Jou 55 sou 365
Deteronòm 9–11
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Deteronòm 9
1Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo. 2Moun peyi a se yon bann moun ki gwonèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo. 3Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la. 4Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Seyè a te fè n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a te mete yo deyò ban nou plas yo. 5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb. 6Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye. 7Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a. 8Lè nou te sou mòn Orèb la, nou te eksite kòlè Seyè a. Li te sitèlman fache lè sa a, li te fè lide detwi nou tout. 9Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan. 10Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan. 11Wi, apre karant jou ak karant nwit, Seyè a ban mwen de wòch plat yo avèk kontra a ekri sou yo. 12Epi li di m' konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kò l' nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo. 13Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil. 14Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo. 15Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'. 16Lè mwen wè nou te gen tan dezobeyi Seyè a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo, 17mwen pran de wòch plat ki te nan men m' yo, mwen voye yo jete, mwen kraze yo devan nou tout. 18Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil. 19Mwen menm, mwen te pè anpil lè m' wè jan Seyè a te fache, paske li te fache kont pou l' te disparèt nou nèt. Men, fwa sa a ankò, Seyè a koute m'. 20Lè sa a, li te fache anpil tou sou Arawon jouk li te vle touye l'. Men, mwen te lapriyè nan pye l' pou Arawon. 21Mwen te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete l' nan dife. Mwen mete l' nan yon pilon, mwen kraze l' an myèt moso, mwen fè l' tounen pousyè. Lèfini, mwen te jete pousyè a nan dlo larivyè ki desann soti nan mòn lan. 22Nou te eksite kòlè Seyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou. 23Le Seyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Seyè a, Bondye nou an. Nou pa t' kwè nan li, nou te derefize tande l'. 24Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye! 25Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou. 26mwen te lapriyè Seyè a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a. 27Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb! Pa gade sou tèt di pèp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fè. 28Mwen pa ta vle pou nan peyi kote ou fè nou soti a moun yo ta di: Wi, Seyè a pa t' ka mennen yo nan peyi li te pwomèt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifè li fè yo soti kite peyi Lejip la pou l' touye yo nan dezè a. 29Men, se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo soti kite peyi Lejip.
Deteronòm 10
1Apre sa, Seyè a te di m': Taye de wòch plat tankou de premye yo. Fè yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan. 2Mwen pral ekri sou wòch yo tou sa mwen te ekri sou wòch plat ou te kraze yo. Lèfini, w'a mete yo nan bwat la. 3Se konsa, mwen fè yon bwat an bwa zakasya, mwen taye de wòch plat tankou de premye yo, epi mwen moute sou mòn lan ak wòch yo nan men m'. 4Seyè a make sou wòch yo dis pawòl li te ekri premye fwa a, dis kòmandman Seyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa li ban mwen yo. 5Mwen desann soti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Seyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a. 6Moun pèp Izrayèl yo kite pi Benèy-Jakan yo, yo pati pou Mosera. Se la Arawon te mouri. Se la tou yo antere l'. Se Eleaza, pitit li a, yo te mete prèt nan plas li. 7Yo kite kote yo te ye a, yo pati pou Goud Goda, epi yo rive Jobata, yon kote ki te gen anpil dlo. 8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a. 9Se poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Seyè a ki tout byen yo, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la. 10Mwen menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mòn lan, jan mwen te fè l' premye fwa a. Fwa sa a ankò, Seyè a koute m', li te dakò pou l' pa detwi nou. 11Lè sa a, li di m' konsa: Leve non. Pati, pran devan pèp la. Mennen yo al pran pou yo peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a. 12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou. 13Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a. 14Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye. 15Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk koulye a. 16Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li, 17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li. 18L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo. 19Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la. 20Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fè sèman. 21N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou. 22Lè zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.
Deteronòm 11
1Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo. 2Se pou nou rekonèt jòdi a tou sa Seyè a te moutre nou. Nou te wè jan li gen pouvwa, jan li gen fòs, jan li gen kouraj. Se nou menm ki te viv tout bagay sa yo, se pa t' pitit nou yo. Yo menm yo pa t' konn anyen, ni yo pa t' wè anyen. 3Seyè a te fè nou wè mirak ak gwo mèvèy li te fè nan mitan peyi Lejip, pou li te fini ak farawon an ansanm ak tout moun nan peyi a. 4Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapouswiv nou an. Seyè a te kraze yo nèt. 5Nou konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la. 6Chonje sa li te fè Datan ak Abiram, pitit Eliyab, moun fanmi Woubenn yo. Tè a te fann, li vale yo tou vivan ansanm ak tout fanmi yo, tout tant yo ak tout moun ki te avèk yo, devan je tout pèp Izrayèl la. 7Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè. 8Se pou nou mache dapre lòd m'ap ban nou jòdi a, pou nou ka vin fò, pou nou ka pran peyi nou pral anvayi a pou nou, 9pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo pou yo menm ak tout ras yo, nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. 10Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an pa yon peyi ki tankou peyi Lejip kote nou soti a, yon peyi kote se nou menm ki te blije simen grenn nan jaden nou, lèfini pou nou te travay di pou nou wouze yo tankou yo wouze jaden legim. 11Non! Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli soti nan syèl wouze tout tan. 12Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a. 13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou, 14m'a voye lapli sou tè nou lè n'a bezwen l', m'a bay lapli nan sezon plante ak nan sezon rekòt pou nou ka gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. 15M'a fè anpil zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou manje. Konsa, n'a jwenn manje pou nou manje plen vant nou. 16Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo. 17Si nou kite sa rive nou, Seyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l' te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Seyè a ban nou an. 18Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo. 19N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay. 20Ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo, 21pou nou ka viv lontan, nou menm ansanm ak tout ras nou yo, nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo toutotan va gen yon syèl anwo tè a. 22Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l', 23Seyè a va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou. 24Tout kote pye nou va pile, se pou nou la ye. N'a gen dezè a pou lizyè sou anba, peyi Liban an sou anwo. N'a gen gwo larivyè Lefrat la yon bò ak lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. 25Pesonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Seyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a. 26Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi. 27Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a. 28Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen. 29Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal. 30Mòn sa yo lòt bò larivyè Jouden, nan direksyon solèy kouche, nan peyi moun Kanaran yo ki rete nan plenn Araba a, anfas Gilga, toupre pye chenn More a. 31Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l'. 32N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
