Jou 6 sou 365
Jenèz 21–23
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 21
1Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre. 2Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la. 3Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak. 4Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la. 5Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt. 6Sara di konsa. Bondye fè m' bagay ki fè m' ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m' tou. 7Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li. 8Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l' la, Abraram fè yon gwo fèt. 9Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa. 10Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an. 11Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou. 12Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo. 13M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l' tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou. 14Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a. 15Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje. 16li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele. 17Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la. 18Leve non, pran ti pitit la, kenbe l'. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon. 19Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l'. 20Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès. 21Se nan dezè Paran li te rete. Manman l' te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo. 22Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè. 23Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a. 24Abraram reponn. -M' fè sèman. 25Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs. 26Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a. 27Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt. 28Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote. 29Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote. 30Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a. 31Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt. 32Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a. 33Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an. 34Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
Jenèz 22
1Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi! 2Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen. 3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la. 4Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'. 5Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou. 6Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm. 7Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? 8Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm. 9Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo. 10Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an. 11Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi! 12Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen. 13Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. 14Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li. 15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa: 16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. 17Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo. 18Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a. 19Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l' pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a. 20Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la. 21Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram, 22Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl. 23Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan. 24Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.
Jenèz 23
1Sara viv sanvennsetan (0127 an). 2Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li. 3Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa: 4-Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'. 5Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa: 6-Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou. 7Abraram kanpe. Pa respè pou moun Et yo, li bese tèt li byen ba devan yo. 8Li di yo: -Si nou dakò pou m' antere madanm mwen isit la, pou m' wete kadav li devan je m', koute sa m'ap di nou. Nou konnen Efwon, pitit gason Zoka a? Pale avè l' pou mwen. 9Mande l' pou l' vann mwen twou wòch Makpela a ki pou li nan bout jaden l' lan. Mande l' pou l' vann mwen li pou pri li vo, pou sa ka sèvi m' simityè isit la. 10Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li: 11-Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou. 12Men, Abraram bese tèt li byen ba devan moun Et yo. 13Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'. 14Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou: 15Yon moso tè ki vo katsan (0400) pyès lò, pa gen rezon pou n'ap diskite pou sa. Antere madanm ou sou li non! 16Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan (0400) pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a. 17Se konsa, moso tè Efwon te gen Makpela a, anfas peyi Manmre a, ansanm ak tout twou wòch la ak tout pyebwa ki nan jaden an, jouk sou lizyè li, 18yo vin pou Abraram, devan tout moun Et yo, devan tout moun ki te bò pòtay la. 19Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran. 20Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
