Jou 335 sou 365
1 Korint 10–13
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Korint 10
1Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la. 2Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm. 3Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a. 4Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm. 5Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. 6Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan. 7Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo. 8Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. 9Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. 10Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. 11Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. 12Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe. 13Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li. 14Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo. 15M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a. 16Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun? 17Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun. 18Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la. 19Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? 20Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. 21Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. 22Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li? 23Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. 24Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou. 25Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble. 26Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'. 27Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble. 28Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse. 29Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè? 30Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa? 31Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. 32Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. 33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
1 Korint 11
1Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la. 2Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou. 3Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la. 4Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la. 5Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale. 6Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou. 7Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. 8Paske, se pa t' avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. 9Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan. 10Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. 11Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. 12Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye. 13Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye? 14Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont. 15Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li. 16Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis. 17Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen. 18Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. 19(Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) 20Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje. 21Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè. 22Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! 23Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen, 24lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. 25Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen. 26Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an. 27Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. 28Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. 29Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. 30Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. 31Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. 32Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo. 33Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt. 34Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.
1 Korint 12
1Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo. 2Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale. 3Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a. 4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. 5Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi. 6Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt. 7Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun. 8Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans. 9Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad. 10Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di. 11Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle. 12Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. 13Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. 14Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. 15Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 16Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 17Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant? 18Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle. 19Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. 20Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. 21Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. 22Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. 23Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. 24Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. 25Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. 26Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. 27Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. 28Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. 29Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. 30Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la. 31Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.
1 Korint 13
1Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen. 2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen. 3Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen. 4Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy. 5Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè. 6Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre. 7Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans. 8renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt. 9Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt. 10Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt. 11Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè. 12Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an. 13Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
