Jou 336 sou 365

1 Korint 14–16

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Korint 14

1Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo. 2Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. 3Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. 4Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. 5Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. 6M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou. 7Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè? 8Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo soti klè, ki sòlda ki pral pare kò l' pou li al goumen? 9Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesaj w'ap bay an langaj la pa klè? Se pou van w'ap pale! 10Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans. 11Men, si m' pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m' lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li. 12Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans. 13Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo. 14Lè m'ap lapriyè nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. 15Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. 16Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? 17Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite. 18Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langaj pase nou tout. 19Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj. 20Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay. 21Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen. 22Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. 23Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? 24Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. 25Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou. 26Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa. 27Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a. 28Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye. 29Pou moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a. 30Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li. 31Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje. 32Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an. 33Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, 34fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. 35Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a. 36Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li? 37Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a. 38Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò. 39Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj. 40Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen.

1 Korint 15

1Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm. 2Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye. 3Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. 4Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou. 5Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l' tou. 6Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou. 7Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l' ankò. 8Apre tout moun sa yo, li te fè m' wè l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm. 9Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a. 10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa. 11Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè. 12Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò? 13Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò. 14Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m' anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè. 15Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve. 16Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò. 17Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo. 18Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou. 19Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè. 20Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò. 21Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. 22Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. 23Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò. 24Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. 25Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li. 26Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. 27Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. 28Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay. 29Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo? 30Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa? 31Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an. 32Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri. 33Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. 34Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm. 35Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen? 36Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan. 37Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm. 38Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo. 39Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò. 40Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a. 41Limyè solèy la gen bèlte pa l', lalin lan gen bèlte pa l', zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo. 42Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. 43Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. 44Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou. 45Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. 46Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. 47Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. 48Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la. 49Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la. 50Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri. 51M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè, 52anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. 53Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. 54Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. 55Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? 56Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li. 57Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an! 58Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.

1 Korint 16

1Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè. 2Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. 3Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon. 4Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen. 5M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan. 6Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a. 7Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle. 8Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt. 9Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen. 10Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a. 11Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo. 12Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab. 13Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb. 14Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou. 15Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a. 16Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou. 17Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen. 18Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo. 19Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a. 20Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye. 21M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout. 22Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non! 23Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou. 24Mwen renmen nou tout nan Jezikri.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain