Jou 289 sou 365
Mak 8–9
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Mak 8
1Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa: 2-Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote. 3Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen. 4Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo? 5Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen. 6Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen. 7Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo. 8Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. 9Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale. 10Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, li ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta. 11Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a. 12Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak. 13Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannòt la; li pati pou lòt bò lanmè a. 14Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la. 15Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la. 16Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa. 17Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa? 18Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye? 19Lè m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen. 20Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen. 21Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou? 22Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li. 23Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy? 24Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa. 25Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè. 26Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la. 27Jezi pati apre sa avèk disip li yo; li ale nan tout bouk ki te nan rejyon Sezare Filip la. Antan yo t'ap mache, li poze yo keksyon sa a: -Ki moun yo di mwen ye en? 28Yo reponn li: -Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli; gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo. 29Li mande yo ankò: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: -Ou se Kris la. 30Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa. 31Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo. 32Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non. 33Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle. 34Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen. 35Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. 36Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? 37Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi? 38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Mak 9
1Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa. 2Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo; 3rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. 4Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi. 5Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: -Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. N'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. 6Li pa t' konnen sa pou l' te di tèlman yo te pè. 7Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li. 8Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agoch, men yo pa wè pesonn pase Jezi ki te pou kont li avèk yo. 9Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: -Pa di pesonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan pami mò yo. 10Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: -Sa sa vle di menm: leve soti vivan pami mò yo? 11Twa disip yo poze l' keksyon sa a: -Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan. 12Li reponn yo: -Se vre wi. Eli gen pou l' vin anvan pou l' mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' soufri anpil, yo p'ap manke pase l' nan betiz? 13Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle ave l', jan sa te ekri sou li a. 14Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo. 15Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l' bonjou. 16Li mande disip li yo: -Sa n'ap diskite konsa? 17Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè. 18Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab. 19Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen. 20Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. 21Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi. 22Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! 23Jezi di li: -Si m' kapab menm! ...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. 24Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou. 25Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò. 26Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi. 27Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe. 28Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l' apa, epi yo di li: -Poukisa nou pa t' kapab chase lespri sa a? 29Li di yo: -Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa a soti. 30Yo soti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pa t' vle moun konnen kote li te ye, 31paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò. 32Men, disip yo pa t' konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l' keksyon. 33Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an? 34Pesonn pa louvri bouch yo reponn, paske nan chemen an, yo t'ap diskite pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg. 35Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun. 36Epi li pran yon timoun piti, li mete l' nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l', li di yo konsa: 37-Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa. 38Jan di l' konsa: -Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou. 39Jezi reponn li: -Kite l' non. Paske yon moun ki pran non m' pou fè mirak pa kapab pale m' mal apre sa. 40Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye. 41Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gen dwa pèdi rekonpans li. 42Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè. 43Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. 44Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. 45Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. 46Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. 47Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. 48La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. 49Paske, tout moun ap sale ak dife. 50Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l', ak kisa poun sale l' ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
