Jou 255 sou 365
Danyèl 6–8
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Danyèl 6
1Dariyis deside chwazi sanven (0120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. 2Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. 3Danyèl sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l' reskonsab tout peyi a. 4Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li. 5Lè sa a yonn di lòt: -Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l' la. 6Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! 7Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo. 8Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'. 9Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la. 10Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. 11Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la. 12Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje. 13Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'! 14Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl. 15Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini. 16Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! 17Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl. 18Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'. 19Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. 20Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? 21Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! 22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? 23Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'. 24Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo. 25Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze! 26Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini. 27Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'! 28Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.
Danyèl 7
1Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a: 2-Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a. 3Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt. 4Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun. 5Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab. 6Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay. 7Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn. 8Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. 9Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. 10Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo. 11Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt. 12Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò. 13Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. 14Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini. 15Mwen menm Danyèl, lè m' wè tout bagay sa yo, tèt mwen te boulvèse. Vizyon yo te fè m' pè anpil. 16Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande l' pou l' fè m' konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike m' yo. 17Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè. 18Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan. 19Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'. 20Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo. 21Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li. 22Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo. 23Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo. 24Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo. 25L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. 26Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò. 27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li. 28Se tou sa li te rakonte m'. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m'.
Danyèl 8
1Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t'ap mache sou twazan depi li te wa. 2Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi. 3Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a. 4Mwen wè belye mouton an t'ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l'. Ni pa t' gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t'ap fè sa l' pito. Chak lè, li t'ap vin pi awogan. 5Antan mwen t'ap chache konprann sa sa te vle di, mwen wè yon bouk kabrit k'ap kouri vin soti bò solèy kouche. Li t'ap kouri sitèlman vit, pye l' pa t' touche tè. Li te gen yon sèl gwo kòn nan mitan de je l' yo. 6Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs. 7Mwen wè l' atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l', li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t' gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l' atè, li pilonnen l' anba pye l'. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la. 8Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t'ap pwente nan direksyon kat gwo van yo. 9Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo. 10Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'. 11Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a. 12Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè. 13Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo? 14Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant (01150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò. 15Mwen t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m'. 16Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non! 17Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè. 18Pandan li t'ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m' men, li fè m' kanpe sou pye m' ankò. 19Epi li di: -M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive. 20Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès. 21Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a. 22Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò. 23Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun. 24L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a. 25L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen. 26Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre. 27Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
