Jou 251 sou 365

Ezekyèl 44–46

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezekyèl 44

1Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou bò solèy leve a. Pòtay la te fèmen. 2Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen. 3Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou. 4Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas. 5Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan. 6Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo. 7Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi. 8Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan. 9Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen di: Ankenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la. 10Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a. 11Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la. 12Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a. 13Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a. 14M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan. 15Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. 16Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. 17Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo. 18Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fin blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fin blan san sentiwon. 19Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la. 20Prèt yo pa gen dwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo. 21Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an. 22Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo. 23Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. 24Lè yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m' yo, yo pa gen dwa fè ankenn travay. 25Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye. 26Apre l'a fin fè sèvis pou mete l' nan kondisyon ankò pou sèvi m', se pou l' tann sèt jou. 27Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 28Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo. 29Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye. 30Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou. 31Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.

Ezekyèl 45

1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a. 2Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant (0840) pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an. 3N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a. 4Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan. 5Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete. 6Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete. 7Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 8Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la. 9Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa. 10Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou. 11Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat. 12Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina. 13Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. 14Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò. 15Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (0200) mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a. 16Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 17Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la. 18Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 19Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. 20Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 21Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven. 22Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la. 23Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo. 24Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv. 25Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.

Ezekyèl 46

1Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan. 2Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè. 3Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la. 4Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a. 5Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv. 6Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite. 7Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri. 8Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou. 9Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la. 10Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo. 11Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden. 12Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la. 13Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou. 14Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje. 15Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a. 16Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li. 17Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan. 18Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li. 19Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo. 20Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la. 21Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen. 22Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè. 23Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a. 24Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain