Jou 312 sou 365
Jan 16–17
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jan 16
1Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. 2Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. 3Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. 4Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. 5Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale? 6Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. 7Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou. 8Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye. 9Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. 10Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò. 11Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja. 12Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a. 13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. 14Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo. 15Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo. 16Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò. 17Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa n'a wè m' ankò? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a? 18Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di. 19Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an? 20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. 21Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè. 22Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. 23Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li. 24Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale. 25Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m'ap pale nou kareman sou Papa a. 26Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou, 27paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a. 28Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a. 29Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl. 30Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye. 31Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a? 32Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen. 33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
Jan 17
1Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. 2Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. 3Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. 4Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. 5Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay. 6Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. 7Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti. 8Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre. 9M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. 11Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. 12Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. 13Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. 14Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. 15Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. 16Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. 17Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a. 18Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan. 19Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a. 20Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. 21M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. 22Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou: 23mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan. 24Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. 25O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. 26Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
