Jou 313 sou 365
Jan 18–19
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jan 18
1Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. 2Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. 3Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen. 4Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache? 5Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo. 6Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. 7Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la. 8Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo. 9Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi. 10Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.) 11Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a? 12Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. 13Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. 14Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! 15Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. 16Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. 17Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 18Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou. 19Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo. 20Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. 21Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di. 22Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la? 23Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen? 24Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la. 25Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 26Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li? 27Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante. 28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. 29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè? 30Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou. 31Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn. 32Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre. 33Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye? 34Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa? 35Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? 36Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. 37Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. 38Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a. 39Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou? 40Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.
Jan 19
1Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat. 2Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. 3Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li. 4Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a. 5Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan! 6Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm. 7Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye. 8Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. 9Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li. 10Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa? 11Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou. 12Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye. 13Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata). 14Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an. 15Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza. 16Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale. 17Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota). 18Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo. 19Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. 20Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. 21Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. 22Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt. 23Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. 24Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè. 25Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. 26Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou. 27Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li. 28Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf. 29Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi. 30Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri. 31Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo. 32Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. 33Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo. 34Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. 35Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè. 36Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li. 37Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a. 38Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale. 39Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil. 40Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. 41Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li. 42Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
