Jou 357 sou 365

2 Piè 1–3; 1 Jan 1–2

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Piè 1

1Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras. 2M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen. 3Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo. 4Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun. 5Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. 6Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. 7Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun. 8Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Seyè nou an, ye. 9Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo. 10Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe. 11Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an. 12Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo. 13Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou. 14Paske, mwen konnen mwen pa lwen mouri. Se Seyè a menm ki fè m' konn sa. 15Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m' fin ale. 16Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. 17Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil. 18Nou te tande vwa ki te soti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l' sou mòn kote Bondye te pale ak nou an. 19Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou. 20Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. 21Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

2 Piè 2

1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. 2Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. 3Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. 4Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. 5Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. 6Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. 7Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. 8Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. 9Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, 10sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. 11Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye. 12Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt. 13Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt. 14Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon. 15Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. 16Men, yo te kouri dèyè l' pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l' tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou. 17Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou. 18Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo. 19Yo pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li. 20Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an. 21Sa ta pi bon pou li si l' pa t' janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l' lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a. 22Sa ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, li al woule nan labou ankò.

2 Piè 3

1Frè m' yo, sa fè dezyèm lèt m'ap ekri nou. Nan tou de lèt yo mwen te vle fè nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dòmi, pou n' te ka gen bon lide nan tèt nou. 2Se pou n' toujou chonje sa pwofèt Bondye yo te di nou depi lontan. Toujou chonje kòmandman Seyè ki delivrans nou an. Se kòmandman sa yo apòt yo te moutre nou. 3Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. 4Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye. 5Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a. 6Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay. 7Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt. 8Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. 9Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li. 10Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann. 11Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. 12Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. 13Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt. 14Se poutèt sa, frè m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo. 15Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a. 16Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo. 17Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan. 18Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

1 Jan 1

1M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou. 2Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an. 3Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri. 4M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale. 5Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye. 6Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè. 7Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. 8Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou. 9Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. 10Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.

1 Jan 2

1Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. 2Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou. 3Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. 4Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. 5Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: 6Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la. 7Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a. 8Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gen tan ap klere. 9Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou. 10Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche. 11Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg. 12Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri. 13M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. 14M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la. 15Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. 16Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. 17Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. 18Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. 19Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon. 20Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. 21Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a. 22Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. 23Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou. 24Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la. 25Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an. 26M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo. 27Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la. 28Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. 29Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain