Jou 5 sou 365

Jenèz 18–20

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jenèz 18

1Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an. 2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. 3Li di. Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye. 4Kite m' mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a. 5'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a. 6Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen. 7Apre sa, Abraram kouri al nan bann bèt li yo, li pran yon jenn ti bèf byen gra, li bay yonn nan domestik li yo li pou li prese al kòche l'. 8Apre sa, li pran fwomaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a. 9Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la. 10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute. 11Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalen li. 12Sara tonbe ri nan kè l', li t'ap di. Koulye a, kalite jan m' fin vye a, ou kwè lide m' ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun! 13Seyè a di Abraram. Sa ki gen la a pou Sara ri konsa, pou l'ap di nan kè l'. Eske mwen kapab fè pitit ankò, jan m' fin vye a? 14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason. 15Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di. Mwen pa t' ri non! Men Seyè a di l'. Men wi, machè, ou te ri. 16Mesye yo leve, yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Yo rive kote yo te ka voye je yo gade anba pou wè Sodòm. Abraram menm t'ap mache ak yo. Li t'ap kondi yo mete pi devan sou wout la. 17Seyè a di nan kè l'. Mwen pa kapab kache Abraram sa m' pral fè a. 18Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. 19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a. 20Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil. 21M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen. 22Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram. 23Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? 24Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? 25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis. 26Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo. 27Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen. 28Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la. 29Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la. 30Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la. 31Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la. 32Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la. 33Apre li fin pale ak Abraram, Seyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.

Jenèz 19

1De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. 2Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la. 3Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje. 4Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini. 5Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo? 6Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l', 7li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a. 8Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo. 9Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la. 10Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la. 11Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye. 12De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. 13Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'. 14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. 15Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la. 16Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt. 17Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou. 18Men, Lòt reponn li. O! Non, Mèt. Tanpri, pa mande m' tout sa. 19Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen. 20Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'. 21Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan. 22Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la. Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa. 23Solèy te fèk ap leve lè Lòt rive Zoa. 24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa. 25Li detwi de lavil sa yo ak tout plenn lan ansanm ak tout moun ki te rete nan lavil yo ak tout plant ki t'ap pouse nan tè a. 26Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl. 27Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a. 28Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife. 29Se konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li tapral lage sou lavil kote li te rete a. 30Men Lòt te pè rete nan bouk Zoa a. Se konsa, li menm ak de pitit li yo, yo soti Zoa, yo moute, y al rete nan mòn yo. Yo fè kay yo nan yon gwo twou wòch. 31Pi gran fi a di pi piti a. Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou. 32Vini non. Annou fè papa bwè diven jouk li sou. Apre sa, n'a kouche avè l'. Konsa, n'a fè pitit pou papa nou. 33Menm jou sa a, lè aswè rive, yo fè papa yo bwè diven jouk li sou. Pi gran fi a kouche ak papa l'. Men, papa a te sitèlman sou, li pa t' konn anyen. 34Nan denmen, pi gran an di pi piti a. Yèswa, mwen te kouche ak papa m'. Aswè a se tout pa ou: N'ap fè l' bwè diven ankò jouk li sou. Epi w'a al kouche avè l', pou nou de nou kapab fè pitit pou papa nou. 35Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l'. Men, fwa sa a ankò, Lòt pa t' konnen anyen. 36Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo. 37Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a. 38Pi piti a tout fè yon pitit gason. Li rele l' Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.

Jenèz 20

1Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, 2li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li. 3Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye. 4Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri? 5Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal. 6Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen. 7Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. 8Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil. 9Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè. 10Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a? 11Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen. 12Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou. 13Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye. 14Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l'. 15Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi. 16Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (01.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal. 17- 18Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain