Jou 256 sou 365

Danyèl 9–12

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Danyèl 9

1Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t'ap mache sou ennan depi li t'ap gouvènen peyi Babilòn. 2Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l' rete kraze a, jan Seyè a te di l' nan bouch pwofèt Jeremi an. 3Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife. 4Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. 5Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè. 6Nou pa t' koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an. 7Ou menm, Seyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pa t' kenbe pawòl nou avè ou. 8Wi, Seyè, se yon wont pou nou tout, wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo, paske nou te fè sa ki mal devan ou. 9Ou menm Seyè, Bondye nou, ou gen bon kè, ou konn padonnen paske nou menm nou te vire do ba ou. 10Nou pa t' koute ou, Seyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo. 11Tout pèp Izrayèl la nèt pa t' swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou. 12Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki patko janm rive sou latè. 13Jan sa te ekri nan liv lalwa Moyiz la, tout malè sa a tonbe sou nou. Men, menm apre sa, nou pa t' chache fè ou plezi, Seyè Bondye nou. Nou pa t' sispann fè sa ki mal pou nou te swiv verite ou la. 14Wi, Seyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou. 15Koulye a, Seyè Bondye nou, ou te fè pèp ou a soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y'ap nonmen non ou pou sa. Men, nou menm nou peche, nou fè sa ki mal. 16Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè. 17O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye. 18O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil. 19Seyè, koute nou non! Seyè, padonnen nou! Seyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè. 20Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a. 21Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a. 22Li vini, li pale avè m'. Li di m' konsa: -Danyèl, koulye a mwen vin la a pou m' ede ou konprann mesaj la. 23Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen. 24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò. 25Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray. 26Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la. 27Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.

Danyèl 10

1Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la. 2Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. 3Mwen pa t' manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t' mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t' pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo. 4Sou vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la. 5Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'. 6Kò l' te klere tankou yon wòch poli. Figi l' te tankou zèklè. Je l' yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l' ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l' pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm. 7Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache. 8Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen. 9Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans. 10Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou. 11Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou. 12Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. 13Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. 14Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo. 15Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen. 16Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere! 17Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen. 18Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m' ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m' refè. 19Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non! 20Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. 21Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Danyèl 11

1Mwen menm tou mwen te kanpe ak li pou ede l', pou soutni l' nan premye lanne rèy wa Dariyis la. 2Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la. 3Lè sa a, yon wa vanyan gason va parèt. Li pral gouvènen yon gwo gwo peyi. Epi l'ap fè sa li vle. 4Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an. 5Wa peyi Lejip la pral vin fò anpil. Men, yonn nan jeneral lame li yo pral pi fò pase l'. Li pral gouvènen yon peyi ki pi gran pase pa l' la toujou. 6Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l', ni pitit li, ni moun li te mennen avè l' lè sa a. 7Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l' yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l'. L'ap soti pi fò pase l'. 8L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a. 9Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li. 10Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo. 11Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye. 12L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li. 13Wa peyi Siri a ap tounen ankò, l'ap sanble yon lame pi gwo pase sa l' te gen anvan an. Apre kèk lanne, l'ap parèt ak yon gwo lame ak anpil zam. 14Lè sa a, anpil pèp pral leve kont wa peyi Lejip la. Danyèl, jan ou te wè l' nan vizyon an, kèk lwijanboje nan moun peyi ou la pral leve kont wa a tou, men y'ap kraze yo. 15Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l'. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l'. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe. 16Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'. 17Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache. 18Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò. 19Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l' yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l', y'ap fini nèt avè l', l'ap disparèt. 20Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè. 21Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a. 22Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a. 23L'ap siyen kontra ak lòt nasyon yo, men se pou l' ka twonpe yo pi byen. Atout peyi l' la tou piti, chak jou l'ap vin pi fò. 24San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa. 25L'ap leve, l'ap pare yon gwo lame pou l' atake peyi Lejip. Wa Lejip la menm ap pare yon gwo lame tou ak anpil zam pou koresponn ak li. Men, l'ap pèdi batay la paske y'ap fè move konplo sou do l'. 26Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l' yo ap fè yo fini avè l'. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a. 27Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive. 28Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'. 29Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a. 30Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a. 31L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. 32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'. 33Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo. 34Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo. 35Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a. 36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt. 37Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout. 38Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li. 39Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans. 40Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann. 41L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'. 42Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape. 43L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li. 44Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri soti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun. 45L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.

Danyèl 12

1Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. 2Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. 3Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. 4Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè. 5Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. 6Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive? 7Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive. 8Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm? 9Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. 10Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann. 11Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (01290) jou ki gen pou pase. 12Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (01.335) jou sa yo va fin pase! 13Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain