Jou 54 sou 365

Deteronòm 5–8

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Deteronòm 5

1Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè. 2Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. 3Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a. 4Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas. 5Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di: 6Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 7Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. 8Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. 9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. 10Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon. 11Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi. 12Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la. 13N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. 14Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. 15N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a. 16Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou. 17Piga nou janm touye moun. 18Piga nou janm fè adiltè. 19Piga nou janm pran sa ki pa pou nou. 20Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. 21Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou. 22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo. 23Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo. 24Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa. 25Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò? 26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an? 27Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l' di nou fè. 28Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon. 29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo. 30Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo. 31Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a. 32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch. 33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.

Deteronòm 6

1Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. 2Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan. 3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. 4Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. 5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou. 6Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 7N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay. 8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. 9N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo. 10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati, 11kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t' fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, 12fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman. 14Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo. 15Paske Seyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè. 16Piga nou sonde Seyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l' bò Masa a. 17Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv. 18N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo, 19pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la. 20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, 21lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. 22Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo. 23Men nou menm, li fè nou soti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. 24Apre sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk koulye a. 25Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.

Deteronòm 7

1Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. 3Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. 4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. 5Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. 6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'. 7Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun. 8Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. 9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. 10Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a. 11Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv. 12Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo. 13L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. 14Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit. 15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo. 16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou. 17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou. 18Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a. 19Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo. 20Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou. 21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'. 22Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou. 23Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt. 24Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout. 25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. 26Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

Deteronòm 8

1Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo. 2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo. 3Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv. 4Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. 5Se pou nou manyè konprann koulye a, Seyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. 6Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li. 7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo, 8yon peyi kote ki gen ble, lòj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myèl, 9yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo. 10Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an. 11Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a. 12Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, 13lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, 14pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. 15Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou. 16Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan. 17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. 18Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a. 19Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt. 20Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain