Jou 290 sou 365
Mak 10–11
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Mak 10
1Jezi kite kote l' te ye a; li ale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l'; li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l' te toujou konn fè a. 2Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? 3Li reponn yo: -Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? 4Yo di l': -Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l' kite avèk li. 5Lè sa a, Jezi di yo: -Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. 6Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. 7Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li. 8Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. 9Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. 10Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l' keksyon ankò sou bagay sa a. 11Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. 12Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l' pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè. 13Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. 14Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. 15Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a. 16Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo. 17Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? 18Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. 19Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou. 20Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te ti katkat. 21Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. 22Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen. 23Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. 24Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. 25L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. 26Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? 27Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. 28Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. 29Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la, 30moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 31Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan. 32Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li. 33Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. 34Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò. 35Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kot Jezi, yo di l' konsa: -Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. 36Li di yo: -Kisa nou ta vle m' fè pou nou? 37Yo di li: -Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè wa nan tout bèl pouvwa ou. 38Jezi reponn yo: -Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? 39Yo di li: -Nou kapab. Jezi reponn yo: -Se vre. n'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. 40Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. 41Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou Jak ak Jan. 42Jezi rele yo, li di yo konsa: -Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav; grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. 43Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. 44Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. 45Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun. 46Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time. 47Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. 48Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen. 49Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou. 50Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi. 51Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò. 52Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.
Mak 11
1Yo t'ap pwoche bò Jerizalèm, bò bouk Betfaje ak Betani, yo te rive sou mòn Oliv l'a. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. 2Li di yo: -Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pesonn poko janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen. 3Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt la ki bezwen li. L'ap voye ti bourik la tounen touswit. 4Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li. 5Kèk moun ki te la di yo konsa: -Sa n'ap fè la a? Pouki n'ap lage ti bourik la? 6Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale. 7Yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo mete rad sou do li, epi Jezi moute chita. 8Anpil moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete atè nan chemen an. 9Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. 10Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! 11Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l' sou tout bagay. Apre sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta. 12Nan denmen, antan yo t'ap soti Betani, Jezi te grangou. 13Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. li al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l', se fèy ase li jwenn, paske se pa t' sezon fig frans. 14Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l' te di a. 15Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. 16Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. 17Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò. 18Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l'; paske yo te vin pè l', lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo. 19Lè solèy fin kouche, Jezi soti kite lavil la ansanm ak disip li yo. 20Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen. 21Pyè vin chonje sak te pase. Li di Jezi konsa: -Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi. 22Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. 23Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. 24Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre. 25Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. 26Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou. 27Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li. 28Yo di l' konsa: -Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo? 29Jezi reponn yo: -Mwen pral poze nou yon sèl keksyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. 30Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non. 31Men, yonn t'ap di lòt konsa: -Si nou reponn: Se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li. 32Si nou reponn: Se moun ki voye l'... oum! Yo te pè pèp la, paske tout moun sa yo te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. 33Lè sa a yo reponn Jezi: -Nou pa konnen. Jezi di yo: -Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
