Jou 323 sou 365

Travay 18–19

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Travay 18

1Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent. 2Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo, 3epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal. 4Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès. 5Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan. 6Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo. 7Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la. 8Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm. 9Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou. 10Mwen la avèk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la. 11Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a. 12Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la, 13epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa. 14Pòl tapral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m' koute nou. 15Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon. 16Epi li mete tout moun deyò nan tribinal la. 17Lè sa a, jwif yo mete men sou Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm. 18Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve. 19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo. 20Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle. 21Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz. 22Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch. 23Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye. 24Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo. 25Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen. 26Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk. 27Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou. 28Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.

Travay 19

1Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. 2Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri. 3Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an. 4Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi. 5Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi. 6Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. 7Te gen douz gason konsa antou. 8Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo. 9Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. 10Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a. 11Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak. 12Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. 13Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti. 14(Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) 15Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? 16Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. 17Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a. 18Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. 19Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou. 20Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li. 21Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou. 22Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi. 23Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a. 24Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil. 25Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. 26Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. 27Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. 28Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès! 29Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la. 30Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l' non. 31Te gen de twa chèf nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye bò kote l', yo mande l' pou l' pa parèt tèt li nan teyat la. 32Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble. 33Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan pèp la. 34Men, lè yo rekonnèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès. 35Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la. 36Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n' mete tèt nou an plas pou n' pa fè anyen san nou pa kalkile byen. 37Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa vòlò yo vòlò nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an. 38Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y' al pote plent. 39Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa. 40Avèk sa ki pase jòdi a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap fè revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dezòd sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa. 41Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain