Jou 325 sou 365

Travay 22–23

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Travay 22

1Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen. 2Lè yo tande l' ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: 3Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye. 4Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. 5Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. 6Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m' rete konsa yon gwo limyè soti nan syèl la, li klere tout kote m' te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. 7Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? 8Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. 9Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan. 10Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m' fè, Seyè? Seyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. 11Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas. 12Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil. 13Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. 14Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li. 15Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande. 16Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave. 17Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. 18Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an. 19Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. 20Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo. 21Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo. 22Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò! 23Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè. 24Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa. 25Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal? 26Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi. 27Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi. 28Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. 29Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn. 30Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.

Travay 23

1Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. 2Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt. 3Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan. 4Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a? 5Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal. 6Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou. 7Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan. 8(Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) 9Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. 10Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan. 11Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm. 12Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. 13Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. 14Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. 15Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit. 16Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. 17Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li. 18Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy. 19Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen? 20Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen. 21Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann. 22Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li. 23Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan (200) sòlda, swasanndis kavalye ak desan (200) zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè. 24Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè. 25Epi li ekri lèt sa a: 26Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks. 27Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li. 28Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa. 29Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a. 30Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou. 31Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm. 32Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl. 33Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li. 34Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li: 35Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain