Jou 358 sou 365

1 Jan 3–5; 2 Jan; 3 Jan; Jid

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Jan 3

1Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. 2Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a. 3Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l' pou l' pa t' fè sa ki mal. 4Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. 5Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche. 6Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li. 7Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. 8Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. 9Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. 10Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. 11Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. 12Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pa t' bon, men sa frè l' t'ap fè a te dwat devan Bondye. 13Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. 14Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. 15Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. 16Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. 17Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. 18Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè. 19Se konsa n'a konnen nou se moun laverite a. Se konsa n'a santi nan kè nou nou pa gen kè sote devan Bondye. 20Paske, si konsyans nou kondannen nou, nou konnen Bondye pi fò pase konsyans nou, li konn tout bagay. 21Konsa, zanmi m' yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. 22Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi. 23Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. 24Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

1 Jan 4

1Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. 2Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. 3Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. 4Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. 5Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. 6Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a. 7Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. 8Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. 9Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. 10Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. 11Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt. 12Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. 13Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. 14Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. 15Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye. 16Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. 17Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. 18Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman. 19Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. 20Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. 21Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

1 Jan 5

1Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou. 2Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. 3Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa. 4Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. 5Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a. 6Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t' vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm. 7Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. 8Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò. 9Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a. 10Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. 11Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. 12Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. 13M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an. 14Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. 15Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la. 16Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo. 17Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò. 18Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen. 19Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan. 20Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an. 21Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

2 Jan 1

1Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou. 2Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan. 3Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen. 4Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa. 5Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an. 6Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman. 7Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. 8Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. 9Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. 10Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. 11Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo. 12Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt. 13Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.

3 Jan 1

1Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an. 2Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou. 3Mwen pa t' manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m' jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a. 4Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a. 5Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l' byen. 6Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l' la. 7Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye. 8Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a. 9Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a. 10Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la. 11Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye. 12Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite. 13Mwen gen anpil bagay pou m' ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank. 14(14-15) Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m' yo yon bonjou apa pou mwen.

Jid 1

1Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri. 2Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite. 3Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo. 4Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo. 5Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo. 6Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. 7Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. 8Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal. 9Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou. 10Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo. 11Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye. 12Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt. 13Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan. 14Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo. 15L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li. 16Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo. 17Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan. 18Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen. 19Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo. 20Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete. 21Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. 22Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. 23Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. 24Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li. 25Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain