Jou 324 sou 365

Travay 20–21

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Travay 20

1Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan. 2Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès. 3Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lè l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pèlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankò. 4Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi. 5Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas. 6Nou menm, apre fèt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la. 7Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou. 8Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li. 9Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt. 10Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri. 11Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati. 12Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun. 13Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye. 14Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn. 15Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè. 16Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la. 17Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li. 18Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi. 19Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo. 20Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. 21Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi. 22Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a. 23Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen. 24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an. 25Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò. 26Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab. 27Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen. 28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a. 29Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. 30Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. 31Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen. 32Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li. 33Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun. 34Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. 35Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. 36Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè. 37Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou! 38Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l' ankò. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an.

Travay 21

1Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara. 2La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati. 3Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la. 4Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm. 5Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè. 6Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo. 7Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo. 8Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo. 9Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye. 10Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide. 11Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo. 12Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm. 13Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm. 14Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt. 15Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm. 16Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant. 17Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan. 18Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la. 19Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo. 20Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou. 21Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo. 22Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la. 23Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve. 24Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la. 25Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè. 26Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la. 27Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li. 28Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 29(Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.) 30Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan. 31Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba. 32Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl. 33Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè. 34Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan. 35Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè. 36Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li. 37Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk? 38Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a? 39Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la. 40Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain