (0400) jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran. 13Lèfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè. 14Moun Benjamen yo tounen, epi lòt moun Izrayèl yo ba yo jenn fi lavil Jabès yo pa t' touye yo pou madanm. Men, pa t' gen ase pou yo tout. 15Sa te fè pèp Izrayèl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Seyè a te kraze tèt ansanm ki te gen nan pèp Izrayèl la. 16Se konsa chèf ki te la yo di konsa: -Pa gen fanm ankò nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fè la a pou nou bay rès mesye yo fanm pou yo marye? 17Yo di ankò: -Pèp Izrayèl la pa ka pèdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou. 18Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm. 19Apre sa yo di: -Nan kèk jou, se pral lè pou nou fè gwo fèt nou gen pou nou fè chak lanne pou Seyè a lavil Silo. Lavil Silo sa a te sou bò nò lavil Betèl, sou bò sid lavil Lebona, sou bò solèy kouche wout ki soti Betèl moute Sichèm. 20Yo di moun Benjamen yo: -Al kache nan jaden rezen yo. 21Lè n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fèt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avèk yo. 22Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou. 23Mesye Benjamen yo fè sa yo te di yo fè a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansèt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la. 24Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo. 25Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun te fè sa yo pito.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
